Vini, Suiv Mwen
18–24 Fevriye Matye 5; Lik 6: ‘Benediksyon pou ou’


“18–24 Fevriye Matye 5; Lik 6: ‘Benediksyon pou ou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“18–24 Fevriye Matye 5; Lik 6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019

Diskou sou Mòn nan

Diskou sou Mòn nan, pa Jorge Cocco

18–24 Fevriye

Matye 5; Lik 6

“Benediksyon pou ou”

Ekri enpresyon espirityèl ou resevwa pandan w ap etidye Matye 5 ak Lik 6 yo. Revelasyon ap vini lè w chèche satisfè bezwen klas ou a. Plan leson sa a ka ede w jwenn ide adisyonèl.

Ekri enpresyon ou

senbòl pataj

Envite pataj

Prezidan Joseph Fielding Smith te di: pou otan ke nou konnen, Diskou sou Mon nan se “pi gran [diskou] ki te janm preche” (Enseignements des présidents de l'église: Joseph Fielding Smith [2013], 234). Poukisa manm klas yo santi sa se verite? Kisa yo ka pataje?

senbòl ansèynan

Anseye doktrin nan

Matye 5:1–12

Bonè dirab soti nan viv nan fason Jezikri te anseye ak fason l te viv la.

  • Diskou sou Mon nan Sovè a te fè a, ki te prensipalman adrese a disip ki te pi pwòch li yo, komanse avèk deklarasyon nou rekonèt kòm Beyatitid yo, kote Kris la te envite nou pou n repanse a kisa sa vle di pou nou viv yon lavi beni—yon lavi bonè dirab. Pou kòmanse yon diskisyon sou bonè dirab, ou ka mande manm klas yo pou yo di kisa k fè yo kontan. Dapre Beyatitid yo, kisa Jezikri di ki fè yon moun “beni,” oubyen etènèlman kontan? Nan ki sans ansèyman Jezi yo diferan avèk lòt fason moun ap eseye jwenn bonè yo?

  • Pou ede manm klas yo konprann tèm tankou kè ki pur oubyen patizan lapè yo, ou ta gen dwa ekri kèk nan tèm ki nan vèsè 3–12 yo sou tablo a. Apresa, envite manm klas yo pou yo sigjere tèm ki opoze a chak tèm sa yo ak kisa yo aprann konsènan chak tèm lè yo fè sa. Mande yo pou yo medite sou sa yo ta ka chanje pou yo ka vin tounen kalite moun yo dekri nan vèsè sa yo. Kisa 3 Nefi 12:3, 6 ajoute sou konpreyansyon nou de Matye 5:3, 6 la?

  • Yon lòt fason pou eksplore vèsè sa yo se envite chak manm nan klas la pou yo etidye ekriti adisyonèl sou youn nan Beyatitid yo epi pataje sa yo aprann yo avèk klas la. Èske yo konn yon moun ki egzanplifye prensip sa a?

Diskou sou Mòn nan

Diskou sou Mòn nan, pa Frank Adams

Matye 5:14–16

Disip Sovè yo dwe se limyè mond la.

  • Kòman manm klas ou yo santi yo lè yo li deklarasyon Jezikri a ki di yo se “limyè mond la”? Kisa sa vledi kache limyè nou “anba yon tab,” e poukisa nou gen dwa tante pou nou fè sa? Deklarasyon Èldè Robert D. Hales la nan “Resous adisyonèl" la ta ka ankourajan. Kiyès ki te yon “limyè” pou manm klas ou yo?

  • Panse a yon fason pou w demontre ansèyman Kris yo ki di nou se limyè pou mond la. Èske w ka montre foto yon vil ki klere lannuit. Èske w ka pote yon flach epi kache l anba yon panye? Poukisa Sovè a konpare disip li yo avèk limyè? Kòman nou ka itilize konpreyansyon sa a pou n ka yon limyè pou lòt moun? (gade DA 103:9–10) Manm klas yo ka diskite oubyen jwe wòl sou fason limyè levanjil la ka klere nan lavi yo e beni lòt moun.

  • Gen kèk lòt ekriti w ta ka ajoute nan diskisyon w lan sou limyè a, tankou 3 Nefi 18:24; Doktrin ak Alyans 50:24; 84:44–47; 88:50, 67; ak 93:36–40. Manm klas yo gen dwa kontan chante kantik konsènan limyè tou, tankou “Christ est ma lumière” ak “Brillante étoile, étoile du matin,” Cantiques, no. 50, 97. Kisa kantik ak ekriti sa yo ajoute sou konpreyansyon nou de Matye 5:14–16 la?

Matye 5:17–48

Jezikri te anseye yon lwa siperyè ki ka mennen nou nan pèfeksyon.

  • Sityasyon yo dekri nan Matye 5 yo te espesifik a epòk Sovè a, men prensip li te anseye yo inivèsèl. Pou ede manm klas yo wè aplikasyon yo nan lavi yo, envite yo pou yo seleksyone yonn nan pasaj sa yo epi panse sou yon egzanp nan epòk nou an ki ilistre sa Sovè a t ap anseye a: vèsè 21–24; 27–30; 33–37; 38–39; 40–42; ak 43–44. Yo gen dwa fè sa endividyèlman oubyen an gwoup epi pataje egzanp yo avèk klas la.

