Lyawona
Nou Aple pou n Fè Byen
Jen 2024


“Nou Aple pou n Fè Byen,” Lyawona, Jen 2024.

Mesaj Mansyèl Lyawona Jen 2024

Nou Aple pou n Fè Byen

Se nan sèvi lòt moun, nan pote limyè nou, ak nan defann libète relijyon ke n ap konstwi wayòm Bondye a.

Jideyon te kapab rekonèt yon fo doktrin depi l tande li. Li te tande sa anvan, nan men Wa Noye ansanm ak prèt li yo—prèt ki “te gonfle kè yo avèk lògèy” epi ki “te jwenn sipò nan parès yo, ak idolatri yo, ak abominasyon seksyèl yo, avèk taks wa Noye te mete sou tèt pèp li a” (Mozya 11:5–6).

Sa k te pi mal la, Wa Noye te rive tiye pwofèt Abinadi epi li t ap eseye elimine Alma ansanm ak moun li te konvèti yo (gade Mozya 17; 18:33–34). Pou mete fren nan mechanste sa a, Jideyon te sèmante pou l te kanpe wa a, ke li te epanye akoz yon envazyon Lamanite (gade Mozya 19:4–8).

Apresa, Jideyon te blame prèt wa Noye yo kòmsadwa paske yo te ale avèk 24 pitit fi Lamanit. Li te remake ke pwofesi Abinadi te fè kont pèp la te rive akonpli paske yo pa t vle repanti. (Gade Mozya 20:17–22.) Li te ede delivre pèp Limi an, ki te ann esklavaj anba men Lamanit yo (gade Mozya 22:3–9).

Jideyon, ki vin granmoun kounyea, te fè fas avèk ògèy ak mechanste yon fwa ankò pandan l te kanpe devan Neyò, ki te entwodui entrig nan mitan pèp la. Neyò t ap “desann valè legliz la” epi l t ap eseye detounen pèp la. (Gade Alma 1:3, 7, 12; gade tou 2 Nefi 26:29.)

Jideyon, yon nonm brav gason, te itilize pawòl Bondye a kòm zam pou l te reprimande Neyò pou mechanste li. Neyò te fache epi l te tiye li avèk epe li. (Gade Alma 1:7–9.) Se konsa li te mete fen nan lavi “yon nonm jis” ki te “tèlman fè byen pou pèp sa a” (Alma 1:13).

Dènye jou n ap viv la yo ban nou yon pakèt okazyon pou nou imite Jideyon antanke “yon enstriman nan men Bondye” (Alma 1:8) pandan n ap founi “sèvis” (Mozya 22:4) bay lòt moun, defann lajistis, ak pandan n ap kanpe kont tout sa ki menase libète nou pou nou adore ak sèvi Bondye. Pandan n ap suiv egzanp fidèl Jideyon an, nou kapab fè anpil byen tou.

Imaj
yon fi avèk yon kabare manje ki kanpe bò kote yon fanm ki kouche sou yon kabann

Ini nan Sèvis

“Antanke disip [Sovè a], n ap chèche renmen Bondye ansanm ak pwochen nou toupatou nan mond la,” se sa Premye Prezidans lan te deklare. “Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo vle beni lòt moun ak ede sila ki nan bezwen yo. Se yon benediksyon pou nou pou n gen kapasite, resous, ak koneksyon global dekonfyans pou nou asime responsablite sakre sa a.”1

Mwen rekonesan pou sèvis dezenterese ak sèvis pastoral ke manm yo nan Legliz la ofri nan tanp nou yo ak nan pawas, branch, ak pieu nou yo. Mwen rekonesan tou dèske manm yo nan Legliz ap bay sèvis san konte nan yon pakèt òganizasyon kominotè, edikatif ak òganizasyon charite epi yo angaje yo nan plizyè milye pwojè imanitè chak ane, kote yo konsakre plizyè milyon èdtan antanke benevòl nan prèske 200 peyi ak teritwa.2

Youn nan mwayen Legliz la itilize pou l elaji posiblite sèvis nan plizyè peyi se atravè JustServe.org. Sponsorize pa Legliz la men disponib pou tout moun ki vle beni lòt moun, JustServe.org “lye bezwen benevòl yo nan kominote a avèk moun k ap fè benevòl ” ki “ap amelyore kalite lavi moun nan kominote a.”3

