Vini, Suiv Mwen
Enstriksyon pou Peryòd Chante


“Enstriksyon pou Peryòd Chante ak Prezantasyon Reyinyon Sentsèn Timoun yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“Enstriksyon pou Peryòd Chante,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
timoun ak enstriktè k ap chante

Enstriksyon pou Peryòd Chante ak Prezantasyon Reyinyon Sentsèn Timoun yo

Chè Prezidans Primè ak Dirijan Mizik,

Chan Primè yo se yon zouti puisan pou ede timoun yo aprann plan bonè Pè Selès la ak verite fondamantal levanjil Jezikri yo. Lè timoun yo chante chan osijè prensip levanjil yo, Sentespri a ap temwaye yo verite ki nan chan sa yo. Pawòl yo ak mizik la ap rete nan lespri yo ak nan kè yo pandan tout lavi yo.

Chèche èd Lespri a lè w ap prepare pou w anseye levanjil la atravè mizik. Pataje temwayaj ou sou verite y ap chante yo. Ede timoun yo wè kijan mizik la anrapò avèk sa y ap aprann ak sa y ap viv lakay yo ak nan klas Primè yo. Yomenm ak fanmi yo ap beni pa efò devwe ou.

Nou renmen ou epi nou eksprime rekonesans nou pou sèvis devwe w ap bay pou fòtifye ak pwoteje timoun presye nou yo.

Prezidans Jeneral Primè a

Direksyon pou Prezantasyon Reyinyon Sentsèn nan

Sou direksyon evèk la oswa prezidan branch lan, prezantasyon reyinyon Sentsèn timoun yo nòmalman fèt nan katriyèm trimès la nan ane a. Antanke prezidans Primè ak direktè mizik, fè aranjman pou w rankontre byen bonè nan ane a avèk konseye nan episkopa a ki responsab Primè a pou nou ka kòmanse planifye prezantasyon an. Lè w fin prepare plan yo, chèche fè l apwouve yo.

Prezantasyon an dwe pèmèt timoun yo prezante sa yo menm ak fanmi yo aprann nan Nouvo Testaman an lakay yo ak nan Primè a, enkli chan Primè yo te chante pandan tout ane a. Nan lapriyè, panse ak ki prensip levanjil ak chan ki ka bay sipò nan sa yo aprann yo. Pandan tout ane a, kenbe nòt sou diskou timoun yo bay, ak sou eksperyans pèsonèl yo ke w ta ka petèt itilize nan prezantasyon an. Mande yo pou yo pataje ekriti, istwa, ak temwayaj yo nan prezantasyon an. Lè w ap planifye prezantasyon an, panse sou fason l ka ede kongregasyon an konsantre sou Sovè a ak ansèyman l yo.

Inite ki gen kantite timoun ki piti yo ka reflechi sou fason manm fanmi yo ka patisipe avèk timoun yo. Yon manm episkopa a kapab fini reyinyon an avèk kèk brèf remak.

Lè w ap prepare prezantasyon an, sonje direksyon sa yo:

  • Pratik yo pa ta dwe pran nan tan klas Primè yo oubyen nan tan fanmi yo.

  • Videyo, kostim, ak prezantasyon medya pa apwopriye pou reyinyon Sentsèn nan.

Gade nan Manyèl 2: Administrasyon Legliz la 11.5.4.

Enstriksyon pou Peryòd Chante

5 minit (Prezidans Primè): Priyè ouvèti, ekriti oubyen atik lafwa, ak yon diskou

20 minit (dirijan mizik): Peryòd Chante

Prezidans Primè a ak dirijan mizik la chwazi chan pou chak mwa pou ranfòse prensip timoun yo ap aprann nan klas yo ak lakay yo. Gen yon lis chan pou ranfòse prensip sa yo ki vini avèk gid sa a. Yo sigjere chan sa yo nan plan leson nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a tou.

Lè w ap aprann timoun yo chan yo, envite yo pou yo di kisa yo te deja konnen sou istwa ak prensip doktrinal chan yo anseye yo. Ou gen dwa repase plan leson nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè timoun yo ap etidye nan klas yo a. Sa ap ede w vin konnen ki istwa ak prensip y ap aprann pou w ka enkòpore yo nan yon fason pou yo pote sipò lè timoun yo ap aprann chan yo.

