“29 Jen– 5 Jiyè. Alma 23–29: ‘Yo pa t janm kite Legliz la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)
“29 Jen– 5 Jiyè. Alma 23–29,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Liv Mòmon an 2020
29 Jen– 5 Jiyè
Alma 23–29
Yo “pa t janm kite legliz la”
Pandan w ap li Alma 23-29 la, sonje ke, pou w ka ede lòt moun aprann verite yo ki nan chapit sa yo, ou bezwen fè eksperyans anrichisan avèk verite sa yo pou tèt pa w.
Ekri enpresyon ou
Envite pataj
Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo ekri vèsè ki te touche yo pandan yo t ap fè etid pèsonèl oubyen etid familyal yo sou tablo a. Pase kèlke minit pou w envite kèlke moun pou yo pale de yon verite yo te aprann nan vèsè sa yo ki ekri sou tablo a.
Anseye doktrin nan
Konvèsyon m nan Jezikri ak nan levanjil li a chanje lavi m.
-
Antanke disip Jezikri, nou tout dwe fè efò pou nou apwofondi konvèsyon nou. Petèt istwa Anti-Nefi-Leyi yo ka ankouraje moun w ap anseye yo nan efò yo pou yo ka fè sa. Ou gen dwa kòmanse pa ekri yon kesyon sou tablo a, tankou sa a: Kisa sa vledi pou yon moun konvèti? oubyen Ki kalite chanjman ki fèt nan lavi moun yo lè yo konvèti? Manm klas yo gen dwa chèche repons nan pasaj sa yo: Alma 23:6–7, 17–18; 24:17–19; 25:15–16; ak 27:26–30. Yo gen dwa pataje ide yo jwenn nan lòt vèsè yo te li nan Alma 23–25 ak 27 yo tou. Manm klas yo gen dwa jwenn repons pou kesyon sa yo nan mesaj Èldè David A. Bednar la tou “Konvèti nan Senyè a” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2012, 106–9; gade “Resous adisyonèl”) tou. Ki chanjman k te fèt nan Anti-Nefi-Leyi yo kòm rezilta konvèsyon yo? Kijan egzanp yo ka enspire nou pou nou apwofondi konvèsyon nou nan Jezikri ak nan levanjil li a?
-
Kijan w ka enspire manm klas yo pou yo abandone nenpòt fo tradisyon yo genyen epi antere zàm rebelyon yo, jan Anti-Nefi-Leyi te fè a? Panse pou w repase Alma 23:5–7 la ansanm. Ki kèk bon tradisyon levanjil la ede w devlope? Kisa “zam … rebelyon” Lamanit yo reprezante nan epòk pa nou an? Kijan nou ka “antere yo fon anba tè a”? (Alma 24:17). Envite manm klas yo pou yo medite sou fo tradisyon ak zam rebelyon yo bezwen abandone pou yo ka viv levanjil la pi konplètman.
Gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, nou ka jwenn padon lè nou repanti.
-
Si w santi w pouse pou fè yon diskisyon nan klas la sou repantans, istwa Anti-Nefi-Leyi yo nan Alma 24 la se yon egzanp enspiran ou ka itilize. Ou gen dwa bay chak manm klas la tach pou li yon vèsè nan Alma 24:7–16 la epi mande yo pou yo ekri sou tablo a yon bagay yo aprann nan vèsè yo a osijè repantans. Apresa, yo gen dwa chèche nan ekriti sa yo pou yo ka jwenn ide adisyonèl sou repantans: Ezayi 53:5–6; 2 Nefi 2:6–8; ak Mozya 5:2.
Levanjil la pote lajwa.
-
Nan Alma 23–29, mo “lajwa” a parèt 24 fwa, sa k fè chapit sa a se yon bon kote pou nou aprann kijan viv levanjil la—ak pataje li—pote lajwa. Ou gen dwa divize manm klas yo an gwoup epi mande chak gwoup pou yo repase kèk nan vèsè sa yo, pandan y ap chèche pouki rezon Amon, pitit gason Mozya yo, ak Alma te rejwi: Alma 24:13–15; 26:12–22; ak 29:1–17. Fè yo fè lis sa yo jwenn yo sou tablo a. Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou fason levanjil la pote lajwa pou nou?
-
Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Lè lavi nou santre sou plan sali Bondye a … ak Jezikri ak levanjil li a, nou ka santi lajwa kèlkeswa sa k rive—oswa sa k pa rive—nan lavi nou. Lajwa nou soti nan limenm e gras avèk li. Li se sous tout lajwa” (“Joie et survie spirituelle”,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016,82). Petèt manm klas yo ta ka pataje kèk eksperyans ki te ede yo konprann verite ki nan pawòl Prezidan Nelson yo.