Legliz la ansanm ak manm li yo kolabore avèk òganizasyon ki bay sèvis toupatou nan mond lan tou. Legliz la, gras ak manm li yo, sete “pi gran kontribitè ki bay san nan Lakwawouj nan ane 2022 a.” Epitou, Legliz la fèk fè yon don $8.7 milyon bay Lakwawouj.4

Legliz la ini tou avèk òganizasyon pou founi dlo potab ansanm ak pwojè asenisman nan zòn toupatou nan mond lan. Nan ane 2022 a, Legliz la te patisipe nan 156 pwojè konsa.5 Nou kolabore avèk lòt ajans tou epi nou bayo don ki pote soulajman pou pitit Bondye k ap soufri yo.6

“Lè nou met tèt ansanm pou nou sèvi moun ki nan bezwen yo,” Prezidan Henry B. Eyring, Dezyèm Konseye nan Premye Prezidans lan te di, “Senyè a ini kè nou.”7

Imaj
men ankoup ki gen limyè solèy la

Leve Limyè Nou Anlè

Antanke disip Sovè a, nou beni pwochen nou pandan n ap respekte alyans nou yo ak mennen yon lavi tankou Kris la. Liv Mòmon an anseye ke “moun legliz yo” pa dwe sèlman chwazi lajistis men yo dwe fè moun tande vwa jis yo tou si yo vle pou Senyè a pwoteje yo ak fè yo pwospere (gade Alma 2:3–7; gade tou Mozya 29:27). Senyè a atann pou nou pataje lafwa nou ak kwayans nou epi pou n leve limyè nou anlè. “Gade m se limyè nou dwe leve anlè a” (3 Nefi 18:24).

“Nou p ap sèvi Sovè nou an byen si nou gen plis krentif pou lèzòm pase Bondye,” Prezidan Dallin H. Oaks, Premye Konseye nan Premye Prezidans lan te di. Li te ajoute, “Nou aple pou nou etabli prensip Senyè a yo, pa pou nou suiv prensip mond lan.”8

Kit se nan lekòl la, nan travay, oswa jwèt, nan vakans, nan yon randevou damou, oswa sou entènèt la, disip Senyè yo pa “wont pou yo pote non Kris la” (Alma 46:21). Atravè pawòl nou ak zèv nou, nou temwanye ke Bondye vivan epi n ap suiv Pitit gason L la.

“Lafwa nou pa divize, ni li sètènman pa ta dwe konsa. Lafwa se pa jis pou legliz sèlman, se pa jis pou lakay nou, se pa jis pou [lekòl] nou,” Paul Lambert, yon ekspè Sen Dènye Jou sou pliralite relijye, te deklare. “Se pou tout bagay nou fè.”9

Nou pa konnen ki enpak temwanyaj nou, bon egzanp nou, ak bon zèv nou ka genyen sou lòt moun. Men lè n ap defann sa ki byen epi nou leve limyè Sovè a anlè, moun yo ap remake nou epi syèl la ap soutni nou.

Imaj
yon fi ki kanpe deyò yon tanp

Defann Libète Relijye

Entrigdeprèt jounen jodi a, avèk sosyete deplizanpli liberal ki ap desann valè moun ki gen lafwa yo, pa twò diferan de sa nan epòk Liv Mòmon an. Vwa moun ki opoze wòl esansyèl relijyon nan andwa piblik ak politik yo ap vin deplizanpli fò. Liberalis ak gouvènman yo, ansanm ak anpil lekòl ak inivèsite, ap fòse konpòtman ak preche imoralite, ateyis, ansanm ak relativis moral.

Atak kont libète relijyon yo ap reyisi si nou pa kanpe pou dwa relijye nou. “Antanke yon legliz,” mwen te anseye dènyèman ke, “nou ini avèk lòt relijyon k ap pwoteje moun tout lafwa ak pèsyazyon ansanm ak dwa yo genyen pou yo eksprime konviksyon yo.”10

Te yon gè ki te fèt nan syèl la konsènan libabit moral—ki se libète nou genyen pou n chwazi. Pou n kapab pwoteje libabit nou, sa mande pou n byen pwoteje libète relijye nou.

Bonjan lafwa relijye a ranfòse e pwoteje fanmi yo, kominote yo, ansanm ak nasyon yo. Li anjandre obeyisans nan lalwa, enkilke respè pou lavi ak pwopriyete, epi li anseye charite, onètete, ansanm ak moralite—tout sa yo se vèti ki nesesè pou pèmèt yon sosyete ki jis, lib e sivil kontinye evolye. Nou pa dwe janm mande eskiz pou lafwa nou.

