2021
Mwen Renmen Wè Tanp lan
Me 2021


“Mwen renmen wè tanp lan,” Pou Fòs Jèn yo, Me 2021.

Sesyon Samdi Maten

Mwen Renmen Wè Tanp lan

Ekstrè

Imaj
tanp

M konnen ke tanp Senyè yo se andwa sakre. Objektif mwen jodia nan pale de tanp se pou ogmante dezi nou ak dezi pa m pou nou diy epi pare pou plis opòtinite pou eksperyans tanp k ap vini pou nou yo. …

Si oumenm oubyen mwenmenm ta ale nan tanp san nou pa diy ase, nou pa p ka wè ansèyman spirityèl konsènan Sovè a ke nou resevwa nan tanp lan pa pouvwa Sentespri a.

Lè nou diy pou nou resevwa ansèyman sa yo, ap gen esperans, lajwa, ak optimis pandan tout lavi nou atravè eksperyans tanp nou yo. Esperans, lajwa, ak optimism sa a disponib sèlman atravè aksepte òdonans ki fèt nan tanp sakre yo. Se nan tanp lan nou ka resevwa asirans koneksyon familyal plen lanmou k ap kontinye apre lanmò epi k ap dire pou letènite.

E nou konnen ke bonè etènèl nou depann de pi bon efò nou pou nou ofri menm lajwa dirab sa a bay otan de zansèt nou ke nou kapab.

M santi menm dezi sa a pou m gen siksè nan envite manm fanmi m ki vivan yo pou yo gen dezi pou yo vin diy pou yo ka resevwa ak onore òdonans sèlman tanp yo. Sa fè pati pwomès rasanbleman Izrayèl yo te pwomèt k ap fèt nan dènye jou yo sou toude bò vwal la.

Imaj
Renovasyon Tanp Salt Lake la

Enprime