2021
Bondye Di Nou pou Nou Batize
Fevriye 2021


“Bondye Di Nou pou Nou Batize,” Liahona, Fevriye 2021

Mesaj Mansyèl Liahona, Fevriye 2021

Bondye Di Nou pou Nou Batize

Jezikri te bay egzanp kote se yon moun ki gen otorite Bondye ki te batize li.

Menmsi nou pa gen anpil detay sou lavi pèsonèl Jezikri, nou konnen ke Li te batize lè L te gen anviwon laj 30 tan (gade nan Lik 3:23). Men kèk bagay nou aprann osijè batèm apati egzanp Li a.

Pou Chak Moun

Si nou ase gran e si nou gen ase matirite pou nou fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal, Pè Selès la vle pou nou batize (gade nan Doktrin ak Alyans 18:42). Jezi te pafè, men kanmenm Li te chwazi batize pou L te suiv kòmandman Bondye yo (gade nan Matye 3:13–17; 2 Nefi 31:7). Menm moun ki mouri deja yo ka aksepte batèm. Nou ofri yo sa lè nou batize pou yo nan tanp. (Gade nan Doktrin ak Alyans 128:15–18.)

Imaj
batèm

Ki fèt ak Otorite

Se pa yon moun kèlkonk ki te batize Jezi. Li te ale espesyalman kote kouzen Li, Jan, ki te gen otorite prètriz li te resevwa nan men Bondye. Lè Jezi te fin mouri e apre yo te touye disip Li yo, tè a te pèdi otorite prètriz sa a. Apresa, nan lane 1829, Jan Batis te parèt devan Joseph Smith epi li te ba li otorite pou l te batize moun nan non Bondye. Gras ak retablisman sa a, nou ka batize avèk menm otorite sa a jounen jodiya.

Imaj
retablisman Prètriz Aawon an

Yon Pwomès Resipwòk

Batèm enkli yon pwomès oswa yon alyans resipwòk ant noumenm ak Bondye. Nou pwomèt:

  1. Pou nou pran non Kris la sou tèt nou.

  2. Pou nou toujou sonje Li.

  3. Pou nou kenbe kòmandman L yo.

Anretou, Bondye pwomèt ke Lespri Li ap toujou avèk nou. Pawòl ki nan priyè sentsèn yo fè nou sonje alyans sa a chak semèn. (Gade nan Doktrin ak Alyans 20:77, 79.)

Imaj
fanmi ki nan reyinyon sentsèn

Resevwa Sentespri a se yon Pati Enpòtan nan Batèm

Lè Jezi te fin batize, Sentespri a te parèt sou fòm yon kolonb (gade nan 2 Nefi 31:8). Jounen jodiya, lè moun fin batize, yo konfime. Sa vle di yo resevwa yon benediksyon espesyal kote yo envite yo pou yo resevwa don pirifikasyon espirityèl Sentespri a (gade nan 2 Nefi 31:17). Sentespri a ka avèti nou de danje, konsole nou, gide nou pou nou pran bon desizyon ak ede nou santi lanmou Bondye (gade nan Doktrin ak Alyans 39:6).

Imaj
yon fi k ap konfime

Nou Ka Toujou Repanti

Bondye te konnen ke nou t ap fè erè. Malgre tout efò nou, nou t ap fè peche e nou pa t ap respekte pwomès batèm nou yo. Konsa, Li bay nou chak yon chans pou nou repanti. (Gade nan Doktrin ak Alyans 18:13.) Chak jou, nou ka fè tout sa ki posib pou nou mande padon e korije tout sa ki mal. Nou ka priye ak mande pou nou jwenn padon Bondye. Apresa, lè nou pran sentsèn nan avèk yon kè ki enb, nou ka genyen Sentespri a avèk nou (gade nan 3 Nefi 18:11).

Imaj
yon fi k ap priye nan kabann li

Kisa Ekriti yo Anseye sou Batèm?

Paran yo dwe ede timoun yo prepare yo pou yo resevwa batèm (gade nan Doktrin ak Alyans 68:25).

Timoun ki pi piti pase uitan pa bezwen batize (gade nan Mowoni –12).

Lè nou batize, nou pwomèt pou nou “kriye ak moun k ap kriye yo; … konsole moun ki bezwen konsolasyon, e pou nou sèvi kòm temwen Bondye tout tan, nan tout bagay e tout kote” (Mozya 18:9).

Enprime