Manyèl yo ak Apèl yo
Repantans ak Konsèy pou Manm nan Legliz la


“32. Repantans ak Konsèy pou Manm nan Legliz la,” Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo (2020).

“32. Repantans ak Konsèy pou Manm nan Legliz la,” Manyèl Jeneral.

Imaj
gason ak fi ka p bay lanmen

32.

Repantans ak Konsèy pou Manm nan Legliz la

32.0

Entwodiksyon

Pifò repantans reyalize ant yon moun, avèk Bondye, epi avèk moun ki afekte pa peche moun sa a. Sepandan, pafwa yon evèk oswa yon prezidan pieu bezwen ede manm Legliz yo nan efò yo pou yo repanti.

Lè y ap asiste manm yo nan repantans, evèk ak prezidan pieu yo dwe montre lanmou ak atansyon. Yo dwe suiv egzanp Sovè a, ki te ankouraje moun yo epi ki te ede yo vire do bay peche epi tounen al jwenn Bondye (gade Matye 9:10–13; Jan 8:3–11).

Jan sa dekri pi ba a, chapit sa a òganize pou gide dirijan yo atravè desizyon ak aksyon kle ki nesesè pou ede yon moun repanti pou yon peche grav epi pou ede pwoteje lòt moun.

  • Wòl Legliz la nan Ede yon Moun Repanti. Seksyon 32.1–32.4 eksplike doktrin Senyè a konsènan repantans ak padon. Seksyon sa yo eksplike twa objektif pou restriksyon oswa retrè yon manm nan Legliz la tou. Anplis, yo ekspike wòl evèk yo ak prezidan pieu yo nan ede avèk repantans.

  • Detèmine Apwòch pou Ede yon Moun Repanti. Seksyon 32.5–32.7 la founi machasuiv pou deside si yon konsèy pou yon manm oswa yon konsèy pèsonèl se apwòch apwopriye a pou ede yon moun repanti.

  • Administre Konsèy Pèsonèl. Seksyon 32.8 la founi machasuiv pou konsèy pèsonèl pa evèk la oswa prezidan pieu a. Li eksplike restriksyon non ofisyèl pou yon manm nan Legliz la.

  • Administre Konsèy pou Manm nan Legliz la. Seksyon 32.9–32.14 eksplike kiyès ki gen responsablite pou fè konsèy pou manm yo, kijan pou dirije yo, ak desizyon ki posib yo. Yo eksplike rezilta desizyon sa yo tou.

  • Retabli Privilèj pou yon Manm nan Legliz la. Seksyon 32.15–32.17 eksplike kijan yon moun ka fè pou yo retabli privilèj li kòm manm Legliz la atravè repantans

Sof endikasyon kontrè, referans a prezidan pieu yo aplike pou prezidan misyon yo tou. Referans a evèk yo aplike pou prezidan branch tou.


WÒL LEGLIZ LA NAN EDE YON MOUN REPANTI


32.1

Repantans ak Padon

Senyè a te di ke “okenn bagay sal pa kapab eritye wayòm syèl la” (Alma 11:37; gade tou 3 Nefi 27:19). Peche nou yo rann nou sal—endiy pou nou demere nan prezans Pè Selès nou an. Yo pote angwas pou nou tou nan lavi sa a.

Lwa jistis Bondye a egzije yon konsekans lè nou peche (gade Alma 42:14, 17–18). Sepandan, gran plan mizerikòd Li a “kapab satisfè egzijans lajistis yo epi li kapab vlope [nou] annda ponyèt sekirite” (Alma 34:16; gade tou Mozya 15:9).

Pou l kapab reyalize plan mizerikòd Li a, Pè Selès la te voye Sèl Pitit gason Byenneme L la, pou ekspye pou peche nou yo (gade Alma 42:15). Jezi te sibi santans ke lwa jistis la egzije pou peche nou yo (gade Doktrin ak Alyans 19:15–19; gade tou Alma 42:24–25). Atravè sakrifis sa a, Papa a ansanm ak Pitit gason an te montre lanmou enfini Yo pou nou (gade Jan 3:16).

Lè nou egzèse “lafwa ki mennen nan repantans,” Pè Selès la padone nou, Li akòde nou mizerikòd atravè Ekspyasyon Jezikri a (Alma 34:15; gade tou Alma 42:13). Lè nou fin netwaye epi jwenn padon, nou kapab finalman eritye wayòm Bondye a (gade Ezayi 1:18; Doktrin ak Alyans 58:42).

Repantans se plis pase chanje konpòtman. Se vire do bay peche epi tounen al jwenn Pè Selès la ak Jezikri. Li mennen nan yon chanjman nan kè ak nan lespri (gade Mozya 5:2; Alma 5:12–14; Elaman 15:7). Atravè repantans, nou vin moun nouvo, ki rekonsilye avèk Bondye (gade 2 Korentyen 5:17–18; Mozya 27:25–26).

