Vini, Suiv Mwen
12–18 Oktòb. 3 Nefi 20–26: “Nou se pitit alyans lan”


“12–18 Oktòb. 3 Nefi 20–26: ‘Nou se pitit alyans lan,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Liv Mòmon 2020 (2020)

“12–18 Oktòb. 3 Nefi 20–26,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2020

Kris la ki parèt devan Nefit yo

Ilistrasyon Kris la ki parèt devan Nefit yo pa Andrew Bosley

12-18 Oktòb.

3 Nefi 20–26

“Nou se pitit alyans lan”

Kite Lespri a gide etid ou sou 3 Nefi 20–26 la. L ap ede w idantifye ki prensip ki ka patikilyèman enpòtan pou moun w ap anseye yo.

Ekri enpresyon ou

senbòl pataj

Envite pataj

Apre w fin li pawòl Sovè a ki nan 3 Nefi 23:1 yo ansanm, ou gen dwa mande manm klas yo kisa yo te chèche pandan yo t ap li ekriti yo semèn sa a. Ki repons yo te jwenn?

senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

3 Nefi 20:25–41; 21:9–11, 22–29

Nan dènye jou yo, Bondye pral akonpli yon gwo travay mèveye.

  • Sovè a te pale de “yon gwo travay mèveye” (3 Nefi 21:9) Papa l t ap fè nan dènye jou yo. Petèt manm klas yo te aprann sou travay sa a pandan yo t ap etidye chapit sa yo lakay yo. Kesyon tankou sa yo ta ka enspire yon diskisyon: Kisa Sovè a te di k t ap rive nan yon jou fiti? (gade espesyalman 3 Nefi 20:30–32, 39–41; 21:22–29). Poukisa li rele bagay sa yo “gran” ak “mèveye”? Ki prèv nou wè ki endike nou ke travay sa a ap fèt? Kijan nou ka patisipe?

  • Pou ede manm klas yo wè kijan Pwofèt Joseph Smith te ede akonpli gran travay mèveye sa a, ou gen dwa montre yo foto Pwofèt la epi envite yo pou yo li 3 Nefi 21:9–11, pandan y ap chèche mo ak fraz ki raple yo lavi ak ministè Joseph Smith. Paregzanp, kijan Senyè a te “ba li pouvwa pou l kapab pote [levanjil la] bay Janti yo”? (vèsè 11). Poukisa li enpòtan pou n konnen ke Sovè a te predi ministè Joseph Smith la? (gade 2 Nefi 3) tou.

  • Ou gen dwa ede manm klas yo wè yomenm nan gran travay mèveye sa a yo predi nan chapit sa yo kote y ap li 3 Nefi 20:25–27 ansanm. Si nesesè, ou gen dwa souliyen pou yo ke lè nou fè alyans avèk Senyè a, nou vin tounen posterite Abraham. Kijan, antanke desandan Abraham nou ka beni “beni tout nasyon sou tè a”? (vèsè 25). Manm klas yo ta ka reflechi sou kesyon sa a pandan y ap li deklarasyon Prezidan Russell M. Nelson an ki nan “Resous adisyonèl” la epi pataje panse yo.

3 Nefi 23; 26:1–12

Sovè a vle nou sonde ekriti yo.

  • Kisa echanj Sovè a avèk Nefit yo revele nou sou fason l santi l osijè ekriti yo? Pou ede klas la dekouvri sa, ou gen dwa mande mwatye nan yo pou li 3 Nefi 23 epi pou lòt mwatye a li 3 Nefi 26:1–12; apresa youn ka pataje sa yo jwenn ak lòt. Yo gen dwa pataje ide yo genyen sou fason pou montre Senyè a ke ekriti yo enpòtan pou nou tou. Paregzanp, ki diferans ki genyen ant sonde ekriti yo ak senpleman li yo? (gade 3 Nefi 23:1).

3 Nefi 24:1–6

Senyè a tankou dife rafinè a.

  • Gen èd vizyèl ki ka anrichi diskisyon w lan sou 3 Nefi 24:1–6 la. Paregzanp, ou gen dwa montre yon pyès kòb oubyen yon savon pandan manm klas yo ap li vèsè sa yo pou yo ka wè kijan bagay sa yo gen rapò avèk Sovè a ak misyon l lan. Ou gen dwa li eksplikasyon sou pirifikasyon lajan ak savon foulon an ki nan “Resous adisyonèl” la tou. Oubyen ou gen dwa pase videyo “Dife rafinè a” (ChurchofJesusChrist.org). Kijan Senyè a “tankou dife yon rafinè, e tankou potas foulon an”? (vèsè 2). Kisa egzanp sa yo anseye nou sou fason Sovè a pirifye nou?

3 Nefi 24:7–18

Bondye mizèrikòdye anvè moun ki retounen al jwenn ni.

