Vini, Suiv Mwen
7–13 Septanm. 3 Nefi 1–7: “Leve tèt ou epi pran kouraj”


“7–13 Septanm. 3 Nefi 1–7: ‘Leve tèt ou epi pran kouraj,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020) (2020)

“7–13 Septanm. 3 Nefi 1–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Imaj
Nefit yo temwen jou san nuit la

Yon jou, yon nuit, epi yon jou, pa Jorge Cocco

7–13 Septanm

3 Nefi 1–7

“Leve tèt ou epi pran kouraj”

Sentespri a ka pouse w mete aksan sou kèk prensip espesifik nan 3 Nefi 1–7 la nan klas la. Prensip sa yo gen dwa se egzakteman prensip ki pral pote benediksyon pou yon moun ki nan bezwen.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ede manm klas yo pataje sa y ap aprann lakay yo, mande yo pou yo ekri kèk verite yon jwenn nan 3 Nefi 1–7  yo sou kè ti moso papye ak referans ekriti yo jwenn ou verite sa yo. Mete moso papye yo nan yon veso, epi chwazi plizyè pou diskite nan klas la. Pandan manm klas yo ap pataje a, reflechi sou ide yo mansyone nan plan leson sa yo ki ka apwofondi diskisyon an epi angaje lòt manm klas yo pou yo patisipe.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

3 Nefi 1–7

Konvèsyon se yon pwosesis ki mande efò dilijan.

  • 3 Nefi 1–7 la dekri moun ki te konvèti nan Jezikri ak levanjil li a ak moun ki pa t konvèti. Pou ede klas la idantifye kisa k te fè diferans ant gwoup sa yo, ou gen dwa trase de kolòn sou tablo a avèk antèt sa yo: Kwayans ak aksyon ki febli konvèsyon ak Kwayans ak aksyon ki fòtifye konvèsyon. Divize referans ekriti sa yo pami manm klas yo, epi envite yo pou yo ekri sa yo jwenn yo nan kolòn yo (gen yon egzanp yo bay pou premye referans lan).

    Kijan nou ka kenbe konvèsyon nou solid malgre lopozisyon?

  • Klas ou a gen dwa ta renmen dekouvri kijan fòtifye sa 3 Nefi 1:27–30 la rele “jenerasyon k ap leve a.” Ou gen dwa mande yo pou yo jwenn rezon nan vèsè sa yo ki fè jèn Nefit yo ak jèn Lamanit yo pa t kapab reziste anba mechanste ki te antoure yo a. Sa ka mennen nan yon diskisyon sou kèk nan pwoblèm jenerasyon k ap grandi a ap fè fas jodia ak sou pi bon fason pou ede yo devlope lafwa nan Kris la. (Gen kèk egzanp nan seksyon “Resous Adisyonèl” la.)

3 Nefi 1:4–21; 5:1–3

Senyè a ap akonpli tout pawòl li.

  • Lekti resi ki nan 3 Nefi 1:4–21 ak 5:1–3 ta ka fòtifye lafwa manm klas yo nan pwomès Senyè a fè yo. Petèt yo ta ka li 3 Nefi 1:4–7 ansanm epi fè lis sou tablo a sou fason yo ta ka santi yo si yo sete kwayan yo dekri nan vèsè sa yo. Yo gen dwa panse a kèk sitiyasyon menmjan an tou ki ka prezante jodia. Kisa nou aprann nan 3 Nefi 1:8–21 ak 5:1–3 sou Senyè a ak pwomès li yo? Pou elaji diskisyon an, ou gen dwa repase yon kantik sou konfyans nan Bondye, tankou “When Faith Endures” (Hymns, no. 128). Manm klas yo ka pataje eksperyans kote lafwa yo ak konfyans yo nan Bondye te rekonpanse, malgre lopozisyon.

3 Nefi 1:4–15; 5:12–26; 6:10–15; 7:15–26

Nou se disip Jezikri.

  • Mòmon te deklare: “Gade, m se yon disip Jezikri” (3 Nefi 5:13). Pou egzamine avèk klas la kisa sa vledi pou n se yon disip, ou gen dwa envite yo pou yo chèche nan 3 Nefi 1:4–15; 5:12–26; 6:10–15; ak 7:15–26, pu yo ka jwenn kalite, kwayans, ak aksyon disip Jezikri yo. Panse pou w ba yo kèk minit pou yo reflechi epi ekri yon bagay yo ka fè pou yo ka vin yon pi bon disip Jezikri.

3 Nefi 2:11–12; 3:12–26; 5:24–26

Lè jis yo rasanble, Senyè a ka fòtifye yo ak pwoteje yo.

