Ansyen Testaman 2022
Itilize “Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo”


“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo,Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022 (2022)

“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo,Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo: Sijè Doktrinal 2022

Imaj
jènfi nan yon klas

Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Kowòm Prètriz Aawon yo ak Klas Jènfi yo

Pou ki rezon nou gen Reyinyon Kowòm ak Reyinyon Klas nou yo?

Senyè a ba nou yon responsablite sakre: Li aple nou pou nou sèvi nan yon prezidans kowòm Prètriz Aawon oswa prezidans klas Jènfi. Yon pati nan responsablite nou se dirije ak kondui reyinyon kowòm oswa klas nou yo nan jou Dimanch. Pou fè sa, li ta bon pou nou konprann poukisa nou gen reyinyon sa yo.

Reyinyon kowòm Prètriz Aawon yo ak klas Jènfi yo diferan de klas legliz tankou Lekòldididmanch oswa seminè. Nan reyinyon kowòm oswa klas yo, nou fè plis pase etidye yon sijè levanjil. Nou aprann konsènan travay Bondye konfye nou an, epi nou òganize manm kowòm yo oswa manm klas yo pou yo ka fè travay sa a nan fwaye nou, nan legliz la, ak nan kominote nou. Nan reyinyon sa yo, se pa sèl pale nou pale de travay la—nou fè plan pou nou ranpli wòl nou kòm yon pati nan batayon jèn Senyè a, ki enkli ede L rasanble Izrayèl.

Imaj
jènjan nan yon klas

Nan reyinyon klas ak kowòm yo, nou fè plan pou nou ranpli wòl nou kòm yon pati nan batayon jèn Senyè a.

Men, aksan sa a nou mete sou travay la pa vledi ke nou kite diskisyon sou doktrin yo sèlman pou Lekòldidimanch. Anfèt, aprann doktrin nan reyinyon klas Jènfi yo ak nan reyinyon kowòm Prètriz Aawon yo esansyèl—sa ede nou fòtifye relasyon nou avèk Jezikri, konprann plan Papa nou ki nan Syèl la, ak patisipe nan travay Yo a. Pandan n ap etidye levanjil la ansanm, verite nou aprann yo ka chanje kè nou epi ede nou konnen kijan pou nou aji nan fason ki pi kretyen. Nou ka resevwa enspirasyon sou fason pou nou pwogrese “nan sajès ak wotè, epi an favè devan Bondye ak devan lèzòm” (Lik 2:52). Pandan n ap vin konvèti pi plis nan Jezikri ak nan Levanjil Li a, n ap jwenn lajwa e n ap santi dezi pou nou ede lòt moun sou chemen alyans lan.

Kimoun ki Dirije Reyinyon sa yo?

Bondye aple nou kòm prezidans kowòm ak prezidans klas epi li ba nou otorite pou nou dirije. Se poutèt sa yon manm prezidans kowòm oswa klas la ta dwe dirije chak reyinyon kowòm oswa klas nou yo. Dirijan adilt yo ta dwe ofri gidans ak sipò, men yo pa dwe pran plas ou. Gade seksyon ki rele “Fè Konsèy ” la kòmansman chak plan leson nan manyèl sa a pou nou ka jwenn ide ki ka ede nou konn kijan pou nou dirije yon reyinyon ak akonpli vrè objektif li. Itilize reyinyon prezidans yo pou planifye kijan nou pral dirije reyinyon jou Dimanch sa yo.

Kiyès Ki Ta Dwe Anseye Leson an?

Dirijan adilt yo, yon manm prezidans kowòm oswa klas la, oubyen nenpòt manm nan kowòm oswa klas la ka anseye leson yo. Antanke prezidans kowòm oswa prezidans klas, mande dirijan adilt yo konsèy pou nou ka konn kiyès nou ta dwe bay tach pou anseye leson yo. Sonje ke dirijan adilt nou yo gen anpil pou yo ofri. Chèche aprann nan eksperyans yo ak temwayaj yo. Gen anpil avantaj nou ka jwenn tou lè nou mande jèn yo pou yo anseye—anseye ka ede apwofondi konvèsyon yo ak ede yo bati relasyon ki pi solid avèk lòt manm yo nan kowòm oswa klas la. Konsa, ba yo opòtinite apwopriye pou yo anseye tout leson an oubyen yon pati ladan l, men pa janm bliye bezwen ak kapasite moun yo ki nan kowòm oswa klas ou a. Pa egzanp, dirijan adilt yo gen dwa anseye pi souvan nan kowòm yo oswa klas yo avèk jèn ki pi piti yo oubyen avèk jèn ki gen mwens eksperyans nan anseye levanjil la. Lè nou envite jèn yo pou yo anseye, yon paran oubyen yon konsiltan adilt ta dwe ede yo prepare si yo ta bezwen sa.

Moun ki gen tach pou anseye yo ka itilize seksyon ki rele “Anseye Doktrin nan” ki nan chak plan leson nan manyèl sa a pou ede yo prepare yo. Seksyon sa a gen sigjesyon pou ansèyman ak diskisyon sou doktrin pou semèn nan, men enstriktè yo pa ta dwe santi yo limite a sigjesyon sa yo sèlman. Selon jan Lespri a dirije yo, enstriktè yo ka adapte ide sa yo oubyen itilize pwòp ide pa yo pou yo anseye nan yon fason ki ka pi byen satisfè bezwen manm yo nan kowòm oswa klas la epi ede yo konprann doktrin nan.

Ki Sijè Doktrinal Nou Pral Diskite nan Reyinyon Nou yo?

Sijè ki nan plan leson pou chak semèn nan se yon prensip doktrinal ke yo chwazi pou l ka koresponn avèk lekti yo rekòmande pou menm semèn sa a, ke nou jwenn nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Nan fason sa a, diskisyon doktrinal yo nan reyinyon kowòm oswa klas yo pral sipòte sa jèn yo ap aprann nan fwaye yo.

Menmsi nou dwe suiv plan leson pou nou anseye nan jou Dimanch espesifik, n ap toujou gen opsyon pou nou pale de lòt sijè doktrinal baze sou bezwen kowòm oswa klas nou an.

Resous sa yo enkli plan leson pou chak semèn lè gen klas Jènfi ak reyinyon kowòm Prètriz Aawon yo. Pa okazyon, nou ka petèt oblije sote yon leson akoz konferans pieu oubyen pou lòt rezon.

Ki Wòl Dirijan Adilt Nou yo?

Dirijan adilt yo jwe yo wòl enpòtan nan klas Jènfi ak kowòm Prètriz Aawon yo. Y ap gide ou ak konseye ou nan apèl ou kòm dirijan an. Y ap sipòte ou ak ankouraje ou pandan w ap fè travay kowòm oswa klas ou a. Y ap anseye w doktrin nan, epi y ap beni ou atravè egzanp yo, eksperyans yo, ak temwayaj yo.

Enprime