“Gaman Prètriz Sen an,” Lyawona, Sept 2024.
Mesaj Mansyèl Lyawona Septanm 2024
Gaman Prètriz Sen an
Kòm yon pati nan dotasyon tanp lan, yo ban nou yon rapèl fizik sou sakre alyans nou yo—yon senbòl sou Sovè a li menm.
Detay ki sòti nan Adan ak Èv, Tablo Douglas M. Fryer
Kèlkeswa preparasyon yo te ba yo san dout ak asirans yo te eseye sonje, siman sa dwe te yon chòk terib pou Adan ak Èv pou yo te kite Jaden Edèn paradizyak yo a epi rantre nan yon mond dechi.
An tout konsyans, yo te reyalize kisa sa te vledi pou yo te twoke lavi trankil, san sousi yo a pou yon mond opozisyon ak swè, pikan ak lapenn—ki evantyèlman te suiv pa yon bagay ki te rele lanmò. Yo pa t ka konnen sa tout bagay sa yo te vledi nan kòmansman an, men byen vit yo te aprann ke chak jou te ka pote nouvo doulè. Anfèt, sa ki te pi douloure nan tout la sete reyalizasyon ke yo tapral fè fas a tout bagay sa yo separe de Papa yo ki nan Syèl la—“chase soti nan prezans li,” jan Moyiz te ekri nan apre.
Etandone separasyon ak solitid sa a nan yon mond enpitwayab ak tris, ala rekonfòtan sa dwe te ye pou Adan ak Èv te sonje yon sèl bagay: ke pwomès te fèt—yon bagay sakre ak etènèl ki te rele alyans. Yo te pwomèt yo t ap obeyi Papa a pandan tout jou lavi yo, epi Li te pwomèt pou bay yon Sovè, ki tapral soulaje doulè yo ak lapenn yo, ekspye pou erè yo, epi mennen yo retounen an sekirite nan prezans Li.
Men, ki jan mòtèl sa yo t apral fè sonje sa yo te pwomèt yo? Kijan yo t apral rete konsyan de sitiyasyon danjere yo a—konsyan tout tan, lajounen kou lannuit?!
Yon Rapèl sou Alyans yo te Fè yo
Pou te ede yo sonje sa, Li te ba yo “rad ki te fèt avèk po bèt.” Ala yon kado sa te ye epi nan bon moman an. Apre Adan ak Èv te fin manje nan fwi defandi a, yo te prèske imedyatman pran konsyans ke yo te toutouni. Toudabò, yo te eseye kouvri nidite yo a avèk fèy figye. Apresa, paske yo te pè ke sa pa t sifi, yo te eseye kache lwen Senyè a. (Kalite tantativ derezonab sa a sete evidans ke mòtalite a te pran efè!) Soti nan moman sa a rive kounyea, yon Papa eman ap envite pitit Li yo pou yo soti nan kache, pou vini jwenn Li. Epi menm jan avèk rad po bèt la lèsa a, ak divès kalite rad depi lèsa a, nan mizèrikòd Li, Li pa kite nou toutouni men li abiye moun ki obeyisan yo ak yon “wòb lajistis,” yon rapèl sou pwomès ak alyans nou yo. “Gaman sali” sa yo senbolize pi gwo kado nan tout la, Ekspyasyon Jezikri a.
Gaman an se yon Senbòl sou Sovè a
Ebyen, tout refleksyon sa yo konsènan Adan ak Èv ak alyans yo ak rad yo se, evidaman, plis pase jis yon egzèsis mantal. Li pa difisil pou nou imajine kijan Adan ak Èv te santi yo, paske nou menm tou nou fè fas ak pwoblèm nan mond dechi sa a. Nou menm tou nou te separe soti nan prezans Bondye, e nou pran plis distans pou tèt pa nou chak fwa nou transgrese. Tankou Adan ak Èv, yo ba nou menm Sovè sa a, Jezikri, moun Nazarèt la, Alfa ak Omega, Pitit Gason Bondye vivan an. Tankou Adan ak Èv, nou fè alyans avèk Bondye. Epi, kòm yon pati nan dotasyon tanp lan, yo ba nou yon rapèl fizik sakre sou alyans sa yo—yon senbòl sou Sovè a Limenm. Nan dispansasyon nou an, yo rele l gaman prètriz sen an.
Detay ki soti nan Dezyèm Vini an, tablo Harry Anderson
Nou mete gaman sa a anba rad eksteryè nou. Kèlkeswa responsablite mwen genyen, kèlkeswa wòl mwen jwe nan lavi a, kèlkeswa devwa nan lavi kotidyèn yo mande, anba tout, mwen jwenn alyans mwen yo—toujou ak pou tout tan. Anba tout mwen genyen pwomès sakre sa yo ke mwen dezespereman rete kole avèk yo a. Gaman an pa afiche ni ekspoze devan mond lan, e ni alyans mwen yo tou. Men, mwen kenbe toulède toupre m—osi pre mwen ke mwen kapab. Yo entanseman pèsonèl ak grandman sakre.
Pou nou sonje alyans sa yo, pwomès resipwòk sa yo, nou mete gaman an pandan tout lavi nou. Pratik sa a reflete dezi nou pou Sovè a rete yon enfliyans konstan nan lavi nou. Gen lòt senbòl presye ki peryodik. Nou batize yon fwa nan lavi nou. Nou pran sentsèn yon fwa pa semèn. Nou asiste nan tanp lan selon jan sikonstans yo pèmèt. Men gaman prètriz sen an diferan: nou onore senbòl sa a chak jou ak chak nuit.