Pandan peryòd chante a, ou ka repase chan yo te deja aprann tou ak chan yo renmen chante. Pandan w ap fè sa, envite timoun yo pou yo pataje panse yo ak sa yo santi osijè verite yo anseye nan chan yo.

Liv Chants pour les enfants se dokimantasyon debaz pou mizik nan Primè a. Kantik nan liv kantik yo ak chan ki nan Zanmi an ak Lyawona yo apwopriye tou. Okazyonèlman, timoun yo ka chante kèk chan patriyotik oubyen lòt chan fèt ki apwporiye pou jou Dimanch ak pou laj timoun yo. Episkopa a dwe apwouve tout lòt mizik nan Primè a (gade Manyèl 2: Administrasyon Legliz la (2010), 11,2. 11.2.4).

Imaj
timoun k ap chante

Apèsi sou Primè a

Chak semèn, Primè a ap genyen:

Peryòd chante25 minit

Tranzisyon5 minit

Klas20 minit

Pou gwo Primè ki gen anpil timoun yo, dirijan yo gen dwa divize timoun yo an de gwoup epi fè yon gwoup al nan klas pandan lòt la nan peryòd chante a. Apresa de gwoup yo ap chanje plas. Nan ka sa yo, dirijan Primè yo gen dwa oblije ajiste lè yo bay anlè la yo pou yo ka reponn a sitiyasyon ki devan yo a.

Mizik pou Peryòd Chante

Janvye

  • Dans le Livre de Mormon,” Chants pour les enfants, 62

  • Pour trouver la paix,” Chants pour les enfants, 68

  • The Iron Rod,” Hymns, no. 274

Fevriye

  • Le courage de Néphi,” Chants pour les enfants, 64–65

  • Je ressens son amour,” Chants pour les enfants, 42–43

  • Oh, j’aime voir le temple,” Chants pour les enfants, 99

Mas

  • Le jour de mon baptême,” Chants pour les enfants, 53

  • Fais donc le bien,” Chants pour les enfants, 80

  • La prière d’un enfant,” Chants pour les enfants, 6-7

Avril

  • Hosanna de Pâques,” Chants pour les enfants, 8-9

  • Nous aidons tous avec joie,” Chants pour les enfants, 108

  • Aimez vos frères,” Chants pour les enfants, 74

Me

  • Je serai vaillant,” Chants pour les enfants, 85

  • Aide-moi, Père,” Chants pour les enfants, 52

  • Le Saint-Esprit a témoigné,” Cantiques, no. 74

Jen

  • Proclamons la vérité,” Chants pour les enfants, 92

  • Suis les prophètes” Chants pour les enfants, 58-59

  • Je voudrais déjà partir en missyonChants pour les enfants, 90

Jiyè

  • Mon Père céleste m’aimeChants pour les enfants, 16-17

  • La foi,” Chants pour les enfants, 50-51

  • Pour sonder tes EcrituresCantiques, 163

Out

  • RepentirChildren’s Songbook,

  • Petite voix douceL’Ami, Avril 2006, 58-59

  • Suis les prophètesChants pour les enfants, 58-59

Septanm

  • Samuel rakonte l’histoire de l’enfant JésusChants pour les enfants,7

  • Jésus-Christ est mon modèleChants pour les enfants, 40–41.)

  • Le sage et le fouChants pour les enfants,132

Oktòb

  • Humblement, calmementChants pour les enfants, 11

  • Ensemble à tout jamais,”Chants pour les enfants,188.

  • L’Eglise de Jésus-ChristChants pour les enfants, 48

Novanm

  • Aimez chacunChants pour les enfants, 39

  • Défends le bien,” Chants pour les enfants, 159

  • Merci, ô mon Père divinChants pour les enfants, 9

Desanm

  • Quand je lis l’Ecriture sainteChants pour les enfants, 66

  • Au loin, dans l’étableChants pour les enfants, 26-27

  • Il envoya son Fils aimé,” Chants pour les enfants, 20

Itilize mizik pou anseye doktrin nan

Bi Peryòd Chante a se pou ede timoun yo aprann verite levanjil yo. Men kèk ide ki ka enspire ou pandan w ap planifye fason pou w anseye prensip levanjil yo ki nan kantik yo ak nan chan Primè yo.

