“22–28 Fevriye. Doktrin ak Alyans 18–19: ‘Valè Nanm yo Gwo’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanchl: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)
“22–28 Fevriye. Doktrin ak Alyans 18–19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021
Fèm Martin Harris la, pa Al Rounds
22–28 Fevriye
Doktrin ak Alyans 89:18–19
Nanm yo Gen Gwo Valè
Se sèlman pa Sentespri ke kè yon moun kapab chanje. Prezidan Henry B. Eryring te anseye:“Si w anseye prensip doktrinal yo, Sentespri a vini” (“Diskisyon avèk Eldè Richard G. Scott ak Eldè Henry B. Eyring” [Church Educational System satellite training broadcast, Aug. 11, 2003]).
Ekri Enpresyon ou
Envite Pataj
Pou w motive manm klas la pou yo pataje eksperyans yo avèk ekriti yo, li ansanm Doktrin ak Alyans 18:34–36. Apre sa, mande yo pou yo pataje yon vèsè yo te li semèn sa a kote yo te rekonèt vwa Senyè a.
Anseye Doktrin nan
Doktrin ak Alyans 18:10–16; 19:15–20, 39–41
Senyè a rejwi lè nou repanti.
-
Anpil moun asosye repantans avèk santiman negatif. Kijan pawòl Senyè a ki nan Doktrin ak Alyans 18 ak 19 yo ede manm klas la wè repantans kòm yon bagay ki pote lajwa? Ou ta kapab ekri sou tablo a Repantans se epi mande manm klas la pou yo sigjere fason pou w konplete fraz sa a, pandan y ap baze sou sa yo te li nan seksyon 18 ak 19 yo. Anvizaje revize Doktrin ak Alyans 18:10–16; 19:15–20, 39–41 nan klas la.)
-
Kisa sa vle di pou w “kriye repantans”? (Doktrin ak Alyans 18:14.) Petèt manm klas la te siman konsidere kesyon sa a lè yo te li Doktrin ak Alyans 18:10–16 la. Poukisa pafwa moun chwazi pou yo pa repanti? Kijan nou kapab enspire moun nou renmen yo pou yo vin jwenn Sovè a ak resevwa padon? Ankouraje manm klas la pou yo chèche yon bagay nan Doktrin ak Alyans 18:10–16 oubyen 19:15–20 ki ta kapab ede.
“Nanm yo gen gwo valè nan je Bondye.”
-
Kijan w ka ede manm klas la konprann kijan nou chak gen anpil valè nan je Bondye? Petèt yo ta kapab li Doktrin ak Alyans 18:10–16 epi pataje eksperyans kote yo te rive konprann valè yo pou Bondye. Kijan vèsè sa yo afekte fason nou wè tèt nou? fason nou wè lòt moun? Kijan Bondye montre nou ke nou gen gwo valè nan je l?
Valè yon Nanm, pa Liz Lemon Swindle
Jezikri te soufri pou tout limanite.
-
Kijan w ka ede manm klas la santi temwayaj Sentespri a pandan y ap medite sou deskripsyon Sovè a bay pou pwòp sakrifis ekspyatwa l la? (Doktrin ak Alyans 19:15–19). Petèt ou ta kapab envite yon moun pou l chante yon chan ou renmen konsènan Sovè a. Ou ta kapab montre tou yon foto Sovè a epi envite manm klas la pou yo li vèsè 15–19; apre sa, yo ta kapab ekri panse yo ak sa yo santi. (Pawòl Èldè D. Tood Christofferson yo nan “Resous Adisyonèl yo” ta kapab apwofondi apresyasyon manm klas la pou soufrans Sovè a tou.) Yon fraz tankou sa a sou tablo a ta kapab ede manm klas la medite tou: Mwen rekonsan pour Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a paske … Kèk manm nan klas la gen dwa vle pataje sa yo te ekri a epi rann temwayaj yo konsènan Jezirkri.
Doktrin ak Alyans 19:16–26, 34–41
Souvan fè sa Bondye vle mande sakrifis.
-
Pandan manm klas la ap fè fas a sitiyasyon kote yo dwe fè sakrifis pou levvanjil la, li kapab enspiran pou yo pou yo konnen sakrifis Martin Harris te fè pou Liv Mòmon an te ka pibliye. Petèt ou ta kapab envite yon moun pou l vin nan klas la prepare pou l pale de desizyon Martin Harris pou l ipoteke fèm ni an pou l te ka peye pou enprime Liv Mòmon an (gade nan Sen yo 1:76–78). Ki vèsè nan seksyon 19 la ki kapab te ede l pran desizyon sa a? Ou gen dwa envite manm klas la pou yo pataje kijan Liv Mòmon an te beni yo ak kijan yo rekonesan pou sakrifis Martin Harris la ak pou lòt ankò ki te fè sakrifis pou Liv Mòmon an te ka pibliye.
-
Petèt yon moun nan klas la te kapab pataje yon sakrifis li te fè pou Senyè a. Sa kapab pote manm klas la reflechi sou pwòp volonte pa yo pou yo fè sakrifis. Anklouraje yo pou yo pataje nenpòt sa yo jwenn nan Doktrin ak Alyans 19 la ki enspire yo pou yo fè sakrifis pou akonpli volonte Bondye (gade sitou vèsè 16–26, 34–41).
Resous adisyonèl
Pri Lanmou Bondye.
Pandan l t ap fè referans a Doktrin ak Alyans 19:18 la, Èldè D. Tood Christofferson te di: “Annou relechi sou pri amou presye Bondye. … Agoni li nan Jetsemane ak sou kwa a te pi gwo pase sa okenn mòtèl te ka sipòte. Men, gras ak lanmou li pou Papa a ak pou nou, li te pèsevere, epi, kòm rezilta, li ka ofri nou imòtalite ak lavi etènèl” (“Demere nan amou mwen,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2016, 50).
Amelyore ansèyman nou
Kreye yon anviwonman ki envite Lespri a. Gen anpil fason ou kapab envite Lespri a nan klas ou a. Mizik prelid kapab ankouraje reverans. Ekspresyon lanmou ak temwayaj kapab kreye yon atmosfè espirityèl plen chalè. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 15.)