Vini, Suiv Mwen
Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a


“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Primè” a, Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Liv Mòmon 2020 (2020)

“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Primè” a, Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Klas Primè k ap jwe yon jwèt

Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a

Prepare pou anseye nan Primè

Etid pèsonèl ak familyal nan fwaye a ta dwe sant aprantisaj levanjil la. Sa se yon verite pou oumenm ak timoun w ap anseye yo. Lè w ap prepare pou w anseye, kòmanse fè pwòp eksperyans pa w nan ekriti yo. Preparasyon ki pi enpòtan pou w fè a ap fèt lè w chèche enspirasyon Sentespri a.

Manyèl Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a se yon pati enpòtan nan etid pèsonèl ou ak preparasyon w pou anseye. L ap ede w gen yon konpreyansyon pi apwonfondi sou prensip doktrinal yo ki nan ekriti yo.

Pandan preparasyon w lan, w ap resevwa panse ak enpresyon osijè timoun w ap anseye yo. W ap resevwa ide pou w ka konn ki prensip nan ekriti yo ki ap beni lavi yo. W ap jwenn direksyon pou enspire yo pou yo dekouvri prensip sa yo pandan y ap aprann nan ekriti yo pèsonèlman epi avèk fanmi yo. Sonje pou w panse a timoun k ap viv nan sitiyasyon familyal kote yo gen dwa pa ka fè etid ekriti familyal regilye yo.

Ide pou ansèyman

Lè w ap fè plan pou ansèyman w yo, ou ka jwenn enspirasyon adisyonèl si w al gade plan leson yo bay la nan manyèl sa a. Pa konsidere ide sa yo kòm enstriksyon pou w suiv etap pa etap, men pito, kòm sigjesyon pou deklanche pwòp enspirasyon pa ou. Ou konnen timoun sa yo—epi w ap vin aprann konnen yo pi byen toujou pandan w ap an relasyon avèk yo nan klas la. Senyè a konnen yo tou, epi l ap enspire w avèk pi bon mwayen pou w anseye yo ak beni yo.

Gen anpil lòt resous ki disponib pou w itilize pandan w ap prepare w, enkli ide ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak revi Legliz yo. Pou plis enfòmasyon sou resous sa yo ak sou lòt resous, gade nan seksyon “Dokimantasyon adisyonèl pou anseye timoun yo” nan manyèl sa a.

Kèk bagay pou w kenbe nan lespri w

  • Se paran yo ki gen premye responsablite pou anseye pitit yo. Antanke enstriktè, ou gen responsablite enpòtan pou w sipòte, ankouraje, ak bati sou aprantisaj levanjil la nan fwaye a. Panse a timoun ki gen paran ki pa p anseye levanjil la nan fwaye yo. Fè tout timoun yo patisipe nan diskisyon levanjil yo kèlkeswa sitiyasyon ki egziste lakay yo.

  • Repetisyon se yon bon bagay. Timoun yo aprann verite levanjil yo pi efikasman lè yo anseye yo verite sa yo san rete atravè yon varyete aktivite. Si w dekouvri ke yon aktivite aprantisaj efikas pou timoun yo, panse pou w refè l plizyè fwa, sitou si w ap anseye timoun piti. Ou gen dwa repase yon aktivite ki te fèt nan yon leson anvan tou.

  • Papa nou ki nan syèl la vle w reyisi kòm enstriktè. Li mete anpil resous aladispozisyon ou pou ede w reyisi, enkli reyinyon konsèy enstriktè yo. Nan reyinyon sa yo, ou ka fè echanj konsèy avèk lòt enstriktè sou nenpòt pwoblèm w ap rankontre. Ou ka fè diskisyon ak pratik tou sou prensip pou anseye nan fason Kris la.

  • Si w ap anseye timoun piti, epi w bezwen èd adisyonèl, gade nan seksyon “Satisfè bezwen timoun piti yo” nan manyèl sa a.

  • Manyèl sa a gen egzèsis pou chak semèn nan ane a, eksepte pou de Dimanch lè gen Konferans Jeneral yo. Nan jou Dimanch kote Primè pa fèt poutèt konferans pieu oubyen pou nenpòt lòt rezon, fanmi yo ka kontinye li Nouvo Testaman an lakay yo selon orè yo ba yo a. Pou w ka respekte orè yo ba ou pou klas Primè w la, ou gen dwa chwazi pou w sote yon leson oubyen konbine de leson ansanm. Pou evite konfizyon, Prezidant Primè yo gen dwa deside pou yo bay enstriktè yo konsèy alavans sou ajisteman sa yo.

Imaj
yon fanmi k ap itilize yon laptop

Enprime