-
Alma ak Amon te jwenn gwo lajwa nan pataje levanjil la. Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo chèche kisa nan vèsè nan Alma 26 ak 29 yo ki ta ka enspire yon jèn moun pou l al sèvi yon misyon—oubyen enspire nenpòt moun pou yo pataje levanjil la avèk lòt moun. Panse pou w ba yo kèlke minit pou yo ka planifye yon bagay yo ka fè pou pataje levanjil la. Envite yo pou yo mete plan yo fè yo an aplikasyon, epi nan yon klas nan apre, ou ka ankouraje yo pou yo pale de efò yo.
-
Lè Alma te ede lòt moun repanti, li te sonje bonte Bondye (gade Alma 29:10–13). Petèt ou ta ka bay manm klas yo yon ti moman pou yo sonde vèsè sa yo epi fè lis sa Alma te sonje yo. Kisa k raple nou bonte Bondye? Kijan nou konn wè bonte Bondye nan lavi nou?
Nou ka vin enstriman nan men Bondye.
-
Pou ede manm klas yo eksplore kisa sa vledi pou nou se “enstriman nan men Bondye” (Alma 26:3), ou gen dwa montre yo plizyè kalite enstriman oubyen zouti. Ou gen dwa envite yo pou yo pote kèk zouti yo itilize nan klas la tou. Nan ki fason enstriman sa yo itil? Nan ki fason nou tankou enstriman nan travay Bondye a? Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo chèche wè ki fason Amon ak konpayon misyonè l yo sete enstriman nan men Bondye (gade, paregzanp, Alma 26:1–5, 11–12). Ki konpreyansyon nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 4 la sou kisa savle di pou nou enstriman nan men li? Manm klas yo gen dwa pataje eksperyans kote yo konn santi lajwa yo konn santi lè yo se yon enstriman nan men Bondye.
Ankouraje aprantisaj lakay
Anpil nan fo ide ki fè pitit Bondye yo egare nan epòk pa nou yo se prèske menm ak sa k te egziste nan epòk Alma a. Di manm klas yo ke nan Alma 30–31 an y ap wè kijan Alma ak lòt yo te reyaji devan fo ansèyman sa yo.
Resous adisyonèl
Konvèti nan Senyè a
Èldè David A. Bednar te anseye:
“Esans levanjil Jezikri a enplike yon chanjman fondamantal ak pèmanan nan nati nou ki posib gras avèk Ekspyason Sovè a. Vrè konvèsyon pote yon chanjman nan kwayans, kè, ak lavi yon moun pou fè l aksepte ak konfòme l a volonte Bondye (gade Travay 3:19; 3 Nefi 9:20) epi sa enkli yon angajman konsyan pou l vin yon disip Kris la.”
Apre l te fin site Alma 23:6–8 la, Èldè Bednar te kontinye eksplike:
“Gen de eleman fondamantal ki dekri nan vèsè sa yo: (1) konesans laverite, ke nou ka entèprete kòm yon temwayaj, ak (2) konvèti nan Senyè a, ke m panse ki se konvèsyon nan Sovè a ak nan levanjil li a. Konsa, asosyasyon puisan temwayaj ak konvèsyon nan Senyè a pwodui fèmte ak konstans epi sa pote yon pwoteksyon spirityèl.
“Yo pa t janm kite legliz la epi yo te depoze ‘zam rebelyon yo, pou yo pa t goumen kont Bondye ankò.’ Pou yon moun depoze ‘zam rebelyon’ l si renmen yo, tankou egoyis, ògèy, ak dezobeyisans, sa mande plis pase senpleman kwè ak konnen. Konviksyon, imilite, repantans, ak soumisyon presede abandone zam rebelyon nou. Èske oumenm avèk mwen ankò posede zam rebelyon ki anpeche nou vin konvèti nan Senyè a? Si wi, nou bezwen repanti kounyeya menm.
“Note ke Lamanit yo pa t konvèti poutèt misyonè yo ki te anseye yo a ni poutèt bèl pwogram ki gen nan Legliz la. Yo pa t konvèti poutèt pèsonalite dirijan yo ni pou yo te prezève yon eritaj kiltirèl oswa tradisyon zansèt yo. Yo te konvèti nan Senyè a—nan limenm kòm Sovè a ak nan divinite li ak doktrin ni an—epi yo pa t janm kite legliz la” (“Konvèti nan Senyè a,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2012, 107–9).