2021
Jezikri Mande Nou pou Nou Pran Sentsèn
Mas 2021


“Jezikri Mande Nou pou Nou Pran Sentsèn,” Liahona, Mas 2021

Mesaj Mansyèl Liahona, Mas 2021

Jezikri Mande Nou pou Nou Pran Sentsèn

Lè nou sonje Sovè nou an chak semèn, nou pirifye epi nou geri.

Imaj
Dènye Repa a

Dènye Repa a, pa Carl Heinrich Bloch

Anvan Li te mouri, Jezikri te manje yon dènye manje yo rele Dènye Repa a. Nan fen repa sa a, Li te entwodui sentsèn bay moun ki t ap suiv Li yo. Li te kase pen an epi li te beni li. Li te di yo “Se pou nou fè sa pou nou ka toujou sonje mwen,” (Lik 22:19). Apresa Li te beni epi pataje yon gode diven.

Imaj
fanmi k ap resevwa sentsèn

Yon Pati nan Adorasyon Chak Semèn

Lè Legliz Jezikri a te retabli sou tè a, sentsèn nan te vin yon pati nan adorasyon chak semèn nan. Pandan reyinyon sentsèn legliz la, moun ki gen prètriz beni sentsèn nan epi yo distribye li. Yo priye avèk pawòl ki nan ekriti yo (gade Mowoni 4; 5). Apresa chak moun nan kongregasyon an manje pen an epi bwè dlo a pou yo ka sonje Jezikri ak sakrifis Li pou nou an, jan Li mande pou nou fè sa a.

Imaj
yon jèn fi k ap priye

Se Angela Suitter ki fè foto a

Preparasyon pou Patisipe

Pou nou prepare pou n pran sentsèn nan, nou ta dwe reflechi avèk onètete sou lavi nou ak chwa nou yo. Nou ta dwe repanti pou erè ak peche nou te fè nan semèn ki pase a, epi mande Bondye pou L padone ou. Nou pa bezwen pafè pou nou pran sentsèn nan, men kè nou ta dwe enb.

Imaj
Priyè nan Jetsemani

Priyè nan Jetsemani, pa Del Parson

Plis Pase Pen ak Dlo

Pran sentsèn se yon moman ki sen ak sakre. Priyè sentsèn yo raple nou ke, pandan n ap pran pen ak dlo a, n ap sonje kò Jezikri ak san L Li te bay pou nou an. Nou pwomèt pou nou suiv Li epi mennen yon lavi kretyen. Nou pwomèt pou nou eseye respekte kòmandman Bondye yo. An retou, Sentespri a ap ba nou rekonfò, gide nou epi geri nou.

Imaj
batèm

Renouvèlman Alyans

Lè sila nan pami nou ki batize yo pran sentsèn avèk yon kè ki pi, nou renouvle alyans nou te fè nan batèm nan. Sa gen ladan l resevwa Sentespri a epi pwòpte anba peche kòmsi nou te batize ankò. Se espwa ak mizèrikòd sa a Jezi ofri chak nan nou. Li pa janm twò ta pou nou repanti ak jwenn padon.

Imaj
Jezikri ap entwodui sentsèn bay Nefit yo

Pou Nou Toujou Sonje Mwen, pa Gary L. Kapp, pa gen dwa kopye

Kisa Ekriti yo Anseye sou Sentsèn?

Nou ta dwe egzamine tèt nou espirityèlman, pandan n ap gade andedan nou avèk onètete, anvan nou pran sentsèn nan (gade 1 Korentyen 11:28).

Apre Li te Resisite, Jezi te montre pèp Li a nan Amerik la kijan pou yo te pran sentsèn (gade 3 Nefi 18).

Pwofèt modèn yo di nou pou nou itilize pen ak dlo pou sentsèn, men sa nou manje oswa bwè a pa vrèman enpòtan (gade Doktrin ak Alyans 27:2). Kèk fwa moun ki gen alèji yo oblije itilize yon lòt bagay nan plas pen an.

Dènye Repa a, pa Carl Heinrich Bloch; foto yon jènfi k ap priye pa Angela Suitter; Priyè nan Jetsemani, pa Del Parson; Pou Nou Toujou Sonje Mwen, pa Gary L. Kapp, pa gen dwa kopye

Enprime