Epi se konsa alyans yo ye—pa mete yo sou kote pa komodite oswa ensousyans epi yo pa modifye yo pou suiv stil ak lamòd nan sosyete a. Nan lavi yon disip Jezikri, fason mond lan dwe modifye pou aliyen avèk alyans nou yo, men se pa lenvès ki dwe fèt.
Lè nou mete gaman an sou nou, jan Premye Prezidans lan anseye a, nou mete yon senbòl sakre sou Jezikri. Enben, si se konsa, poukisa nou ta janm chèche yon eskiz pou nou retire senbòl sa a? Poukisa nou ta prive nou de pwomès pouvwa, pwoteksyon, ak mizèrikòd gaman an reprezante a? Okontrè, kelkeswa lè nou oblije retire gaman an tanporèman, nou ta dwe gen dezi pou remete li, pi vit ke posib, paske nou sonje pwomès ak peril ki bay alyans nou yo yon sans la. Anlè tout bagay, nou sonje kwa a ak tonbo vid Kris la.
Kèk moun ka di, “Mwen gen lòt fason pou sonje Jezi.” Epi mwen ta reponn, sa bèl. Pi plis, pi bon toujou. An nou tout panse a tout fason nou kapab kenbe angajman nou pou “toujou sonje li” a. Men, lè n ap fè sa, li t ap malonèt pou nou ta entansyonèlman neglije rapèl Senyè a Limenm te bay moun ki dote a, gaman prètriz sen an.
Jezikri ak levanjil Li a vledi tout bagay pou mwen. Tout espwa ak aspirasyon etènèl mwen, tout sa ki chè pou mwen, akwoche avèk Li. Li se “wòch sali m nan,” fason pou m jwenn aksè nan Papa m ki nan Syèl la, sèl fason pou m retounen nan sa m te genyen yon fwa a ak sa m vle genyen ankò kounyea, ansanm ak tèlman anpil lòt bagay. Kado Li pou nou an se kado ki pi jenere mwen te janm resevwa, pi jenere yo te janm ban mwen—achte jan li te ye a avèk soufrans enfini, pwolonje rive nan yon dimansyon enfini, akòde avèk lanmou enfini. Pikan ak epin yo, doulè ak angwas la, tristès ak peche mond dechi sa a, yo tout “anglouti nan Kris la.”
Konsa, mwen mete gaman prètriz sen an—chak jou ak chak nuit, jan sa apwopriye a, depi m te dote sa gen 64 ane a, nan laj 19 an—paske mwen renmen Li epi paske m bezwen pwomès li reprezante yo.
Kesyon konsènan Mete Gaman an?
Kèk nan nou petèt ap li atik sa a ak espwa ke mwen pral reponn yon kesyon patikilye konsènan gaman an. Ou ta ka espere jwenn yon “Paske gade, Senyè a di”—oswa menm yon “Konsa Sèvitè Li yo di” - sou yon kesyon ki sansib pou ou. Kesyon w lan ta ka soti nan yon sikonstans pèsonèl ki gen rapò ak travay, fè egzèsis, ijyèn, klima, modesti, enstalasyon sanitè, oswa menm yon kondisyon medikal.
Ou ka jwenn kèk repons pou kalite kesyon sa yo nan temples.ChurchofJesusChrist.org ak nan seksyon 38.5 nan Manyèl Jeneral la. Ou ka konsilte manm fanmi ak dirijan ou fè konfyans konsènan yon sijè pèsonèl. Sepandan, genyen direksyon ki trè klè yo bay nan òdonans inisyatwa yo, epi, pou tout tan gen tan, genyen Papa nou ki nan Syèl la, ki konnen ou e ki renmen ou epi ki konprann tout bagay konsènan sikonstans ou yo. Li t ap kontan anpil si w ta poze L kesyon sa yo pèsonèlman.
Foto flèch ki sou Tanp St. George Utah
Tanpri, pa mal konprann. Lè nou chèche jwenn gidans divin, Lespri a pap enspire nou pou n fè mwens pase swiv enstriksyon nou resevwa nan tanp lan ak konsèy pwofetik Premye Prezidans lan bay nan deklarasyon resan yo. Yon Papa eman pap ede w chèche eskiz pou w fè mwens pase sa w kapab pou w aliyen avèk prensip devosyon ak modesti ki pral beni w kounyeya e pou tout tan yo. Men, èske Li konprann kesyon ou yo, epi èske L ap ede w resevwa benediksyon nan respekte gaman an ak kenbe alyans ou yo? Wi! Èske ou ta dwe konsilte pwofesyonèl medikal ak doktè konpetan tou lè sa nesesè? Evidaman! Èske ou ta dwe inyore bon sans oswa gade pi lwen mak la? M ap priye pou w pa fè sa.
Mwen pa ka reponn chak kesyon ou genyen. Mwen pa menm ka reponn chak kesyon mwen genyen. Men, mwen kapab, antanke Apot Senyè Jezikri, pwomèt ou èd yon Bondye eman, k ap chèche tout siksè ak benediksyon pou ou, nan fason ou pa ka konprann ni prevwa kounyea, pandan w ap kenbe alyans ou fè avèk li yo.
© 2024 by Intellectual Reserve, Inc. All rights reserved. Enprime nan Etazini Damerik. Apwobasyon anglè: 6/19. Apwobasyon tradiksyon: 6/19. Tradiksyon Monthly Liahona Message, September 2024. Haitian. 19047 036