2021
Konferans Jeneral: Yon Reyinyon Legliz la Toupatou nan Lemonn
Septanm 2021


“Konferans Jeneral: Yon Reyinyon Legliz la Toupatou nan Lemonn,” Liahona, Septanm 2021

Mesaj Mansyèl Liahona, Septanm 2021

Konferans Jeneral: Yon Reyinyon Legliz la Toupatou nan Lemonn

Nou tande pwofèt yo ak lòt dirijan Legliz la pandan konferans jeneral la. Yo anseye nou kisa Bondye vle nou tande.

Imaj
lakou Sant Konferans lan

Chak mwa Avril ak Oktòb, Legliz la fè yon seri reyinyon ki rele konferans jeneral. Dirijan yo anseye ak temwaye sou Jezikri ak levanjil Li a. Konferans jeneral la fèt nan Salt Lake City, Utah, USA epi li difize nan lemonn antye nan plis pase 80 lang. Yo envite tout manm yo ak nenpòt lòt moun ki enterese vin tande diskou yo.

Imaj
Andedan Sant Konferans lan

Premye Konferans Legliz la

Yo te òganize Legliz la ofisyèlman pandan yon reyinon nan dat 6 Avril 1830 (gade Doktrin ak Alyans 20). Yo te fè premye konferans jeneral la nan dat 9 Jen 1830. Depi lè sa a, konferans jeneral te toujou fèt sou direksyon Prezidan Legliz la kèlkeswa kote manm yo te ka rasanble. Nan lane 1840 yo, dirijan yo te kòmanse fè konferans de fwa pa ane.

Imaj
Prezidan Nelson ki sou chè a

Kijan yo Òganize Konferans yo Jounen Jodiya

Premye Prezidans lan, Kolèj Douz Apot yo, ak lòt dirijan Legliz la pale pandan konferans jeneral. Koral Tabènak nan Tanp Square la ak lòt Koral Legliz la prezante mizik yo. Chak konferans gen senk sesyon: twa nan Samdi ak de nan Dimanch. Nan mwa Avril, twazyèm sesyon jou Dimanch lan se pou manm kowòm Prètriz Aawon ak Mèlkisedèk yo. Nan mwa Oktòb, li se pou manm Sosyete Sekou ak Jènfi yo.

Ansèyman Dirijan yo

Nan mwa avan konferans yo, dirijan Legliz yo priye sou sa pou yo anseye. Senyè a enspire yo pou yo konnen kisa pou yo di. Yo anseye verite ki gen nan levanjil yo e yo envite nou respekte kòmandman Bondye yo. Yo temwaye de Jezikri ak ankouraje nou pou nou suiv Li tou.

Sa w aprann nan Konferans lan

Avan konferans jeneral la, nou ka priye pou nou tande kisa Senyè a vle nou aprann. Etan n ap tande diskou yo, Sentespri a ap aprann nou sa nou bezwen konnen. Apre konferans lan, yo mete diskou yo sou ChurchofJesusChrist.org, nan aplikasyon Gospel Library a, ak nan Liahona. Nou ka etidye diskou yo nan lapriyè pou nou aprann plis sou Jezikri ak levanjil Li a.

Nan Ekriti yo

Jezikri te aprann nou ke nou dwe reyinie ansanm pi souvan (gade 3 Nefi 18:22).

Lè manm Legliz yo adore ansanm, Senyè a ap avèk yo (gade Matye 18:20).

Senyè a te kòmande manm Legliz yo pou yo “enstwi epi edifye youn lòt” (Doktrin ak Alyans 43:8).

Amezi manm Legliz yo montre lafwa nan Kris la, Lespri Li ap avèk yo lè yo reyini (gade Doktrin ak Alyans 44:2).

Enprime