Vini, Suiv Mwen
27 Avril–3 Me. Mozya 7–10: “Nan fòs Senyè a”


“27 Avril–3 Me. Mozya 7–10: “Nan fòs Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020 (2020)

“27 Avril–3 Me. Mozya 7–10” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon 2020{

Amon ap anseye Wa Limi

Minerva Teichert (1888-1976), Ammon devan Wa Limhi, 1949-1951, penti aluil sou masonite, 35 15/16 x 48 pous. Mize Atitstik Inivèsite Brigham Young, 1969.

27 Avril–3 Me.

Mozya 7–10

“Nan fòs Senyè a”

Plan leson sa a ka yon resous valab, men li ta dwe yon sipleman, pou l pa ranplase enspirasyon w resevwa pandan w ap etidye Mozya 7–10 la.

Ekri Enpresyon ou

senbòl pataj

Envite pataj

Tanzantan, li ta bon pou n ta diskite nan klas la sou benediksyon manm klas yo ap resevwa si yo fè pou fè fwaye yo tounen sant pou aprantisaj levanjil la. Ki vèsè nan Mozya 7–10 la manm klas yo te medite oswa diskite nan fwaye yo pandan semèn nan? Kijan sa te afekte lavi yo?

senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Mozya 7:14–33

Si nou tounen vè Senyè a, nou fè l konfyans, epi nou sèvi li, l ap delivre nou.

  • Pandan manm klas yo ap etidye Mozya 7:14–33 la, eksperyans pèp Limi an siman te enspire yo pou repanti epi tounen vè Senyè a pou delivrans yo. Pou lanse yon diskisyon, ou ka envite yon manm nan klas la pou l vini tou prepare pou rezime kijan pèp Limi an te tonbe nan esklavaj. Kèk lòt ta ka pataje sa yo te aprann nan men Limi sou lafwa ak esperans nan Sovè a. Kisa nou ka aprann nan rapèl Limi yo sou fason Bondye te delivre pèp li a?(gade vèsè 19–20). Ou gen dwa mande yo pou yo pataje resi nan ekriti yo oswa eksperyans pèsonèl ki te enspire yo pou yo fè Bondye konfyans.

  • Manm klas ou yo gen opòtinite pou enspire lòt moun retounen al jwenn Bondye lè yo nan esklavaj peche oubyen lè y ap soufri anba lòt afliksyon. Petèt li ta p bon pou yo ta etidye fason Limi te motive pèp li a. Yo ta ka toudabò li deskripsyon nan Mozya 7:20–25 la sou esklavaj pèp Limi an epi panse a yon moun yo konnen k ap redi anba esklavaj peche. Apresa yo ka idantifye verite Limi te anseye nan Mozya 7:18–20, 33 yo pou ede pèp li a. Kijan nou ka suiv egzanp Limi lè n ap ankouraje moun nou renmen yo pou yo fè Bondye konfyans?

  • Pou ede yo pi byen konprann èd Bondye ba nou nan advèsite, nou ka chante ansanm epi diskite sou kantik “Sauveur d‘Israel” la (Cantiques, no. 5) oubyen yon lòt kantik ki dekri fason Sovè a delivre nou. Kisa Mozya 7:17–20; Etè 12:27; ak 2 Korentyen 12:7–10 ajoute sou konpreyansyon nou? Petèt manm klas yo ta ka pataje eksperyans kote Senyè a te delivre yo, menm nan ti fason senp, paske yo te montre lafwa nan li.

Mozya 7:26–27

Lòm te kreye dapre imaj Bondye.

  • Nan vèsè sa yo, Limi eksplike kèk nan verite Abinadi te anseye yo, ke pèp la te difisil pou aksepte. Ki verite manm klas yo ka idantifye nan vèsè sa yo? Kijan verite sa yo afekte fason nou wè Bondye ak fason nou wè tèt nou?

Mozya 8:12–19

Senyè a bay pwofèt, vwayan ak revelatè pou benefis limanite.

  • Amon te gen opòtinite pou l te eksplike Limi wòl yon vwayan epi temwaye sou enpòtans pwofèt, vwayan, ak revelatè yo. Ou gen dwa klarifye pou yo ke, nan epòk pa nou an, nou soutni Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apot yo kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè. Kijan, tankou Amon, nou ka pale avèk asirans sou nesesite pou n gen pwofèt, vwayan, ak revelatè? (gade Mozya 8:13–18). Petèt manm klas yo ka redije yon mesaj pou rezo sosyal ki ka ede lòt moun konprann wòl yon pwofèt, vwayan, ak revelatè nan epòk pa nou an. Kisa nou te tande nan dènye konferans jeneral la ke nou ka pataje avèk zanmi nou, manm fanmi nou, ak vwazen nou pou anseye yo sou nesesite pou n gen pwofèt?

  • Kòm yon rezilta lekti Mozya 8:12–19 la, oumenm oswa lòt manm nan klas la ka anvi rann temwayaj nou sou pwofèt, jan Amon te fè a, oubyen sou rekonesans nou pou revelasyon nou resevwa palentèmedyè pwofèt yo, jan Limi te fè a (gade Mozya 8:19).