Opòtinite pou repanti a se youn nan pi gwo benediksyon Pè Selès la ba nou atravè don Pitit gason L lan.

32.2

Objektif pou Restriksyon oswa Retire Moun kòm Manm Legliz la

Lè yon moun batize, li vin fè pati “kay Bondye a” (Efezyen 2:19). Alyans batèm nan enkli yon pwomès pou fè efò pou viv dapre ansèyman ak kòmandman Kris yo. Lè yon moun peche, li egzèse lafwa nan Jezikri epi li repanti, pandan l ap konte sou mizerikòd Li pou fòtifye ak padone.

Si yon manm komèt yon peche grav, evèk la ak prezidan pieu a ede l repanti. Kòm yon pati nan pwosesis sa a, li ka bezwen mete restriksyon sou kèk privilèj manm moun sa a nan Legliz la pou yon tan. Nan kèk sitiyasyon, li ka gen dwa menm bezwen anile yon moun kòm manm pou yon tan.

Restriksyon sou yon moun oswa retrè non yon moun kòm manm se pa nan objektif pou pini moun nan. Okontrè, aksyon sa yo pafwa nesesè pou ede yon moun repanti ak fè eksperyans yon chanjman nan kè. Yo bay yon moun tan tou pou l prepare l espirityèlman pou l renouvle ak kenbe alyans li yo ankò.

Evèk oswa prezidan pieu a sipèvize restriksyon oswa retrè yon moun kòm manm nan jan sa dekri nan seksyon 32.5–32.14la. Aksyon sa yo akonpaye pa kondisyon pou repantans yo. Lè yon moun repanti sensèman, li ka fè yo retabli privilèj li kòm manm Legliz la.

Lè restriksyon oswa retrè yon manm nesesè, evèk la oswa prezidan pieu a suiv direksyon Sentespri a ak enstriksyon yo ki nan chapit sa a. Li aji nan yon espri lanmou (gade 32.3).

Restrisyon pou manm nan Legliz la pa sivil ni kriminèl, men yo eklezyastik. Yo sèlman afekte pozisyon yon moun nan nan Legliz la. (Gade Doktrin ak Alyans 134:10.)

Twa objektif pou restriksyon oswa retrè yon moun kòm manm yo dekri konsa.

32.2.1

Ede Pwoteje Lòt Moun

Premye objektif la se pou ede pwoteje lòt moun. Pafwa yon moun reprezante yon menas fizik oswa espirityèl. Konpòtman predatè, agresyon fizik, abi seksyèl, abi pwodui, fwod, ak apostazi se kèk nan fason sa kapab rive. Avèk enspirasyon, yon evèk oswa prezidan pieu aji pou pwoteje lòt moun lè yon moun reprezante yon menas nan bagay sa yo ak nan lòt fason grav (gade Alma 5:59–60).

32.2.2

Ede yon Moun Gen Aksè nan Pouvwa Redanmsyon Jezikri a atravè Repantans

Dezyèm objektif la se pou ede yon moun gen aksè nan pouvwa redanmsyon Jezikri a atravè repantans. Atravè pwosesis sa a, li ka retounen pwòp ankò epi diy pou l resevwa tout benediksyon Bondye yo.

32.2.3

Pwoteje Entegrite Legliz la

Twazyèm objektif la se pou pwoteje entegrite Legliz la. Restriksyon oswa retrè yon moun kòm manm nan Legliz la ka nesesè si konpòtman moun nan lakoz domaj pou Legliz la (gade Alma 39:11). Entegrite Legliz la pa pwoteje nan kache oswa minimize peche grav—men nan adrese yo.

32.3

Wòl Jij an Izrayèl yo

Imaj
yon evèk k ap pale avèk yon mesye

Evèk yo ak prezidan pieu yo aple epi resevwa mizapa pou yo vin jij an Izrayèl (gade Doktrin ak Alyans 107: 72–74). Yo detni kle pou reprezante Senyè a nan ede manm Legliz yo repanti (gade Doktrin ak Alyans 13:1; 107:16–18).

Souvan evèk yo ak prezidan pieu yo asiste nan repantans atravè konsèy pèsonèl. Asistans sa a ka enkli restriksyon non ofisyèl nan kèk privilèj manm Legliz la pou yon tan. (Gade 32.8.)

Pou kèk peche grav, dirijan yo asiste nan repantans la nan reyini yon konsèy pou yon manm (gade 32.6 ak 32.9–32.14). Asistans sa a ka enkli mete restriksyon ofisyèl nan kèk privilèj moun nan kòm manm nan Legliz la oswa retrè non yon moun kòm manm pou yon tan (gade 32.11.3 ak 32.11.4).

Evèkyo ak prezidan pieu yo ede manm Legliz yo konprann ke Bondye renmen pitit Li. Paske Li vle pou yo kontan epi resevwa benediksyon, Li sousye anpil pou obeyisans yo ak repantans yo tou.

