Nouvo Testaman 2023
13–19 Mas. Matye 11–12; Lik 11: “M ap Ba Ou Repo”


“13–19 Mas. Matye 11–12; Lik 11: “M ap Ba Ou Repo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“13–19 Mas. Matye 11–12; Lik 11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Jezi ki kanpe nan mitan nyaj

Pa pè, ilistrasyon Michael Malm

13–19 Mas.

Matye 11–12; Lik 11

“M ap Ba Ou Repo”

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye: “Ekriti yo, ki se revelasyon pase, nou pa ka konprann yo san revelasyon prezan yo. … Etidye ekriti yo, fè gason ak fi yo ka resevwa revelasyon” (“Lekti Ekriti ak Revalasyon,” Ensign, Jan. 1995, 7).

Ekri Enpresyon w yo

Nan anpil fason, Farizyen yo ak Skrib yo te fè adorasyon Jewova tounen yon pwa lou. Souvan, yo te konn mete aksan sou règ ki sevè yo pase sou verite etènèl yo. Règ konsènan jou Saba a, ki te la kòm yon jou repo, te yon pwa lou pou tèt pa yo.

Epi, Jewova Limenm te vini nan pami pèp Li a. Li te anseye yo ke vrè objektif relijyon se pa pou kreye fado pou yo men, pou soulaje yo. Li te anseye ke Bondye ba nou kòmandman, enkli sa pou nou onore, Saba a, non pa pou oprese nou men pou beni nou. Wi, chemen pou n al jwenn Bondye a dwat ak etwat, men, Senyè a te vini pou anonse ke nou pa bezwen mache poukont nou. Li te enplore, “Vini Jwenn mwen. Envitasyon L la, pou tout moun ki santi yo “chaje fado” pou nenpòt ki rezon, an se pou nou kole tèt nou avèk Li epi pou kite L pataje fado nou yo. Pwomès Li sèke “w ap jwenn repo pou nanm ou.” Konpare avèk altènatif yo—ki seeseye kontinye poukont nou oubyen depann sou solisyon mòtèl—“fado Li fasil, epi chay [Li] lejè.” (Matye 11:28–30.)

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Matye 11:28–30

Jezikri ap ban m repo si m depann sou Li.

Nou tout ap pote fado—gen kèk ki se rezilta peche nou ak erè nou, gen kèk ki se rezilta chwa lòt moun, epi gen kèk ki pa fot pèsonn men ki senpleman fè pati lavi sou tè a. Kèlkeswa rezon k fè n ap lite, Jezi sipliye nou pou nou vin jwenn ni pou l ka ede nou pote fado nou yo ak jwenn soulajman (gade tou nan Mozya 24. Èldè David A. Bednar te anseye: “Fè ak kenbe alyans sakre jouke nou avèk Senyè a, Jezikri e liye nou avèk li” (“Pote fado yo alèz,” Liahona, Me 2014,88). Avèk sa nan lespri ou, medite sou kesyon tankou sa yo pou w ka pi byen konprann pawòl Sovè a nan vèsè sa yo: “Kijan alyans mwen yo jouke m avèk Sovè a? Kisa m bezwen fè pou m vin jwenn Jezi? Nan ki sans jouk Sovè a fasil epi fado Li lejè?

Ki lòt kesyon ki vin nan lespri ou pandan w ap li a? Ekri yo epi chèche repons pou yo semèn sa a nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt yo. Ou ka jwenn repons pou kèk nan kesyon w yo nan mesaj èldè David A. Bednar la yo fè referans anlè a.

Gade tou nan John A. McCune, “Vini Jwenn Kris la—Viv tankou Sen Dènye Jou,” Lyawona, Me 2020, 36–38; Lawrence E. Corbridge, “Chemen an,” Lyawona, Nov. 2008, 34–36.

Imaj
dèzòm k ap gade disip yo k ap mache nan jaden ble a

Disip yo Manje Ble nan Jou Saba a, ilistrasyon James Tissot

Matye 12:1–13

“Fè byen nan jou saba yo.”

Ansèyman Farizyen yo diferan de ansèyman Sovè a nan anpil fason. Pandan w ap li Matye 12:1–13, ou ta ka konsidere si atitid ak aksyon ou yo konsènan jou Saba a aliye avèk ansèyman Sovè a. Pou fè sa, ou ka medite sou kesyon tankou sa yo:

  • “M ap gen mizèrikòd, pa sakrifis” (vèsè 7; gade nan Oze 6:6).