Li ekriti yo. Pou anpil chan nan Chants pour les enfants an ak liv kantik la, gen referans ki anrapò avèk ekriti yo ki nan lis yo. Ede timoun yo li kèk nan pasaj sa yo, epi pale sou fason ekriti yo anrapò avèk kantik la. Ou gen dwa fè lis kèk referans ekriti sou tablo a epi envite timoun yo pou yo fè chak referans matche avèk yon chan oubyen avèk yon kouplè nan chan an.

Ranpli espas vid yo. Ekri yon kouplè nan chan an sou tablo a avèk plizyè mo ki manke. Epi mande timoun yo pou yo chante chan an, pandan y ap koute ki pawòl pou yo mete nan espas vid la. Pandan y ap ranpli chak espas vid, diskite sou prensip levanjil ou aprann nan pawòl ki manke sa yo.

Sitasyon dirijan Legliz yo. Envite timoun yo pou yo koute yon sitasyon yon dirijan Legliz la te bay ki anseye menm prensip levanjil ke chan Primè a. Mande yo pou yo leve men yo lè yo tande yon bagay ki ede yo konprann verite y ap chante yo. Envite yo pou pataje sa yo tande.

Imaj
dirijan peryòd chante

Temwaye. Rann temwayaj brèf bay timoun yo sou verite levanjil yo ki nan chan Primè yo. Ede yo konprann ke chante se youn nan fason yo ka rann temwayaj ak santi Lespri a.

Kanpe kòm temwen. Envite timoun yo pou yo pran tan pou kanpe epi pataje sa yo aprann nan kantik y ap chante a oubyen kijan yo santi yo apwopo verite yo anseye nan kantik la. Mande yo kijan yo santi yo pandan y ap chante chan an, epi ede yo idantifye enfliyans Sentespri a.

Itilize foto. Mande timoun yo pou yo ede w jwenn oubyen kreye foto ki matche avèk mo oubyen fraz enpòtan yo ki nan chan an. Envite yo pou yo di kijan foto yo gen rapò avèk chan an ak sa chan an anseye yo. Paregzanp, si w ap anseye chan “The Iron Rod” la (Hymns, no. 274), ou gen dwa mete foto nan tout sal la ki dekri mo yo ki nan chan an (tankou ba fè, pawòl Bondye, gid, tantasyon, ak syèl). Mande timoun yo pou yo chèche foto yo epi kenbe yo nan lòd kòrèk pandan n ap chante chan an ansanm.

Fè demonstrasyon yon leson. Ou gen dwa itilize yon objè pou pouse yon diskisyon sou yon chan. Paregzanp, chan La foi” (Chants pour les enfants, 50-51) mansyone yon ti grenn semans. Ou gen dwa montre timoun yo yon semans epi pale sou fason nou demontre lafwa lè nou plante yon semans; sa ka mennen nan yon diskisyon sou fason nou montre lafwa nan Jezikri, jan yo dekri nan chan an.

Envite yo pataje eksperyans pèsonèl. Ede timoun yo konekte prensip yo anseye nan chan yo avèk eksperyans yo konn fè avèk prensip sa yo. Paregzanp, anvan w chante “Oh, j’aime voir le temple” (Chants pour les enfants, 99), ou gen dwa mande timoun yo pou yo leve men yo si yo konn wè yon tanp. Mande yo pou yo reflechi sou fason yo santi yo lè yo wè yon tanp pandan y ap chante a.

Poze kesyon. Gen anpil kesyon ou ka poze yo pandan y ap chante chan yo. Paregzanp, ou gen dwa mande yo kisa yo aprann nan chak kouplè nan chan an. Ou gen dwa mande yo pou yo panse a kesyon chan an reponn tou. Sa ka mennen nan yon diskisyon sou verite yo anseye nan chan an.