Efò misyonè nou yo, travay pa pwokirasyon nou yo nan tanp yo, efò nou pou nou bati wayòm Bondye a, ansanm ak menm bonè nou mande pou nou defann lafwa ak libète relijye nou. Si n pèdi libète sa a, n ap pèdi lòt libète ansanm avèk li.

Pwofèt Joseph Smith te anseye, “Se yon lanmou pou libète ki enspire nanm mwen—libète sivil ak relijye pou tout ras imen an.”11 Libète relijye pral enspire tou nanm nou pandan n ap suiv konsèy dirijan Legliz yo:

  • “Rete enfòme sou kesyon enpòtans piblik yo, epi eksprime w avèk kouraj ak sivilite.”12

  • “Rekonèt ke degradasyon libète relijye a pral gen gwo enpak sou opòtinite nou pou nou pwogrese nan fòs ak konesans levanjil, pou nou beni atravè òdonans sakre yo, ak pou nou konte sou Senyè a pou dirije Legliz Li a.”13

  • “Leve kanpe epi pale pou nou afime ke Bondye egziste e ke Kòmannman L yo etabli yon seri verite absoli.”14

  • “Konteste tout lwa ki ap nui libète nou genyen pou n pratike lafwa nou an.”15

  • “Ale nan mond lan pou nou fè byen, pou bati lafwa nan Bondye Toupuisan an, ak pou ede lòt moun eritye yon plas kote y ap vin gen plis lajwa.”16

  • Etidye resous ki nan religiousfreedom.ChurchofJesusChrist.org ak nan religiousfreedomlibrary.org/documents yo.

Se nan sèvi, nan pote limyè nou, ak nan defann libète relijyon ke n ap konstwi wayòm Bondye a. Ke Senyè a beni nou nan jefò nou pou n fè “anpil byen” nan mitan fanmi nou, kominote nou, ansanm ak nasyon yo.

Nòt

  1. “Yon Mesaj Premye Prezidans lan,” nan Pran Swen Moun ki Nan Bezwen yo: Rapò Anyèl 2022 Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo, 3, ChurchofJesusChrist.org.

  2. Gade Pran Swen Moun ki nan Bezwen yo: Rapò Anyèl 2022, 4, ChurchofJesusChrist.org.

  3. Justserve.org/about. JustServe ap fonksyone nan 17 peyi. Gen plizyè milye moun ak òganizasyon k ap resevwa benediksyon gras ak inisyativ sa a.

  4. Gade Kaitlyn Bancroft, Legliz la Fè Don $8.7 M nan Kad Kolaborasyon l ak Lakwawouj,” Nouvèl Legliz la, 22 Avril, 2023, 23.

  5. Gade Mary Richards, “Legliz la Rejwenn avèk Gwoup yo toupatou nan Mond lan pou Eksplwate Don Dlo a,” Nouvèl Legliz la, 27 Me, 2023, 12.

  6. Gade Dallin H. Oaks, “Ede Moun ki Pòv ak nan Detrès yo,” Lyawona, Nov. 2022, 6–8.

  7. Henry B. Eyring, “Okazyon pou Fè Byen,” Lyawona, Me 2011, 25.

  8. Dallin H. Oaks, “Sèvis San Egoyis,” Lyawona, Me 2009, 94–95.

  9. Paul Lambert, nan Rachel Sterzer Gibson, “Poukisa Lafwa Nesesè nan Lye Travay nou?” Nouvèl Legliz la, Avril 22, 2023, 16.

  10. Ronald A. Rasband, “Pou Geri Mond lan,” Lyawona, Me 2022, 92.

  11. Enseignements des présidents de l église: Joseph Smith (2011), 345.

  12. D. Todd Christofferson, “Libète Relijyon—Yon Eritaj Presye pou nou Defann” (diskou nan Freedom Festival Patriotic Service, Provo, Utah, 26 Jen, 2016), 5–6, speeches.byu.edu.

  13. Ronald A. Rasband, “Lib pou Chwazi” (Devosyon Inivèsite Brigham Young, 21 Janvye, 2020), 3, speeches.byu.edu.

  14. Dallin H. Oaks, “Verite ak Tolerans” (Devosyon Inivèsite Brigham Young, 11 Septanm, 2011), 2, speeches.byu.edu.

  15. Dallin H. Oaks, “Verite ak Tolerans,” 4.

  16. Ronald A. Rasband, “Lib pou Chwazi,” 5, speeches.byu.edu.

Enprime