Ansyen Testaman 2022
Panse Nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Liv Istorik yo nan Ansyen Testaman an


“Panse Nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Liv Istorik yo nan Ansyen Testaman an,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“Panse Nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: Liv Istorik yo nan Ansyen Testaman an,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
senbòl panse

Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou

Liv Istorik yo nan Ansyen Testaman an

Tradisyonèlman yo rele Liv soti nan Jozye pou rive nan Estè yo “liv istorik” Anyen Testaman an. Sa pa vle di ke lòt liv ki nan Ansyen Testaman an pa gen valè istorik. Yo rele liv istorik yo konsa pito paske objektif prensipal moun ki te ekri liv sa yo se te pou yo montre men Bondye nan istwa pèp Izrayèl.la. Bi a se pa t pou prezante lwa Moyiz la, jan Levitik ak Detewonòm fè a. Se pa t pou eksprime lwanj oswa plent sou fòm powetik, jan Sòm ak Lamentasyon fè a. Epi se pa t pou anrejistre pawòl pwofèt yo, jan liv Izayi a ak liv Ezekyèl la fè a. Olyede sa, liv istorik yo rakonte yon istwa.

Yon Zafè Pèspektiv

Natirèlman, yo rakonte istwa sa a dapre yon sèten pwendvi —vrèman, sèten pwend vi. Menm jan li enposib pou gade yon flè, yon wòch, oswa yon pyebwa apati de yon ang alafwa, li inevitab pou yon resi istorik ap reflete pèspektiv moun nan oswa gwoup moun ki ekri l la. Pèspektiv sa a enkli lyen nasyonal oubyen rasyal moun ki ekri l yo ak nòm ak kwayans kiltirèl yo. Konesans sa a kapab ede nou konprann ke ekriven ak konpilatè liv istorik yo te mete aksan sou kèk detay pandan yo te kite kèk lòt akote.1 Yo te fè kèk sipozisyon ke lòt yo te kapab pa fè. E yo te menm rive nan konklizyon ki baze sou detay sa yo ak sipozisyon sa yo. Nou ka menm wè pèspektiv diferan atravè liv ki nan Bib la (e pafwa nan menm liv la).2 Tank nou okouran de pèspektiv sa yo, se tank nou kapab konprann liv istorik yo pi byen.

Yon pèspektiv nou jwenn nan tout liv istorik Ansyen Testaman an se pèspektiv pitit Izrayèl yo, pèp alyans Bondye a. Lafwa yo nan Senyè a te ede yo wè men L nan lavi yo ak entèvansyon L nan zafè nasyon yo a. Alòske liv istwa layik pa gen tandans pou yo wè bagay yo jan sa a, pèspektiv espirityèl sa a fè pati de sa ki fè liv istorik Ansyen Testaman an gen tout valè sa a pou moun ki ap chèche bati pwòp lafwa pa yo nan Bondye.

Kontèks Rès Ansyen Testaman an

Liv istorik yo kòmanse kote liv Detewonòm nan fini an, lè ane vagabonday Izrayelit yo nan dezè a te prèske fini. Liv Jozye a montre pitit Izrayèl yo pare pou yo antre Kanaan, tè pwomiz yo a, e li dekri kijan yo te pran kontwòl li. Liv ki vin apre yo, soti nan Jij pou rive nan 2 Kwonik, dekri eksperyans Izrayèl nan tè pwomiz lan, soti nan epòk yo te tabli nan kote sa a pou rive nan epòk lè Asiri ak Babilòn te konkeri l la. Liv Ezra ak Neemi pale de retou plizyè gwoup Izrayelit nan kapital yo a, Jerizalèm, plizyè deseni apre. Finalman, liv Estè a rakonte istwa Izrayelit ki tap viv an egzil sou dominasyon peyi Pès.

E se la kwonoloji Ansyen Testaman an fini. Kèk moun ki ap li Bib la pou la premyè fwa sezi wè ke an reyalite yo te fin li istwa Ansyen Testaman anvan yo te li plis ke mwatye paj li yo. Apre Estè, nou pa jwenn anpil enfòmasyon sou istwa Izrayelit yo. Olyede sa, liv ki vin apre yo—sitou liv pwofèt yo—antre nan kalandriye ke liv istorik yo te prezante a.3 Ministè pwofèt Jeremi an, pa egzanp, te dewoule diran evenman ki anrejistre nan 2 Wa 22–25 (ak nan istwa paralèl ki nan 2 Kwonik 34–36). Konesans sa a kapab enfliyanse fason ou li naratif istorik yo ak liv pwofetik yo.

Imaj
Yon men ki kenbe yon pyès kastèt avèk yon kastèt enkonplè sou yon tab.

Kèk pasaj ekriti kapab tankou pyès kastèt ke nou pa konnen kijan pou nou entegre nan rès kastèt la.

Lè Yon Bagay Pa Koresponn

Lè w ap li Ansyen Testaman an, tankou nenpòt istwa, ou siseptib pou li sou molun ki ap fè oswa ki ap di bagay ki parèt etranj ou menm twoublan nan je modèn. Nou tap atann sa—Ekriven Ansyen Testaman te wè mond lan apati de yon pèspektiv ki te difreran nèt de pa nou an nan kèk fason. Vyolans, relasyon etnik, ak wòl fi se sèlman kèk nan pwoblèm ke ekriven tan lontan yo kapab te wè yon fason diferan de fason nou wè yo jodi a.

