2022
Sentsèn nan: Yon Fason Pou Sonje Sovè a
Avril 2022


“Sentsèn nan: Yon Fason pou Sonje Sovè a,” Liahona, Avr. 2022.

Mesaj Mansyèl Liahona , Avril 2022

Sentsèn nan: Yon Fason Pou Sonje Sovè a

placeholder altText

Dènye Soupe a, pa Simon Dewey.

Nan jou swa avan yo te kloure L sou kwa, Jezikri te rankontre ak Apot Li yo nan Dènye Soupe a. La a, Li te ba yo sentsèn nan pou lapremyè fwa. Li te eksplike yo ke se te yon fason pou yo sonje Li. Sentsèn se yon òdonans kote nou pataje pen ak dlo pou nou sonje Ekspyasyon Jezikri a. Pen an reprezante kò Jezi epi dlo a reprezante san Li.

Nou pran sentsèn chak Dimanch pandan reyinyon sentsèn nan. Nou chante yon kantik pandan detantè prètriz yo kase pen an an plizyè ti moso.

Detantè prètriz yo ki kase pen an di priyè ki espesyal. Nou jwenn priyè sa yo nan Doktrin ak Alyans 20:77, 79. Priyè yo fè nou sonje kisa nou pwomèt Pè Selès la ak kisa Li pwomèt nou.

Lòt detantè prètriz distribye sentsèn nan bay manm pawas la oswa bay manm nan branch lan. Pandan n ap pran sentsèn nan, nou sonje Sovè a ak sakrifis Li fè pou nou an. Nou repran angajman pou nou respekte alyans (pwomès) nou te fè avèk Pè Selès la tou.

yon tifi ki ap pran pen pandan reyinyon sentsèn

Nou dwe gen reverans pandan y ap beni ak distribye sentsèn nan. Se yon moman pou nou reflechi sou lavi Jezikri, sou ansèyman L yo ak Ekspyasyon an. Nou ka reflechi sou fason nou ka suiv egzanp Li tou.