Manyèl yo ak Apèl yo
Apèsi sou entwodiksyon an


“0. Apèsi sou entwodiksyon an,” Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo (2020).

0. Apèsi sou entwodiksyon an,” Manyèl Jeneral.

0.

Apèsi sou entwodiksyon an

0.0

Entwodiksyon

Senyè a te anseye, “Se pou tout moun aprann devwa yo, epi pou yo aji nan ofis yo lonmen yo a avèk tout dilijans” (Doktrin ak Alyans 107:99). Antanke dirijan nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ou ta dwe chèche revelasyon pèsonèl pou ede w aprann ak ranpli devwa ki fè pati apèl ou a.

Etidye ekriti yo ak ansèyman pwofèt dènye jou yo ap ede w konprann ak ranpli devwa w yo. Pandan w ap etidye pawòl Bondye a, w ap pi reseptif a enfliyans Sentespri a (gade nan Doktrin ak Alyans 84:85).

W ap aprann tout devwa w yo tou si w etidye enstriksyon ki nan manyèl sa a. Enstriksyon sa yo kapab envite revelasyon si moun itilize yo pou bay yon konpreyansyon sou prensip, règleman ak pwosedi ki pou aplike pandan y ap chèche èd Sentespri a.

0.1

Manyèl sa a

Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo bay èd pou dirijan jeneral ak lokal yo nan Legliz la. Li divize an kat seksyon:

  • Fondasyon Doktrinal: Chapit sa yo prezante doktrin ak prensip fondamantal pou moun sèvi nan Legliz la. Yo eksplike:

    • Plan bonè Bondye a, travay sali ak egzaltasyon an ak bi Legliz la.

    • Wòl fanmi nan plan Bondye a, travay sali ak egzaltasyon an nan fwaye a ak relasyon ki genyen ant fwaye a ak Legliz la.

    • Prensip Prètriz yo.

    • Prensip pou moun dirije nan Legliz Senyè a.

  • Òganizasyon Legliz la: Chapit sa yo bay enstriksyon pou prezidans pieu ak episkopa, dirijan prètriz kowòm, dirijan òganizasyon nan pieu ak pawak, ak lòt moun ki ap sèvi nan Legliz la.

  • Travay Sali ak Egzaltasyon an: Chapit sa yo bay enstriksyon sou travay prensipal Legliz la:

    • Viv levanjil Jezikri a

    • Pran swen moun ki nan nesesite

    • Envite tout moun pou yo resevwa levanjil la

    • Ini fanmi yo pou letènite

  • Administrasyon Legliz la: Chapit sa yo prezante direksyon adisyonèl pou nou administre Legliz la. Sijè yo enkli reyinyon, apèl, rejis, finans, ak règ.

Yo nimewote tit yo ak soutit yo nan manyèl sa a pou rann sijè yo fasil pou nou ka jwenn yo ak fè referans avèk yo. Pa egzanp, yo bay enstriksyon konsènan maryaj tanp nan 27.2.1. Nimewo 27 la fè referans a chapit la, nimewo 2 a fè referans a yon seksyon nan chapit sa a, e nimewo 1 an fè referans a sou seksyon an.

0.2

Adaptasyon ak Resous Opsyonèl

Se pa tout pieu ak pawas ki gen menm bezwen. Manyèl sa a genyen ladan l direksyon pou adaptasyon ansanm avèk resous opsyonèl:

  • Direksyon pou adaptasyon ( ) yo bay direksyon sou jan pou nou adapte òganizasyon ak pwogram Legliz la a inite ki gen bezwen ak resous ki diferan yo.

  • Resous opsyonèl ( ) la gen ladan enfòmasyon ak direksyon adisyonèl ki kapab itil pou dirijan pieu ak pawas yo.

Dirijan yo dwe chèche enspirasyon pou yo ka konn ki direksyon ak resous opsyonèl pou yo itilize pou satisfè bezwen manm yo.

0.3

Mizajou

Y ap fè yon mizajou pou manyèl sa a de tanzantan. Gen yon lis chanjman resan ki disponib nan seksyon “Rezime Mizajou Resan” a.

0.4

Kesyon sou Enstriksyon

Lè gen kesyon ki poze epi pa gen repons pou yo nan ekriti yo, nan pawòl pwofèt vivan yo, oswa nan manyèl sa a, manm Legliz yo dwe apiye yo sou alyans yo fè avèk Bondye yo, sou konsèy dirjian lokal yo, ak enspirasyon Sentespri a pou yo ka jwenn gidans.

Si dirijan yo gen kesyon sou enfòmasyon ki nan manyèl sa a oubyen konsènan sijè ke li pa abòde, yo dwe chèche konsèy nan men otorite imedyat ki prezide sou yo a.

0.5

Tèminoloji

Eksepte kote sa endike otreman:

  • Tèm evèk ak episkopa a nan manyèl sa a fè referans a prezidan branch ak prezidans branch tou. Tèm prezidan pieu ak prezidans pieu yo fè referans a prezidan distri ak prezidans distri tou.

  • Referans a pawas ak pieu yo aplike pou branch, distri ak misyon tou.

  • Referans a jou Dimanch yo aplike a kèlkeswa jou yo obsève Saba a nan rejyon an.

Referans a paran yo jeneralman aplike pou gadyen legal yo tou.

Apèl evèk ak prezidan branch yo pa ekivalan nan otorite ak responsablite, ni apèl prezidan pieu ak prezidan disktri yo tou. Evèk se yon ofis nan prètriz la, e se Premye Prezidans lan sèlman ki otorize òdinasyon an. Prezidan pieu yo resevwa apèl yo nan men Otorite Jeneral oubyen Swasanndis Rejyonal.

0.6

Kontakte Katye Jeneral Legliz la oubyen Biwo Rejyonal la

Gen kèk chapit nan manyèl sa a ki gen enstrikson pou kontakte Katye Jeneral Legliz la oubyen Biwo Rejyonal la. Enstriksyon pou kontakte Katye Jeneral Legliz la aplike pou moun ki nan Etazini ak Kanada. Enstriksyon pou kontakte biwo rejyonal la aplike pou moun ki p ap viv nan Etazini ak Kanada.