Vini, Suiv Mwen
13–19 Me. Matye 19–20; Mak 10; Lik 18: ‘Kisa m manke ankò?’


“13–19 Me . Matye 19–20; Mak 10; Lik 18: ‘Kisa m manke ankò?’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

13–19 Me. Matye 19–20; Mak 10; Lik 18,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019

Imaj
travayè nan jaden an

13–19 Me.

Matye 19–20; Mak 10; Lik 18

Kisa m manke ankò?

Pandan w ap etidye Matye 19–20; Mak 10; ak Lik 18 la, nan lapriyè, panse a kisa manm klas yo ta ka aprann oubyen santi nan etid pèsonèl yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Li ta ka bon pou w ta okazyonèlman pale de eksperyans manm klas yo ki anrapò avèk aksan yo mete sou aprantisaj levanjil la nan fwaye a ane sa a. Ki eksperyans ki reyisi yo ka pataje? Ki obstak ak difikilte yo rankontre? Ki konsèy youn ka bay lòt?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Matye 19:3–9

Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay Bondye òdone.

  • Deplizanplis, fason mond la konsidere maryaj vin pi kontrè a verite etènèl la. Pou ede manm klas yo aprann vizyon Bondye pou maryaj la, ou gen dwa envite yo pou yo li Matye 19:3–9 epi fè lis verite yo jwenn konsènan maryaj yo sou tablo a. Yo gen dwa fè lis verite adisyonèl yo jwenn nan pasaj sa yo tou: Jenèz 1:27–28; 1 Korentyen 11:11; Doktrin ak Alyans 42:22; 49:15–17; 131:1–4; 132:19; ak Moyiz 3:18, 21–24. Kòman verite sa yo ranfòse nan “Fanmi: Yon pwoklamasyon pou Mond la”? (Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 129).

  • Kijan w ka ede manm klas yo santi yo pi byen prepare pou yo eksplike oubyen defann ansèyman Sovè a sou maryaj yo? Ou gen dwa envite yo pou yo fè lis kèk kesyon yo konn tande sou ansèyman Legliz la konsènan maryaj sou tablo a. Apresa yo ta ka sigjere repons pou kesyon sa yo kote y ap itilize sa yo konnen sou plan sali a ak deklarasyon ki nan “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond la,“ Matye 19:3–9, ak ansèyman ki nan seksyon “Resous adisyonèl“ la. Panse pou w envite manm klas yo pou yo jwe wòl sou fason yo ta ka eksplike kwayans nou konsènan maryaj bay yon moun ki gen kwayans diferan.

  • Panse pou w entwodui sijè maryaj la avèk sitasyon sa a ÈldèRobert D. Hales te bay: “Okenn nan nou pa marye avèk pèfeksyon; nou marye avèk potansyèl” (“Fè fas ak pwoblèm mond jodia,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 46). Envite manm klas yo pou yo panse avèk yon koup moun marye yo admire. Ki kalite koup sa a genyen? Ki kalite manm klas yo ta renmen nan yon konjwen, epi ki kalite yo vle devlope pou yo ka yon bon konjwen? Epi tou, reflechi sou sitasyon w ta ka itilize nan mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Mariage céleste” la (Ensign oswa Liahona, Nov. 2008, 92–95) pou ede manm klas yo fikse maryaj selès kòm objektif yo.

Imaj
yon koup aje devan yon tanp

Maryaj etènèl fè pati plan Bondye a.

Matye 20: 1–16

Lavi etènèl disponib pou tout moun—keseswa nou aksepte levanjil la byen bonè oubyen nan ta.

  • Kisa ki ta ka ede manm nan klas ou yo aplike prensip ki nan parabòl travayè yo nan jaden an? Ou ta gen dwa envite kèk manm nan klas la pou yo prepare yon mizansèn sou parabòl la pou yo jwe nan klas la. Apre prezantasyon an, moun k ap reprezante travayè yo ta ka pataje sa yo te santi osijè peman yo te resevwa a ak poukisa. Kisa parabòl sa a sigjere konsènan wayòm syèl la? Ki limyè adisyonèl manm klas yo jwenn osijè parabòl sa a nan mesaj Èldè Jeffrey R. Holland nan “Travayè nan Jaden an”? (Ensign oswa Liahona, Me 2012, 31–33).

Matye 19:16–22; Mak 10:17–27

Sovè a ap gide nou vin pi pre li si nou mande èd li.

  • Kijan w ka ede manm klas yo idantifye ak aplike prensip ki nan istwa jenòm rich la? Yon apwoch se ta ka pou mande yo pou yo li Mak 10:17–27 epi mande tèt yo si yo konn janm santi yo tankou jenòm rich la. Kisa k te ede yo suiv konsèy Sovè a malgre sa te difisil? Èske nenpot moun nan klas la ka pataje yon eksperyans kote l te mande, “Kisa m manke ankò?” (Matye 19:20) epi l te resevwa yon enspirasyon pèsonèl pou l amelyore? Ki diferans sa te fè nan lavi li?