  • Jèn yo gen dwa kontan jwe yon jwèt konparezon ki ta ka ede yo wè ke ansèyman Sovè a ki nan Matye 5:21–48 la depase lwa Moyiz la. Ou gen dwa kreye yon lo kat ki gen fraz ki kòmanse pa: “nou tande yo di” (ki dekri lwa Moyiz la) ki nan Matye 5:21–44 la. Kreye yon lòt lo kat avèk fraz nan vèsè ki kòmanse avèk “men, mwenmenm mwen di” (ki dekri lwa siperyè Kris la). Mete de lo kat yo fas anba, epi fè yon manm klas la chwazi youn nan kat “nou tande" yo, avèk youn nan lòt lo a, pou l chèche fè yo matche. Kontinye jiskaske yo fin matche lwa Mozayik la avèk nouvo ansèyman Kris yo. Chak fwa yo jwenn de ki matche, di poukisa nou bezwen ansèyman Sovè yo nan epòk nou an.

  • Kijan w ka ede manm klas yo wè ke, lè Sovè a kòmande pou nou “pafè” a, sa vle di, jan Prezidan Russell M. Nelson te eksplike a, pou nou “konplè” oubyen “fini”? (Matye 5:48; ““Perfection Pending,” Ensign, Nov. 1995, 86–88). Men yon ide: dekoupe yon foto Jezi pou fè l tounen yon jwèt asanblaj, epi envite manm klas yo pou, nan do chak moso, yo ekri yon ansèyman nan Matye 5 la ke yo santi yo enspire pou aplike nan lavi yo. Kite yo travay ansanm pou yo konplete asanblaj la. Kòman Sakrifis Jezikri a ede nou vin “konplè” oubyen “fini”? (gade “Gras” nan Diksyonè Bib la).

  • Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo fikse bi pou yo aji sou enspirasyon yo resevwa pandan y ap etidye Matye 5 la. Reflechi sou kijan w ka suiv envitasyon sa a nan pwochen leson yo.

senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas yo pou yo li Matye 6–7 pandan semèn pwochèn nan, ou gen dwa di yo ke Prezidan Harold B. Lee te rele Diskou sou Mòn nan “konstitisyon pou yon lavi pafè” (Enseignements des présidents de l'église: Harold B. Lee [2000], 200).

senbòl  resous

Resous adisyonèl

Matye 5; Lik 6

Se pou w yon limyè.

Èldè Robert D. Hales te anseye: “Èske w fè yon ti poz pou w panse ke petèt ou se limyè Papa nou ki nan syèl la voye pou gide yon lòt moun retounen lakay an sekirite a oubyen pou w yon flanbo ki depi byen lwen montre lòt moun chemen pou yo retounen sou wout dwat e etwat ki mennen nan lavi etènèl la? Limyè w se yon flanbo e li pa dwe janm sispann klere ni l pa dwe detounen moun k ap chèche chemen lakay yo” (“That Ye May Be the Children of Light” [Kwendfe nan Inivèsite Brigham Young, Nov. 3, 1996], 9; speeches.byu.edu).

Cheche pèfeksyon.

Prezidan Harold B. Lee te anseye: “Èske w sipoze Sovè a t ap sigjere yon bi ki enposib pou n atenn epi konsa, moke nou nan efò nou pou n viv nan fason pou n atenn pèfeksyon sa a? Li enposib pou isit la nan mòtalite a nou rive nan eta pèfeksyon sa a Mèt la t ap pale a, men, nan lavi sa a, nou poze fondasyon kote nou pral bati nan letènite a; se poutèt sa, nou dwe asire nou ke fondasyon nou bati sou laverite, lajistis ak lafwa” (Enseignements des présidents de l'église: Harold B. Lee, 195).

Prezidan Joseph Fielding Smith te di: “[Pèfeksyon] pa p vini yon sèl kou, men li vini liy sou liy, presèp pa presèp, egzanp aprè egzanp, epi, menm lè sa a, se pa p pandan n ap viv nan lavi mòtèl sa a. … Men se isit la nou poze fondasyon an. Isit la se kote yo anseye nou verite senp sa yo nan Levanjil Jezikri a, nan eta preparatwa sa a, pou prepare nou pou pèfeksyon sa a. Se devwa m, se devwa pa w, pou m pi bon jodia pase m te ye yè, e pou w pi bon jodia pase w te ye yè, epi pou w pi bon demen pase w te ye jodia” (Enseignements des présidents de l'église: Joseph Fielding Smith [2013], 234–35).

Amelyore ansèyman nou

Ogmante patisipasyon manm klas yo. Gen anpil aktivite nou ka fè ansanm antanke klas, an ti gwoup, de pa de, oubyen sou fòm yon deba. Itilize yon varyete metòd pou pèmèt kèk moun patisipe, moun ki otreman gen dwa pa gen yon chans pou yo patisipe. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 33.)