  • Pwofèt Joseph Smith se vwayan ki kanpe nan tèt dispansasyon sa a (gade D&A 21:1 Ou ka vle mande manm klas la pou pataje sa yo aprann nan deskripsyon Amon an sou yon vwayan (gade Mozya 8:13–18 Apresa yo ka diskite fason Joseph Smith sete yon vwayan. (D&C 135:3 and Moses 6:36 ka itil nan diskisyon sa a.)

Mozya 9:14–19; 10:6–10

Nou ka fè fas ak pwoblèm yo “nan fòs Senyè a.“

  • Fraz “nan fòs Senyè a” parèt defwa nan rejis Zeniff yo sou pèp li a ak batay yo kont Lamanit yo—nan Mozya 9:14–19 ak 10:6–10. Petèt manm klas yo ka fouye vèsè sa yo epi pataje sa yo santi fraz sa a vledi. Kijan nou jwenn aksè nan “fòs Senyè a”? Ankouraje yo pou yo pataje eksperyans kote yo te fè fas ak pwoblèm yo avèk siksè nan fòs Senyè a.

Mozya 10:11–17

Chwa nou yo ka enfliyanse dè jenerasyon.

  • Ou ka envite manm klas yo li Mozya 10:11–17 an silans epi chèche fason Lamanit yo te afekte pa chwa ak kwayans zansèt yo. Kisa sa sigjere konsènan efè chwa nou yo ka genyen sou lòt moun? Kijan nou ta vle yo deskri noumenm ak fanmi nou nan yon jenerasyon oubyen de? Petèt manm klas yo ka ekri kèk nan bagay yo ta vle ki enkli nan kalite deskripsyon sa a.

  • Yon senp objè leson—tankou yon liy domino—ta ka ede ilistre efè chwa moun yo ka genyen sou posterite yo. Apresa ou ka envite manm klas yo pou yo li Mozya 10:11–17 epi diskite sou fason kwayans ak atitid Lamanit yo te pwofondeman afekte pa chwa zansèt yo te fè plizyè syèk avan sa. Istwa Èldè Donald L. Hallstrom nan, ki nan “Resous Adisyonèl” la se yon lòt egzanp nou ka pataje. Petèt manm klas yo ta ka panse a kèk istwa, nan lavi yo oswa nan lavi fanmi yo sou yon moun jis ki enfliyanse dè jenerasyon pou byen.

Senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Semèn sa a manm klas yo te aprann konsènan efè negatif chwa Lamanit yo te genyen sou pitit yo. Fè yo konnen ke nan Mozya 11–17 yo pral li konsènan yon moun ke ladwati l te chanje lavi anpil moun.

senbòl resous

Resous adisyonèl

Desizyon nou yo ka afekte anpil jenerasyon.

Èldè Donald L. Hallstrom te rakonte kijan fidelite granparan li te yon benediksyon pou jenerasyon k te suiv yo:

“Granparan bò kot papa m yo te gen de pitit, yon gason (papa m) ak yon fi. … [Pitit fi yo a] te marye an 1946 epi katran apre li ta p tann yon pitit. Gen yon bagay trè espesyal pou paran k ap tann pou yon pitit fi (nan egzanp sa yon grenn pitit fi) akouche pou la premyè fwa. Pèsonn pa t konnen ke li t ap pote jimo. Malerezman, limenm ak jimo yo te mouri pandan akouchman an.

“Kè granparan m yo te brize. Sepandan, doulè yo a te imedyatman fè yo tounen vè Senyè a ak Ekspyasyon l lan. San yo pat chita ap mande poukisa sa te rive ak kimoun pou yo te blame, yo te fokis sou viv yon lavi jis. Granparan m yo pat janm te rich; yo pat janm fè pati elit sosyete a; yo pat janm gen gwo pozisyon nan Legliz la—yo te senpleman Sen Dènye Jou devwe. …

“Fidelite Granpa Art ak Granma Lou, espesyalman lè yo te devan difikilte, enfliyanse kat jenerasyon ki te vin apre yo rive jodia. Dirèkteman e pwofondeman, li te afekte pitit gason yo a (papa m) ak manman m lè pwop pitit fi paran m yo, pi jèn pitit yo a, te mouri anba konplikasyon pandan l t ap akouche. Nan laj 34 tran, li te mouri 10 jou apre akouchman an, li te kite 4 pitit nan laj 10 jou rive 8 tan. Avèk egzanp yo te wè nan jenerasyon avan an, paran mwen—san ezitasyon—te tounen vè Senyè a pou konsolasyon”(“Turn to the Lord,” Ensign oswa Liahona, Me 2010, 78–79).

Amelyore ansèyman nou

Koute. “Koute se yon zak lanmou. … Mande Pè Selès la pou l ede w konprann sa manm klas ou yo ap di. Si w pote bon jan atansyon a sa y ap di ak menm sa yo pa di, w ap vin pi byen konprann bezwen yo, sousi yo, ak dezi yo” (Anseye nan fason Sovè a, 34).