  • Yon pati nan rezon k te fè Nefit yo te ka venk vòlè Gadyanton yo sete gras ak fòs yo yo te mete ansanm avèk Lamanit ki te konvèti yo epi yo te suiv enspirasyon Lakoneyis pou yo te “rasanble ansanm” nan Zarayemla a (3 Nefi 3:22). Ki leson yo ka tire nan bagay sa a? Ou gen dwa mande yo pou yo pataje eksperyans kote yo te fòtifye pa moun jis ki te bò kote yo. Apresa, envite yo pou yo repase 3 Nefi 3:12–26, pandan y ap chèche rezon k te fè Nefit yo rasanble ansanm yo ak benediksyon yo te resevwa. Kijan benediksyon sa yo se menm lè nou rasanble avèk manm fanmi nou oubyen branch nou ak pawas nou? Ki lòt bagay anplis nou ka aprann osijè rasanble nan 3 Nefi 5:24–26 la?

  • Lekti 3 Nefi 3 a ta ka yon bon opòtinite pou ede manm klas yo wè kijan nou ka vin pi fò lè nou rasanble ansanm nan lajistis. Petèt ou ka panse a yon leson objè ki montre kijan yon bagay ki fèb ka vin solid lè l ini avèk lòt bagay. Envite manm klas yo pou yo imajine ke yo t ap mande yo pou yo te konvenk Nefit yo sou benefis ki genyen nan rasanble ansanm, jan yo dekri nan vèsé 12–26 la. Petèt yo ka travay an gwoup pou diskite kijan pou yo fè sa, baze sou sa yo li nan vèsè sa yo. Fè yo pataje ide yo. Apresa ansanm an klas, ou gen dwa diskite sou kesyon tankou sa yo: Ki pwoblèm n ap rankontre jodia ki sanble ak pa vòlè Gadyanton yo? Kijan nou ka fè fwaye nou ak pawas nou vin tounen lye refij?

3 Nefi 3:1–13

Nou pa bezwen pè Satan.

  • Epit Gidyani, chèf vòlè Gadyanton yo te ekri a sete yon tantatif pou l te entimide ak twonpe Nefit yo. Petèt manm klas yo ta ka repase pawòl li yo ki nan 3 Nefi 3:2–10 yo epi konpare yo avèk fason Satan ap eseye twonpe nou jodia. Kisa nou aprann nan reyaksyon Lakoneyis, jij anchèf Nefit yo?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas yo pou yo li 3 Nefi 8–11 pou pwochen klas la, di yo ke 3 Nefi 11 gen “evenman siprèm” nan Liv Mòmon an—ministè pèsonèl Jezikri pami Nefit yo (gade entwodiksyon Liv Mòmon an).

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Ede bati lafwa nan jenerasyon k ap grandi a.

Èldè Valeri V. Cordon nan Swasanndis yo te sigjere twa fason pou ede jenerasyon k ap grandi a rete vrè nan levanjil la:

  1. “Pi dilijan ak pi sousye lakay. … Ansèyman puisan ektrèmeman enpòtan pou prezève levanjil la nan fanmi nou, epi sa mande dilijans ak efò. Yo envite nou plizyè fwa pou nou pran abitid pou n fè priyè ak edit ekriti pèsonèl ak familyal chak jou. Anpil fanmi ki ap fè bagay sa yo beni chak jou avèk plis inite ak yon relasyon pi pwofon avèk Senyè a.”

  2. “Bon egzanp nan fwaye a. … Li pa ase pou nou jis pale avèk pitit nou yo de enpòtans maryaj nan tanp, jèn, ak kenbe Saba a sen. Yo dwe wè nou ap fè plas nan orè okipe nou yo pou nou ka ale nan tanp osi souvan nou kapab. Yo bezwen wè angajman nou pou n jene regilyèman ak sanktifye tout jou Saba a.”

  3. “Tradisyon. … Antanke fanmi, nou bezwen evite tradisyon ki anpeche nou sanktifye jou Saba yo oubyen ki anpeche nou fè etid ekriti ak priyè chak jou nan fwaye nou yo. Nou bezwen fèmen pòt dijital lakay nou yo kont pònografi ak lòt move enfliyans mal yo. Pou konbat tradisyon mond lan nan epòk nou an, nou bezwen itilize ekriti yo ak vwa pwofèt modèn nou yo pou anseye pitit nou yo sou idantite divin yo, bi yo nan lavi a, ak misyon divin Jezikri a” (“Langaj Levanjil la,” Ensign oubyen Liahona, Me 2017, 56–57; italik ajoute).

Amelyore ansèyman nou

Enplike moun ki gen difikilte yo. Pafwa gen manm klas la k ap lite ki jis bezwen santi yo entegre epi nou renmen yo. Panse pou w mande yo pou yo jwe yon wòl nan yon pwochen leson oubyen asire w ke yo gen moun ki pou mennen yo legliz la. Pa dekouraje si yo pa reponn a efò w la toudabò. (Gade Anseye nan fason Sovè a,8–9.)

Enprime