  • “Pitit Gason lòm nan se Senyè menm jou saba a” (vèsè 8).

  • “Sa legal pou fè byen nan jou saba yo (vèsè 12).

Nan ki fason ansèyman sa yo enfliyanse fason ou apwoche Saba a?

Gade tou nan Mak 2:233:5; Sijè Levanjil yo, “Jou Saba a,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Matye 12:34–37; Lik 11:33–44

Pawòl ak aksyon m yo reflete sa ki nan kè mwen.

Yonn nan kritik prensipal Sovè a te fè Farizyen yo, sèke yo te eseye parèt kòm moun ki te gen rezon men, entansyon yo pa t pur. Pandan w ap etidye avètisman Sovè a te bay Farizyen yo nan Matye 12:34–37 ak Lik 11:33–44yo, medite sou koneksyon ant kè nou ak aksyon nou yo. Kisa fraz “bon trezò nan kè nou” an vle di pou ou? (Matye 12:35). Kouman pawòl nou yo jistifye oubyen kondane nou? (gade nan Matye 12:37). Kisa sa ta ka vle di pou je w “pou kont li”? (Lik 11:34). Medite sou fason ou ka vin “chaje avèk limyè” (Lik 11:36) atravè pouvwa Sovè a.

Gade tou Alma 12:12-; Doktrin ak Alyans 88:67–68.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Matye 11:28–30.Ou ka ede fanmi w vizyalize ansèyman Sovè a bay nan vèsè sa yo nan mande yo pou yo chak pran yon tou pou eseye rale yon bagay lou, poukont yo dabò epi avèk èd apresa. Ki kèk fado n ap pote? Kisa sa vle di pran jouk Kris la sou tèt nou? Foto ki nan plan sa a ka ede w eksplike kisa yon jouk ye.

Matye 12:10–13.Pandan w ap li konsènan Jezi k ap geri yon òm nan jou Saba a, fanmi w ta ka pale sou fason Sovè a “restore nou totalman”. Kouman Saba a ka yon jou gerizon pou nou?

Enspire pa egzanp Sovè a nan vèsè sa yo, fanmi w ta ka fè yon lis sou fason ou ka “fè byen nan jou saba a” (vèsè 12). Asire w ke w enkli ladan l opòtinite pou sèvi lòt moun. Sa ta ka ede w si w ta kenbe lis ou a epi fè referans avèk nan Dimanch apre yo.

Lik 11:33–36.Medite sou fason w ta ka anseye fanmi w kisa sa vle di pou “chaje avèk limyè” (vèsè 34, 36). Èske yon leson objè ta ka ede? Ou gen dwa diskite sou fason pou pote limyè Sovè a nan lavi nou, nan fwaye nou ak nan mond la tou. Pou ide, gade video “Limyè Ki Briye Nan Tenèb la,” ChurchofJesusChrist.org.

Lik 11:37–44.Petèt fanmi w ta ka diskite sou vèsè sa yo pandan y ap lave asyèt ansanm. Ou ta ka pale sou rezon k fè sa ta ka yon move ide pou nou ta sèlman lave deyò bagay tankou bòl ak gode yo. Apresa, ou ta ka konpare sa avèk nesesite pou nou fidèl non sèlman nan aparans nou, men nan panse ak santiman nou tou.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sijere: “Oui, tes commandements,” Cantiques, no. 66.

Amelyore Etid Pèsonèl Nou

Ou dwe konsistan Ou ka gen jou kote etid ekriti yo parèt pi difisil oubyen yo gen mwens efè ke w ta espere. Pa lage. Èldè David A. Bednar te anseye, “Konsistans nou nan fè bagay ki parèt tou piti yo ka mennen nan rezilta spirityèl ki siyifikatif” (“Pi Dilijan ak pi Sousye Lakay,” Lyawona, Nov. 2009, 20).

Imaj
de bèf ki jouke ansanm

“Pran jouk mwen, mete l sou zepòl nou, pran leson nan men mwen; paske mwen dou ak enb nan kè: konsa, n a viv ak kè poze” (Matye 11:29). Photograph © iStockphoto.com/wbritten

Enprime