Vini, Suiv Mwen
11–17 Novanm. Ebre 7–13: ‘Yon Sakrifikatè pou byen k ap vini yo’


“11–17 Novanm. “Ebre 7–13: ‘Yon Sakrifikatè pou byen k ap vini yo’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“11–17 Novanm. Ebre 7–13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Mèlkisedèk bay Abraram yon benediksyon

Mèlkisedèk beni Abraram, pa Walter Rane

11–17 Novanm

Ebre 7–13

“Yon Sakrifikatè pou byen k ap vini yo”

Pandan w ap li Ebre 7–13 la, medite sou ki mesaj Senyè a te genyen pou Sen Ebre yo. Chèche ki mesaj li gen pou oumenm ak moun w ap anseye yo tou.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Anvan klas la, envite kèk nan manm klas yo pou vini prepare pou yo pataje kèk vèsè nan Ebre 7–13 ki ka ede yo “rapwoche yo de [Bondye] avèk yon kè sensè, nan tout asirans lafwa yo” (Ebre 10:22).

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Ebre 7:1–22

Viv diy pou alyans ak benediksyon Prètriz Mèlkisedèk yo mennen nan egzaltasyon.

  • Yon fason pou etidye chapit sa a se envite manm klas yo pou yo ekri plizyè deklarasyon ki vrè sou Prètriz Mèlkisedèk la sou tablo a (pou ide, yo ka li “Prètriz Mèlkisedèk” nan Ankre nan lafwa, 101–2). Apresa, yo ka gade nan Ebre 7:1–22 pou yo jwenn fraz ki sipòte deklarasyon k sou tablo yo. Yo gen dwa itilize Endèks pa sijè a oubyen Gid Ekriti yo pou yo ka jwenn lòt referans ekriti.

  • Nan Ebre 7:11 Pòl te mande: “Ki nesesite k te genyen pou yon lòt prèt ki menm jan ak Mèlkisedèk men ki pa menm jan ak Arawon ta vini?” Otremandi, poukisa nou bezwen Prètriz Mèlkisedèk anplis Prètriz Aawon an? Petèt manm klas ou yo ta ka chèche repons posib nan Ankre nan lafwa, “Prètriz Aawon” ak “Prètriz Mèlkisedèk.” Ou gen dwa envite yo pou yo reflechi sou benediksyon nou genyen gras ak de prètriz sa yo (gade sitasyon Sè Sheri L. Dew la nan seksyon “Resous adisyonèl” la tou). Ki eksperyans manm klas yo te viv apwopo benediksyon sa yo?

Ebre 8–10

Òdonans ansyen ak modèn yo dirije nou sou Jezikri.

  • Menmsi jodia nou pa ofri sakrifis bèt ankò, nou dwe patisipe nan òdonans ki, nan menm fason an, dirije nanm nou sou Kris la epi ki founi nou “kanal otorize pou benediksyon ak pouvwa syèl yo ka devèse nan lavi nou” (David A. Bednar, “Toujou konsève padon pou peche nou,” Ensign oswa Liahona, Me 2016, 60). Petèt nou ta ka etidye ansanm kèk detay sou ansyen òdonans yo dekri nan Ebre 8–10 yo ak siyifikasyon senbolik yo. Paregzanp, kisa san towo yo ak bouk yo reprezante? (gade Ebre 9:13–14). Kisa souveren sakrifikatè a reprezante? (gade Ebre 9:24–26). Videyo “Sakrifis ak Ekspyasyon” an (LDS.org) ta ka ede. Ki fason òdonans aktyèl yo beni nou e dirije nou vè Jezikri? Kisa nou ka fè pou n rann òdonans sa yo pi siyifikan ak pi santre sou Sovè a?

Ebre 10:34–3811

Lafwa mande pou nou kwè nan pwomès Bondye yo.

  • Pou ede manm klas yo konprann ansèyman Pòl sou lafwa yo, ou gen dwa kòmanse mande yo pou yo reflechi sou kijan yo t ap dekri lafwa nan yon sèl fraz. Apresa, ansanm ak klas la, li definisyon Pòl te bay nan Ebre 11:1 an epi diskite sou li. Apresa ou gen dwa divize klas la an ti gwoup epi bay chak gwoup tach pou yo etidye youn nan moun yo mansyone nan Ebre 11 yo. Manm klas yo ta ka itilize referans yo bay yo oubyen Gid Ekriti yo pou yo repase eksperyans moun sa a nan Ansyen Testaman an, epi apresa, yon reprezantan chak gwoup ka pataje sa gwoup la jwenn yo avèk klas la. Kijan moun sa yo te montre ke yon te gen yon “asirans de bagay moun espere”? (Tradiksyon Joseph Smith, Ebre 11:1 [nan Ebre 11:1, referans b]). Ki lòt egzanp manm klas yo ka pataje sou moun ki gen lafwa? Kilè nou te egzèse lafwa nan pwomès ki potko akonpli?