Koute repons yo. Mande timoun yo pou yo koute repons pou kesyon tankou “kiyès?” “kisa?” “ki kote?” “kilè?” oswa “poukisa?” Paregzanp, nan chan “Le courage de Néphi” a (Chants pour les enfants, 64-65) la, yo ka koute pou konn kiyès yo te mande pou al chèche plak yo ak ki kote, kilè, ki fason, ak poukisa l te obeyi Senyè a. Ou gen dwa mande yo pou yo koute mo kle yo oubyen konte sou dwèt yo konbyen fwa yo repete yon sèten mo nan chan an.

Ede timoun yo aprann ak sonje chan Primè yo

Timoun yo aprann yon chan nan tande l ak chante l pandan plizyè fwa. Toujou chante pawòl yon nouvo chan pou timoun yo—pa jis li yo oubyen resite yo. Sa ap ede yo konekte melodi a avèk pawòl yo. Lè w fin anseye yon chan, repase li epi chante li nan plizyè kalite fason amizan pandan tout ane a. Anba la a, men kèk ide pou ede timoun yo aprann ak repase chan yo.

Kreye afich. Montre afich ki gen mo chak kouplè oubyen foto ki reprezante mo yo. Pandan timoun yo ap chante, kouvri kèk nan mo oubyen foto yo jiskaske yo ka chante tout kouplè a san afich la. Ou gen dwa mande yo pou yo ede w kreye afich yo tou.

Fè demonstrasyon ton chan an. Pou ede timoun yo aprann melodi yon chan, leve men w nan yon pozisyon orizontal, epi, pandan w ap chante mo yo, monte men w pou w ka endike ton ki pi wo yo epi desann ni pou endike ton ki pi ba yo.

Eko. Envite timoun yo pou yo fè eko pou ou nan repete sa w ap chante a. Chante yon ti bout fraz oubyen yon liy pou timoun yo, epi apresa, fè yo chante l pou ou.

Itilize varyasyon. Chante chan yo nan yon varyete fason, tankou, chichote, fredone, bat men, varye tempo a, oubyen chante pandan yo chita oubyen kanpe. Ou gen dwa fè yon kib avèk papye tou, epi, sou chak bò kib la, ekri yon fason diferan pou chante. Envite yon timoun pou woule kib la pou deside ki fason timoun yo pral chante chan an.

Chante an gwoup. Bay chak klas oubyen chak moun yon fraz pou yo chante pandan yo kanpe, epi fè yo fè echanj fraz yo jiskaske chak klas oubyen chak moun jwenn yon tou pou chante chak fraz.

Fè jès. Envite timoun yo pou yo panse a kèk jès senp pou ede yo sonje pawòl ak mesaj ki nan yon chan. Paregzanp, lè w ap chante dezyèm kouplè chan “Mon Père céleste m´aime” nan (Chants pour les enfants, 16-17 ),la, ou gen dwa envite yo pou yo lonje dwèt sou zye yo, pou yo aji tankou papiyon, pou yo mete men yo an fòm yon kèp dèyè zòrèy yo. Mande yo pou yo mete men yo sou kè yo lè y ap chante “Oui, je sais qu’il m’aime et me bénit (Wi, m konnen Pè Selès la renmen m) nan.”

Tifi chante, tigason chante. Fè foto yon tigason ak foto yon tifi, epi kole yo oubyen tepe yo sou tibwa diferan. Lè w ap repase yon chan, kenbe youn nan foto yo pou endike kiyès ki dwe chante pati sa a nan chan an.

Boul papye nan panye. Mete panye oubyen lòt veso nimewote devan klas la—fè kantite veso yo egal ak kantite vèsè nan yon chan byen patikilye. Envite youn nan timoun yo pou lanse yon tisak pwa oswa boulèt papye nan yon panye oubyen yon veso nimewote. Fè yo chante kouplè ki gen menm nimewo ki sou panye a oubyen veso a.

Matche yon foto avèk yon fraz. Ekri chak liy yon chan sou yon moso papye diferan, epi chèche yon foto ki reprezante chak liy. Mete foto yo sou yon bò sal la epi papye yo sou lòtbò a. Chante chan an, epi mande timoun yo pou yo fè foto yo matche avèk pawòl yo.

Nòt: Referans ak pawas ak episkopa yo aplike pou branch ak prezidans branch tou.

Enprime