Ansyen Testaman 2022
Resous Adisyonèl pou Anseye Timoun yo


“Resous Adisyonèl pou Anseye Timoun yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“Resous Adisyonèl pou Anseye Timoun yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
enstriktè ak timoun piti nan yon sal klas legliz la

Resous Adisyonèl Pou Anseye Timoun yo

Nou ka jwenn resous sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la ak nan ChurchofJesusChrist.org.

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo

Ou ka adapte nenpòt ki aktivite ki soti nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pou itilizasyon nan klas Primè w la. Pa fatige w si gen timoun ki deja fè aktivite sa yo avèk fanmi yo lakay yo; repetisyon ede timoun aprann. Timoun yo gen dwa byen anvi di w kijan yo te fè aktivite sa yo avèk fanmi yo ak sa yo te aprann.

Cantiques ak Chants pour les enfants

Mizik sakre envite Lespri epi li anseye doktrin nan yon fason memorab. Anplis vèsyon nprime Cantiques ak Chants pour les enfants, ou ka jwenn anrejistreman odyo ak videyo pou anpil kantik ak chan timoun nan music.ChurchofJesusChrist.org ak nan app Mizik ak App Medya Levanjil la.

Pou ide, gade nan seksyon “Itilize Mizik pou anseye doktrin nan” ak “Ede Timoun yo Aprann ak Sonje Chan Primè yo ak kantik yo” nan “Enstriksyon pou Prezantasyon Mizik pou Peryòd Chante ak Reyinyon Sentsèn Timoun yo” nan manyèl sa a.

Gade Timoun Piti Nou Yo

Anpil nan sijè yo abòde nan Gade Timoun Piti nou yo: Manyèl Gadri sanble avèk sa w pral anseye yo nan Primè a. Sitou si w ap anseye timoun piti, anvizaje konsilte manyèl gadri a pou w ka jwenn chan, istwa, aktivite, ak atik atizama siplemantè.

ReviZanmi

Revi Zanmi yo ka ba w istwa ak aktivite ki ka konplete prensip w ap anseye nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèyo.

Istwa Ansyen Testaman yo

Istwa Ansyen Testaman yo ka ede timoun yo aprann doktrin ak istwa ki nan Nouvo Testaman yo. Nou ka jwenn videyo sou istwa sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la tou ak nan MediaLibrary.ChurchofJesusChrist.org.

Liv Koloryaj Istwa Ekriti yo—Ansyen Testament

Resous sa a gen paj aktivite koloryaj amizan ki prepare pou ogmante aprantisaj timoun nan Ansyen Testaman an.

Videyo ak Ilistrasyon

Ilistrasyon, videyo, ak lòt medya ka ede moun w ap anseye yo konprann doktrin nan ak vizyalize istwa ki gen rapò avèk ekriti yo. Visite Gospel Media nan MediaLibrary.ChurchofJesusChrist.org pou navige nan koleksyon resous medya Legliz la. Medya Levanjil disponib tou kòm yon app mobil. W ap jwenn anpil foto ke ou ka itilize nan klas ou a nan Liv Ilistrasyon Levanjil la.

Anseye nan Fason Sovè a

Anseye nan fason Sovè a ka ede w aprann ak aplike prensip pou anseye nan fason Kris la. Nou diskite ak pratike prensip sa yo nan reyinyon konsèy enstriktè yo.

Enprime