Donk kisa nou ta dwe fè lè nou rankontre pasaj nan ekriti yo ki parèt twoublan? Dabò, li tap itil pou n konsidere chak pasaj nan yon kontèks pi laj. Kijan sa kapab antre nan plan sali a? Kijan sa tonba nan sa w konnen sou nati Pè Selès la ak Jezikri? Kijan sa adapte a verite ki revele nan lòt ekriti yo oubyen nan ansèyman pwofèt vivan yo? E kijan li mache avèk chichotman Lespri a nan pwòp kè nou ak lespri nou?

Nan kèk ka, pasaj la gen dwa pa sanble li mache avèk okenn nan bagay sa yo. Pafwa pasaj la gen dwa tankou yon pyès kastèt ki pa sanble li gen yon plas pami lòt pyès ou deja rasanble yo. Si w eseye fòse pyès la pou l byen chita, se pa pi bon apwòch la. Men vag sou tout kastèt la se pa pi bon apwòch la nonplis. Olyede sa, ou kapab bezwen met pyès la akote pou kounyeya. Pandan w ap aprann plis epi kole pyès yo ansanm, w ap vin kapab pi byen wè kijan pyès yo tonbe byen ansanm.

Sa ta kapab itil tou pou w sonje non sèlman yo limite a yon pèspektiv patikilye, men istwa ekriti yo sijè a erè imen tou (gade nan Atik Lafwa 1:8 Pa egzanp, atravè syèk yo “gen anpil pati klè, epi presye yo te retire nan [Bib] la,” sa enkli verite enpòtan konsènan doktrin nan ak òdonans yo (1 Nefi 13:28; gade tou nan vèsè 29,40). An menm tan, nou ta dwe dispoze pou nou admèt ke pwòp pèspektiv pa nou yo limite tou: ap toujou gen bagay nou pa fin konprann nèt ak kesyon nou poko ka reponn.

Jwenn Jwayo yo

Men pandan tan sa a, kesyon ki pa jwenn repons yo pa bezwen kenbe nou lwen jwayo presye verite etènèl ke nou jwenn nan Ansyen Testaman an—menm si jwayo sa yo kache patwa nan sòl plen wòch eksperyans twoublan yo ak move chwa ki fèt pa moun ki enpafè. Petèt sa ki pi presye nan jwayo sa yo se istwa ak pasaj ke temwaye konsènan lanmou Bondye—sitou ki oryante lespri nou nan direksyon sakrifis Jezikri a. Lè n ap gade yo apati de nenpòt ang, jwayo tankou sa yo briye jodi a jan yo te konn briye nan epòk sa a. Epi paske istwa sa yo pale de pèp alyans Bondye a—gason ak fi ki te gen feblès imèn e ki te renmen ak sèvi Senyè a—gen apil jwayo verite nan liv istorik Ansyen Testaman an.

Nòt

  1. Naratif istorik Bib la ke nou genyen jodi a se prensipalman travay anpil ekriven ak konpilatè anonim, ki te travay pafwa pandan anpil ane, menm pandan dè syèk, apre peryòd tan yo dekri a. Yo te konte sou yon kantife sous istorik e yo te pran desizyon konsènan sa pou yo mete ak sa pou yo pa mete nan istwa yo.

  2. Pa egzanp, malgre 1–2 Kwonik kouvri apeprè menm peryòd avèk 1 Samyèl 31 jiska fen 2 Wa, 1–2 Kwonik mete aksan sou divès detay e li prezante yon pèspektiv diferan. Kontrèman a 1 Samyèl–2 Wa, 1–2 Kwonik mete aksan prèske sèlman sou Wayòm Sid Jide a e souvan li omèt istwa negativ konsènan David ak Salomon (konpare, pa egzanp, 2 Samyèl 10–12 avèk 1 Kwonik 19–20 epi 1 Wa 10–11 avèk 2 Kwonik 9). Vini, Suiv Mwen mete aksan sou etidye istwa a nan 1ak 2 Wa, men gen valè nan konpare istwa sa avèk 1ak 2 Kwonik. Li ta kapab itil pou w sonje ke travay sou 1 Samyèl–2 Wa a ta ka kòmanse anvan anpi Babilòn nan te konkeri Jida a epi li te fini pandan egzil nan Babilòn nan. Yon lòt kote, rejis ki te vin tounen 1–2 Kwonikla te konpile apre juif yo te fin retounen Jerizalèm lè yo te sot an egzil. Pandan w ap li, ou ta kapab konsidere kijan sikonstans diferan sa yo te kapab afekte pèspektiv konpilè divès istwa yo.

  3. Nan kòmansman manyèl sa a w ap jwenn “Apèsi sou Ansyen Testaman an,” yon kalandriye ki montre kijan ministè chak pwofèt antre nan istwa Izrayèl (ak jan yo kapab detèmine sa). W ap remake ke pifò liv pwofetik yo nan Ansyen Testaman an tonbe nan fen kalandriye sa a—yon tikras tan avan ak apre enmi yo te fin konkeri, egzile, ak gaye pitit Izrayèl yo.

Enprime