  • Ou gen dwa di yo ke ansèyman sou ladim yo nan 3 Nefi 24:8–12 la se repons pou kesyon yo poze nan vèsè 7 la: “Kouman pou nou fè retounen [al jwenn Senyè a]?” Ki relasyon ki egziste ant “[retounen] al jwenn [Senyè a]” avèk peye dim? Manm klas yo gen dwa di kijan yo te resevwa benediksyon yo pale nan vèsè 10-12 yo lè yo peye dim yo. Kijan verite sa yo ka itil yon moun k ap lite pou peye dim ni?

  • Ki atitid yo dekri nan 3 Nefi 24:13–15 la nou souvan wè nan mond lan jodia? Ankouraje manm klas yo pou yo di kisa yo t ap di yon moun ki santi lavi a pi fasil oubyen pi bon pou moun ki pa kenbe kòmandman yo? Selon 3 Nefi 24 la, kijan Senyè a beni moun k ap sèvi li? Ou gen dwa ankouraje yo pou yo jwenn egzanp nan 3 Nefi 22. (Gade Mozya 2:41; Alma 41:10) tou.

3 Nefi 25:5–6

Kè nou dwe tounen sou zansèt nou yo.

  • Pou ilistre konsèp tounen kè nou vè zansèt nou yo, ou gen dwa envite yon manm nan klas la pou l vire do bay lòt moun yo nan klas la epi dekri yo pa memwa (ki kote yo chita, kisa yo mete, eksetera). Apresa li gen dwa vire gade klas la epi eseye ankò. Kisa egzanp sa a ka anseye nou sou vire kè nou sou zansèt nou yo atravè travay tanp ak istwa familyal? Lè w fin li 3 Nefi 25:5–6, petèt manm klas yo ta ka di kijan kè yo te vire sou zansèt yo. Ou gen dwa envite konsiltan tanp ak istwa familyal pawas la pou prezante kèk enfòmasyon sou istwa familyal pou yo. Kijan travay sa a gen rapò avèk rasanbleman Izrayèl Prezidan Russell M. Nelson pale nan “Resous adisyonèl” la?

senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Nan 3 Nefi 274 Nefi nou li konsènan yon “pèp ki [te pi kontan] nan pami tout pèp men Bondye te kreye” (4 Nefi 1:16). Di klas la ke si nou li chapit sa yo, sa ap ka ede nou aprann kijan pou nou jwenn bonè pou tèt nou ak pou fanmi nou.

senbòl resous

Resous adisyonèl

Ou ka fè pati yon bagay ki gran.

Prezidan RussellM. Nelson te deklare:

“Asireman nou nan dènye jou yo, epi Senyè a ap akselere travay li pou rasanble Izrayèl la. Rasanbleman sa a se bagay ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a jodi a. Pa gen anyen ki konparab avèk li nan grandè li, pa gen anyen ki konparab avèk li nan enpòtans li, pa gen anyen ki konparab avèk li nan majeste li. Si nou chwazi, si nou vle, nou kapab jwe yon gwo wòl ladan. Nou kapab vin fè pati yon bagay ki gwo, yon bagay ki gran, yon bagay ki majestye!

“Lè n ap pale de rasanbleman an, nou senpleman eksprime verite fondamantal sa a: chak grenn pitit Papa nou ki nan Syèl la, sou toulède bò vwal yo, merite pou yo tande mesaj levanjil retabli Jezikri a. …

“… Panse sou sa! Nan tout moun ki te janm viv sou planèt la, nou se moun ki gen okazyon pou n patisipe nan gwo evenman rasanbleman final sa a. Ala eksitan sa ye!…

“Rasanbleman sa a dwe siyifi tout bagay pou ou. Sa se misyon yo te voye w sou tè a pou w fè” (“Espwa Izrayèl” [devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen, 2018], broadcasts.ChurchofJesusChrist.org).

Rafine ak pirifye.

Nou jwenn lajan melanje avèk lòt mineral nan jizman mineral ajan yo. Nan tan ansyen yo, yon fondè ajan te konn ekstrè ajan an nan mete mineral la nan yon fou chofe a tanperanti ekstrèm. Sa te lakoz yon matyè (inpite oubyen mineral initil) te fòme sou sifas ajan ki fonn nan. Fondè a te konn grate li pou l te retire l, e l te kite ajan pur la sèlman, ke yo te ka repere gras ak reyonman distenktif li.

Yon foulon sete yon moun ki te konn ap netwaye ak blanchi rad. Li te konn plonje rad la nan yon melanj dlo melanje avèk “savon potas” ki te prepare pou retire grès ak salte. Lè rad la te plonje nan dlo a, foulon an te konn frape l oubyen tanponnen l pou retire salte yo. (Gade “Dife fondè a ak savon potas foulon an,” New Era, Jen 2016, 6–7.)

Amelyore ansèyman nou

Anseye moun, non pa leson. Fason ou trete moun yo osi enpòtan ke sa w ap anseye yo a. Pafwa nou sitèlman sousye pou nou byen prezante leson an ke sa anpeche nou eksprime lanmou nou pou moun n ap anseye yo. Si sa konn rive ou, reflechi sou fason ou ka konsantre w sou sa k pi enpòtan yo” (Anseye nan Fason Sovè a 6).