Lik 18:9–14

Nou dwe gen konfyans nan mizerikòd Bondye, non pa nan pwòp jistis pa nou.

  • Parabòl kote Sovè a konpare priyè yon Farizyen avèk priyè yon Pibliken an ka ede w souliye atitid Senyè a mande pou moun k ap chèche suiv li yo genyen. Pou ede manm klas yo aplike parabòl sa a a epòk nou an, ou gen dwa envite yo pou yo re-ekri priyè Farizyen an nan yon fason ki itilize detay modèn men ki eksprime menm atitid yo. Yo gen dwa fè menm bagay la tou avèk priyè Pibliken an epi pataje sa yo ekri. Kijan vèsè 15–17 ak 18–24 yo anrapò avèk sa Sovè a te anseye a nan parabòl sa a?

  • Kòman vèsè sa yo ka enspire moun w ap anseye yo pou yo rete enb, menmjan pibliken an te enb la? Petèt deklarasyon Èldè Dale G. Renlund te fè konsènan vèsè sa yo ta ka ede:“Mesaj la klè pou nou: yon pechè ki repanti apwoche pi plis kote Bondye pase moun k ap jistifye tèt li a ki kondane pechè sa a” (“Bon Bèje nou an” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 31).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje klas ou a etidye Matye 21–23; Mak 11–12; Lik 19–20; ak Jan 12, panse pou w mande yo, “Kisa w t ap fè si w ta gen sèlman yon semèn ki rete pou w viv?” Di yo ke chapit sa yo revele sa Sovè a te fè nan dènye semèn lavi l la.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Matye 19–20; Mak 10; Lik 18

Maryaj okipe yon plas santral nan plan Bondye a.

Premye Prezidans la ak Kolèj Douz Apot yo te pibliye deklarasyon sa a konsènan maryaj ant moun menm sèks:

“Nou ankouraje tout moun pou yo kenbe nan lespri yo objektif Pè Selès la te genyen lè l te kreye tè a pou ke noumenm, pitit li yo, nou te vin fèt nan mòtalite a epi vin fè eksperyans isit la [gade nan Jenèz 1:27–28; 2:24]. … Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay Bondye òdone epi l se pwen santral nan plan li pou pitit li yo ak pou byennèt sosyete a. …

“… Bondye atann pou nou soutni ak respekte kòmandman l yo kèlkeswa divèjans opinyon oubyen tandans sosyete a. Lwa chastete l la byen klè: relasyon seksyèl apwopriye sèlman ant yon gason ak yon fi ki marye legalman kòm mari ak madanm” (“LDS Church Instructs Leaders Regarding Same-Sex Marriage,” Jan. 10, 2014, mormonnewsroom.org).

Limyè adisyonèl sou maryaj.

“Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond la” ka ede nou eksplike poukisa pwofèt Senyè a yo avèti nou kont tout bagay ki kontrè a maryaj ant yon gason ak yon fi. Pwen sa yo ka ede nou tou:

  • Fanmi se yon konsèp etènèl. Nou tout fè pati fanmi Bondye a, epi plan li se pou gason ak fi yo ka marye epi sele pou yo ka viv kòm fanmi pou letènite (gade nan Jenèz 2:18, 21–24; 1 Korentyen 11:11).

  • Kòm yon pati nan plan Bondye a, mari ak madanm resevwa kòmandman pou yo miltipliye ak ranpli tè a (gade Jenèz 1:28) epi pou yo elve pitit yo nan lajistis.

  • Objektif final plan Bondye a se egzaltasyon, oubyen lavi etènèl nan prezans Bondye, kote mari ak madanm fidèl ka gen pwogresyon etènèl ak lajwa etènèl (gade nan DA 132:19–21). Plan Bondye a se sèl mwayen pou nou atenn egzaltasyon (gade nan DA 131:1–4).

  • Senyè a atann pou nou montre amou ak konpasyon pou moun k ap defann oubyen k ap patisipe nan bagay ki kontrè a plan Bondye pou maryaj la, tankou viv ansanm san marye, oubyen marye avèk moun menm sèks (gade nan mormonandgay.lds.org). Vrè konpasyon se fè tout sa nou kapab avèk amou ak pasyans, pou nou envite yo suiv plan Bondye a, ki se sèl plan bonè veritab la. Lè nou anbrase oubyen nou soutni lòt altènatif ki diferan de plan Bondye a, sa fè nou plis mal pase byen.

Amelyore enstriksyon nou

Bondye bezwen talan ak kapasite san parèy ou. “Ou ka beni pitit Bondye yo si w itilize enpe nan amou w gen pou lòt moun nan, enpe nan don Bondye ba ou yo, ak enpe nan eksperyans lavi w yo. Si w sèvi fidèlman epi w chèche èd Bondye, l ap mayifye ou, epi kapasite pou w anseye levanjil la nan fason Sovè a ap amelyore” (Anseye nan fason Sovè a, 5).

Enprime