2021
Travay Tanp
Oktòb 2021


“Travay Tanp,” Liahona, Oktòb 2021

Mesaj Mansyèl Liahona Oktòb 2021

Travay Tanp

Tanp yo se kay Senyè a. Nou kapab resevwa òdonans ak fè alyans avèk Li nan tanp yo. Nou kapab fè òdonans nan tanp lan pou zansèt nou yo tou.

Imaj
tanp

Foto Tanp Barranquilla a nan Colombie pa Bruno Lima

Atravè listwa, Senyè a te toujou kòmande pèp Li pou l konstwi tanp. Tanp se andwa sakre kote nou kapab santi lanmou Bondye, resevwa òdonans ak fè pwomès avèk Li. Legliz la ap bati tanp toupatou nan mond lan pou plis moun kapab gen benediksyon sa yo.

Imaj
yon fi ki devan yon tanp

Foto yon fi ki devan Tanp Oquirrh Mountain nan, nan Utah, pa Nexeo ak Matthew Reier

Dotasyon an

Manm legliz k ap viv dwat yo ale nan tanp pou yo ka resevwa òdonans ak fè alyans, oswa pwomès, avèk Bondye. Youn nan òdonans nou resevwa nan tanp lan se dotasyon an. Mo dotasyon an vle di “yon kado.” Dotasyon tanp lan se yon kado ki soti nan Bondye. Nan òdonans sa a, nou aprann sou plan Papa nou ki nan syèl la pou sali nou, epi nou fè alyans pou nou kenbe kòmannman Bondye yo. Si nou fidèl anvè alyans nou fè yo, Bondye ap beni nou.

Imaj
yon koup ki devan yon tanp

Foto yon koup k ap mache bò kote Tanp Manila a nan Philippines, pa Cristina Smith

Sele Fanmi Ansanm

Yon maryaj nan tanp rele yon sèlman tou. Lè yon koup sele nan tanp epi yo kenbe alyans yo, y ap marye pou tout tan. Si yo gen pitit, pitit sa yo ap sele avèk yo tou. Paran ki sele apre yo te fin gen pitit yo kapab sele pitit yo avèk yo. Si yo viv dwat, y ap yon fanmi atravè tou letènite.

Imaj
Sal batèm Tanp Lisbòn nan, nan Pòtigal

Foto Sal Batèm Tanp Lisbòn nan, nan Pòtigal, pa Leslie Nilsson

Travay Tanp pou tout Pitit Bondye yo

Nou fè travay istwa familyal pou chèche konnen sou zansèt nou yo. Apresa nou fè travay tanp nan non yo. Nou fè tout òdonans ke moun ki vivan yo bezwen pou yo: batèm, konfimasyon, resevwa prètriz la (pou gason), dotasyon ak sèlman. Lè sa a, yo kapab chwazi si yo vle asepte òdonans sa yo. Nan fason sa a, tout pitit Bondye yo kapab jwi benediksyon levanjil yo.

Imaj
yon fanmi ki devan yon tanp

Foto yon fanmi ki devan Tanp Philadelphie a, nan Pennsylvanie, pa Cody Bell

Benediksyon Travay Tanp

Si nou kenbe alyans nou fè nan tanp yo, n ap beni, n ap pwoteje, ak ranfòse. N ap gen pouvwa prètriz la avèk nou. Fanmi nou yo ap ansanm pou tout tan.

Tanp lan se yon kote ki gen lapè ak revelasyon tou. Pandan n ap fè travay tanp, nou ka resevwa direksyon espirityèl epi santi lanmou Bondye.

Enprime