2023
Òganizasyon Legliz Jezikri a
Oktòb 2023


“Òganizasyon Legliz Jezikri a,” Lyawona, Okt. 2023.

Mesaj Mansyèl Lyawona, Oktòb 2023

Òganizasyon Legliz Jezikri a

Imaj
pòtrè Jezikri

Senyè Jezikri, pa Del Parson

Jezikri se tèt Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Li enspire pwofèt ak apot pou yo dirije Legliz la jounen jodi a, jan Li te fè nan tan Nouvo Testaman yo. Lòt lidè Legliz yo ap asiste yo.

Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo se Legliz Sovè a. Li “bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo, pandan Jezikri li menm se prensipal pyè angilè a.” (Efezyen 2:20). Sa vle di Li se pati ki pi enpòtan nan fondasyon an. Li gide Legliz la atravè pwofèt ak apot yo Li te chwazi pou L vin lidè.

Imaj
Premye Prezidans

Premye Prezidans lan

Prezidan Legliz la se pwofèt Bondye sou tè a jounen jodi a. Li se Apot senyò a e li se sèl moun sou latè ki resevwa revelasyon pou gide tout Legliz la. Senyè a enspire li pou l konnen ki de (2) apot pou l aple pou yo sèvi antanke konseye li. Yo fòme Premye Prezidans lan. Toulètwa se pwofèt, vwayan, ak revelatè.

Kolèj Douz Apot yo

Manm Kolèj Douz Apot yo se pwofèt, vwayan ak revelatè tou. Yo aple yo pou vin temwen espesyal Jezikri. Yo vwayaje toupatou nan mond lan pou yo anseye ak temwaye konsènan Li. (Gade Doktrin ak Alyans 107:23, 33.)

Kolèj Swasanndis yo

Manm Swasanndis yo aple pou yo vin temwen Jezikri tou (gade Doktrin ak Alyans 107:25). Yo ede Kolèj Douz Apot yo anseye levanjil la ak bati Legliz la toupatou nan mond lan.

Imaj
dirijan k ap konseye ansanm

Fotografi pa Machiko Horii

Dirijan lokal

Prezidans pieu oswa prezidans distri w la, episkopa oswa prezidans branch ou a, ak kowòm ansyen ak Prezidans Sosyete Sekou yo aple pa Bondye tou. Yo kapab ede w aprann ak viv levanjil la. Ou kapab aprann sou kèk nan apèl sa yo nan atik ki nan Sijè Levanjil mwa Mas 2022 a, “Sèvi nan Apèl nan Legliz la.”

Enprime