  • Sa ta ka amizan si w ta kreye yon jwèt pou ede manm klas yo aprann osijè lafwa nan Ebre 11. Paregzanp, ou gen dwa divize klas la an de ekip epi poze kesyon sou lafwa, ke y ap jwenn repons yo nan Ebre 11 (gade “Resous adisyonèl” pou egzanp). Premye ekip ki jwenn yon repons ki soti nan ekriti yo ap resevwa yon pwen. Mande manm klas yo pou yo pale sou sa yo aprann nan vèsè sa yo ki ap ede yo konprann lafwa pi byen.

  • Lè yo fin etidye ansèyman Pòl yo sou lafwa nan Ebre 10:34–3811, èske l ta bon pou yo ta aprann sou lafwa nan lòt dokimantasyon? Ou gen dwa bay kèk ladan yo tach alavans pou yo etidye yon kesyon sou lafwa tankou sa a: Kisa lafwa ye? Kijan nou devlope lafwa? Nan ki fason nou beni lè nou egzèse lafwa? Kisa k rive lè nou chwazi pou n pa egzèse lafwa? Apresa, yo ka pataje sa yo aprann avèk klas la. Oubyen ou gen dwa envite yo pou yo travay ansanm an gwoup pou yo ka jwenn repons. Kèk nan resous yo ta ka itilize yo ka gen ladan yo Alma 32:21–43; Etè 12; “Lafwa nan Jezikri,” Sijè levanjil, topics.lds.org; ak Diksyonè Bib la, “Lafwa.” Lè yo fin pataje sa yo aprann, mande yo pou yo reflechi a sa yo ta ka fè pou fòtifye lafwa yo. Envite kèk manm nan klas la pou yo pataje panse yo.

  • Konsèy pou Sen Ebre yo ki te tante “pèdi” lafwa yo a ka valab pou manm nan klas ou yo k ap lite avèk temwayaj yo. Pou dekouvri konsèy sa a, yo gen dwa li Ebre 10:34–38 ak deklarasyon Èldè Jeffrey R. Holland nan nan seksyon “Resous adisyonèl” la. Poukisa moun nan mond lan jodia abandone lafwa yo (gade Ebre 10:35) nan Senyè a ak nan levanjil li a? Kijan nou ka fè pou n bati lafwa nou epi kenbe l ak konfyans ke n ap “resevwa pwomès [Bondye] yo”? (Ebre 10:36). Videyo “Bon bagay ki gen pou vini” ak “Yon Sakrifikatè byen k pou vini” yo (LDS.org) ka konplete diskisyon sa a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Manm klas yo gen dwa familye avèk eksperyans Joseph Smith te fè lè l t ap li Jak 1:5 la, ki te mennen nan Premye Vizyon an. Envite yo pou yo chèche nouvo ide sou Jak 1:5 pandan y ap li l semèn sa a nan kontèks pi gwo mesaj Jak la.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Ebre 7–13

Kesyon sou lafwa nan Ebre 11.

Benediksyon Prètriz Mèlkisedèk yo disponib pou tout moun.

Sè Sheri L. Dew, ansyèn konseyè nan Prezidans Sosyete Sekou a te di: “Benediksyon Prètriz yo disponib pou chak gason ak chak fi. Nou tout ka resevwa Sentespri a, revelasyon pèsonèl, ak dote nan tanp, kote nou soti 'ame' avèk pouvwa. Pouvwa prètriz la geri, ak pwoteje tout moun ki jis kont pouvwa tenèb yo” (“It Is Not Good for Man or Woman to Be Alone,” Ensign, Nov. 2001, 13).

“Pa abandone lafwa nou.”

Èldè Jeffrey R. Holland te anseye:

“Asireman sa difisil—anvan w antre Legliz la, pandan w ap eseye antre, ak apre w fin antre. Pòl di se fason sa a l te toujou ye, men pa fè bak. Pa panike epi kouri. Pa pèdi konfyans. Pa bliye sa w te santi yon fwa a. Pa doute de eksperyans ou te fè yo. …

“Nan chak desizyon enpòtan, gen prekosyon pou nou pran, men yon fwa nou fin resevwa limyè a, fè atansyon a tantasyon pou n detounen nou de sa ki bon an. Si l te parèt jis pou ou lè w te priye osijè l la epi w te gen konfyans nan li epi w te aji an konsekans, enben, li jis kounyeya tou. Pa lage sa lè presyon yo ap monte. ... Afwonte dout ou yo. Metrize laperèz ou. 'Pa abandone konfyans ou.' Rete sou wout la epi admire bote lavi ki devan w lan” (“Cast Not Away Therefore Your Confidence,” Ensign, Mas. 2000, 6–11).

Amelyore ansèyman nou

Ale nan ekriti yo toudabò. Ekriti yo dwe se premye sous ou pou etid ou ak preparasyon ou. Pawòl pwofèt aktyèl yo gen dwa konplete liv kanonik yo (gade Anseye nan fason Sovè a, 17).

Enprime