2021
Prètriz la se Pouvwa Bondye
Out 2021


“Prètriz la se Pouvwa Bondye,” Liahona, Out 2021

Mesaj Mansyèl Liahona, Out 2021

Prètriz la se Pouvwa Bondye

Bondye beni nou atravè pouvwa prètriz la. Benediksyon prètriz yo disponib pou tout moun.

Prètriz la se pouvwa Bondye. Li itilize pouvwa sa a pou L beni tout pitit Li yo ak ede yo retounen al viv avèk Li. Bondye bay pitit Li yo ki sou tè a pouvwa prètriz la. Avèk pouvwa sa a, dirijan prètriz yo ka dirije Legliz la, epi detantè prètriz yo ka akonpli òdonans sakre, tankou batèm, ki ede nou vin pi pre Bondye. Chak gason ak fi ki resevwa òdonans prètriz yo an tout diyite e ki respekte alyans yo (pwomès sakre yo) gen aksè a pouvwa Bondye.

Imaj
sentsèn

Bondye te bay Joseph Smith Pouvwa Prètriz la

Lè Jezikri te sou tè a, Li te dirije Legliz Li a avèk pouvwa Prètriz la. Li te bay Apot Li yo pouvwa sa a tou. Kèk syèk apre L te fin mouri, anpil manm te pran distans yo avèk Legliz la. Yo te trè mal chanje levanjil la ak fason Legliz la te fonksyone. Prètriz Bondye a pat egziste sou tè a ankò. Nan lane 1829, Jezi te voye Jan Batis ak Apot Pyè, Jak ak Jan bay Joseph Smith prètriz la. Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo se sèl òganizasyon sou latè ki gen otorite sa a ki soti nan Bondye.

Imaj
retablisman Prètriz Mèlkisedèk la

The Voice of Peter, James, and John [Vwa Pyè, Jak ak Jan], tablo Linda Curley Christensen ak Michael T. Malm ekri

Kle Prètriz yo

Kle prètriz yo se otorite pou dirije itilizasyon prètriz la, tankou bay pèmisyon pou fè òdonans. Se Jezikri ki gen tout kle prètriz yo. Prezidan Legliz la se sèl moun sou latè ki ka itilize kle prètriz yo pou dirije Legliz la annantye. Sou direksyon li, lòt moun ka itilize sèten kle pou yo fè travay Bondye a. Dirijan tankou evèk ak prezidan pieu yo itilize kle prètriz yo pou yo dirije nan pawas yo ak pieu yo. Etandone apèl pou sèvi yo soti nan dirijan ki gen kle prètriz yo, gason ak fi ki ap sèvi nan apèl sa yo egzèse otorite prètriz la lè y ap fè devwa apèl yo.

Prètriz Mèlkizedèk ak Prètriz Aawon

Prètriz la gen de pati: Prètriz Mèlkizedèk la ak Prètriz Aawon an. Atravè Prètriz Mèlkizedèk la, dirijan Legliz yo dirije tout travay espirityèl Legliz la, tankou travay misyonè ak travay tanp. Prètriz Aawon an fonksyone anba otorite Prètriz Mèlkizedèk la. Yo itilize li pou fè òdonans tankou batèm ak sentsèn.

Imaj
batèm

Benediksyon Prètriz yo

Atravè alyans ak òdonans yo, Bondye rann benediksyon prètriz yo disponib pou tout pitit Li yo. Benediksyon sa yo enkli batèm, don Sentespri a, sentsèn ak òdonans tanp yo. Gason ak fi ki dote nan tanp yo resevwa yon don pouvwa prètriz Bondye a atravè alyans yo fè yo. Nou ka resevwa benediksyon prètriz pou gerizon, rekonfò ak direksyon tou.

Imaj
moun ki fenk marye nan tanp

Kisa Ekriti yo Di konsènan Prètriz la?

Menm prètriz ki te egziste nan tan ansyen yo se menm limenm nan ki egziste jounen jodiya (gade Moyiz 6:7).

Kle prètriz yo ede nou asire ke nou akonpli travay Senyè a nan fason Li te òdone l la (gade Doktrin ak Alyans 42:11).

Gason ki detni prètriz la ka itilize l “sèlman selon prensip lajistis yo” (Doktrin ak Alyans 121:36).

Nan Doktrin ak Alyans 20:38–67, yo dekri kèk nan responsablite moun ki detni prètriz yo genyen.

Enprime