“Lyawona a,” Zanmi, Fev. 2024, 26–27.
Mesaj Mansyèl Zanmi Fevriye 2024
Lyawona a
Senyè a te di Leyi pou li ale nan tè pwomiz la avèk fanmi li. Men yo pa t fin konnen kijan pou yo te ale la.
Senyè a te bay Leyi yon enstriman espesyal. Li te tankou yon konpa. Li te montre yo nan ki direksyon yo te dwe ale. Yo te rele li Lyawona.
Lè yo te respekte kòmandman yo, Lyawona a te fonksyone. Li te mennen yo kote ki te gen manje epi ki te ansekirite. Men lè yo te revòlte ak dezobeyi, li te sispann fonksyone.
Fanmi Leyi te suiv Lyawona a pou yo te ka rive nan tè pwomiz la. Lè nou chwazi fè sa ki bon, Papa nou ki nan Syèl la ap gide nou tou.
Paj pou Kolorye
Mwen Ka Batize Menm jan Jezi te Batize a
Ilistrasyon Adam Koford
Kijan ou ka prepare w pou w batize?
© 2024 by Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Friend Message, February 2024. Language. 19276 036