2023
Otonomi Ranfòse Nou
Out 2023


“Otonomi Ranfòse Nou,” Lyawona, Out 2023

Mesaj Mansyèl Lyawona, Out 2023

Otonomi Ranfòse Nou

Imaj
de moun k ap lave veso

Vin otonòm vle di nou kapab reponn ak bezwen nou e ak bezwen fanmi nou. Lè nou otonòm, nou pi byen sèvi Senyè a tou epi n sousye nou de lòt moun. Men otonomi pa vle di nou dwe kanpe anfas pwoblèm nou yo poukont nou. Nou kapab mande zanmi, fanmi, manm pawas oswa manm branch yo, ak pwofesyonèl èd, lè nou bezwen sa.

Prensip Otonomi yo

Vin otonòm mande edikasyon, obeyisans, ak travay di. Nou fè sa n kapab pou n pran swen tèt nou, epi nou mande lòt moun èd lè nou bezwen. Pou n vin otonòm tout bon, sepandan, nou dwe aprann gen lafwa nan Jezikri tou. Apre sa, pandan n ap travay pou n ede tèt nou, L ap ranfòse nou.

Imaj
de mwen ki kwaze

Otonomi Espirityèl

Nou kapab bati otonomi espirityèl lè nou travay pou n ranfòse temwayaj nou nan Jezikri. Nou fè sa lè n priye, lè n etidye ekriti yo, lè nou ale legliz, lè nou obeyi kòmandman yo, ak lè nou fè lòt bagay k ap fè nou vin pi pre Kris la. Lè nou konnen Li dispoze pou Li ede nou, sa ap ban nou lafwa pou nou rete fèm menm lè lavi a difisil.

Otonomi tanporèl

Otonomi tanporèl se tankou lè w anmezi pou w reponn ak bewen fizik pou tèt nou ak pou fanmi nou. Li gen ladan l manje, lojman, sante ak lòt bezwen. Nou fè sa lè nou resevwa bon jan edikasyon, lè nou aprann ak lè nou devlope konpetans ki nesesè yo, lè nou travay di, lè nou itilize tan nou ak sajès epi lè nou jere lajan nou byen.

Imaj
twa fi k ap mache ansanm

Otonomi emosyonèl

Otonomi emosyonèl se kapasite pou adapte w ak pwoblèm emosyonèl ak kouraj epi ak lafwa. Nou tout nou genyen pwoblèm ak eprèv. Gras ak levanjil la, nou konnen nou kapab chwazi fason pou nou fè fas avèk yo. Reponn ak lafwa nan Senyè a ogmante kapasite nou pou nou fè fas ak lòt difikilte avèk plis espwa.

Edikasyon

Nou dwe toujou ap aprann. Bondye vle nou edike lespri nou ak amelyore kapasite nou pandan tout vi sa a ak nan lòt vi a Plis n ap aprann, se plis n ap kapab vin yon pi bon enfliyans tout bon epi bay tèt nou, fanmi nou, ak lòt moun ki nan bezwen manje.

Imaj
yon jèn gason ki kenbe yon valiz

Benediksyon pou ou paske w Otonòm

Pwofèt yo te anseye nou ke pandan n ap amelyore otonomi nou, n ap beni avèk pi gwo espwa ak lapè. N ap kapab ede fanmi n ak lòt moun ki nan bezwen. Epi n ap beni avèk plis opòtinite epi avèk kapasite pou n kontinye pwogrese.

Resous Legliz la

Pieu ou ka ofri otonomi kolektif. Sa yo kapab anseye ou prensip otonomi ak kapasite tankou jesyon lajan w oswa jwenn yon pi bon travay. Ou kapab jwenn resous ki lye yo nan Libreri Levanjil la. Chwazi “Liv ak Leson” apre sa “Otonomi.”

Enprime