Evèk yo ak prezidan pieu yo dwe plen lanmou ak atansyon pandan y ap ede manm yo repanti a. Rankont Sovè a avèk fi yo te kenbe nan adiltè a se yon gid (gade Jan 8:3–11). Malgre Li pa t di l ke peche l yo te padone, Li pa t kondane li. Okontrè, Li te di l pou l “pa peche ankò”—repanti epi chanje lavi li.

Dirijan sa yo dwe anseye ke gen “lajwa … nan syèl la pou yon pechè ki repanti” (Lik 15:7). Yo dwe gen pasyans, ofri sipò, epi rete pozitif. Yo dwe enspire lespwa. Yo dwe anseye ak temwaye ke gras ak sakrifis ekspyatwa Sovè a, tout moun kapab repanti epi vin pwòp.

Evèk yo ak prezidan pieu yo dwe chèche gidans nan men Lespri a pou yo ka konn kijan pou yo ede chak moun repanti. Se sèlman pou peche ki pi grav yo Legliz la etabli yon seri prensip konsènan ki aksyon dirijan yo ta dwe pran (gade 32.6 ak 32.11). Pa gen de sitiyasyon ki menm. Konsèy dirijan yo bay la ak pwosesis repantans yo fasilite a dwe enspire epi yo dwe diferan pou chak moun.

Senyè a konnen sitiyasyon, kapasite, ak matirite espirityèl chak moun. Sentespri a ap ede dirijan yo disène kijan pou yo ede manm yo fè chanjman ki nesesè pou yo ka geri ak reziste anba tantasyon pou repete peche a.

Ede yon moun repanti, tounen al jwenn Bondye, epi jwenn gerizon atravè Ekspyasyon Jezikri a se youn nan pi bèl eksperyans yon moun kapab fè. Doktrin ak Alyans 18:10–13 eksplike:

“Sonje, nanm yo genyen yon gwo valè nan je Bondye;

“Paske, gade, Senyè Redanmtè w la te soufri lanmò nan kò fizik la; se poutèt sa li te soufri doulè tout moun, pou rezon sa a tout moun dwe repanti epi vin jwenn li.

“Epi li te leve pami mò yo, pou l kapab mennen tout moun vin jwenn li, sou kondisyon pou yo repanti.

“Epi ala li pran anpil anpil plezi nan nanm ki repanti a!”

32.4

Konfesyon, Konfidansyalite, ak Rapò Bay Otorite Gouvènman yo

32.4.1

Konfesyon

Repantans mande pou moun konfese peche yo bay Pè Selès la. Jezikri te di, “Men jan n ap konnen si yon moun repanti nan peche li yo—gade, l ap konfese yo epi l ap abandone yo” (Doktrin ak Alyans 58:43; gade tou Mozya 26:29).

Lè manm nan Legliz yo komèt peche grav, repantans yo enkli konfesyon devan evèk yo oswa prezidan pieu yo tou. Lè sa a l ap kapab egzèse kle levanjil repantans la an favè yo (gade Doktrin ak Alyans 13:1; 84:26–27; 107:18, 20). Sa ede yo geri epi retounen sou wout levanjil la atravè pouvwa Ekpyasyon Sovè a.

Objektif konfesyon an se pou ankouraje manm yo libere tèt yo pou yo ka konplètman chèche èd Senyè a pou yo chanje ak geri. Devlope yon “kè brize ak yon lespri kontri” jwenn èd nan konfesyon (2 Nefi 2:7). Konfesyon volontè montre ke yon moun gen dezi pou l repanti.

Lè yon manm konfese, evèk la oswa prezidan pieu a suiv machasuiv pou konsèy yo ki nan seksyon 32.8la. Li chèche gidans nan lapriyè pou konn ki apwòch ki pi apwopriye pou ede manm nan repanti (gade 32.5). Li konsidere si wi ou non yon konsèy manm t ap itil. Si politik Legliz la mande pou fè yon konsèy pou manm lan, li eksplike sa (gade 32.6 ak 32.10).

Pafwa yon manm fè yon konjwen oswa yon lòt adilt ditò. Kòm yon pati nan repantans li, li ta dwe abityèlman konfese bay moun sa a epi chèche padon nan men l. Yo abityèlman ankouraje yon jèn ki komèt yon peche grav pou l konsilte paran li.

32.4.2

Peche Grav Ki Pa Konfese oubyen Ki Nye

Yon evèk oswa prezidan pieu tipikman aprann sou yon peche grav atravè konfesyon oswa nan men yon lòt moun. Li ka resevwa enpresyon konsènan yon peche potansyèlman grav tou atravè Sentespri a. Si l resevwa enpresyon nan men Lespri a pou fè l konnen yon moun ka ap lite anba peche, li ka pwograme yon entèvyou. Pandan entèvyou a, li ka pataje enkyetid li nan yon fason janti ak respektab. Li dwe evite pran yon ton akizasyon.

Si yon manm renye ke l komèt yon peche grav ke evèk la ak prezidan pieu a gen enfòmasyon ki konfime sa, yon konsèy ka toujou fèt pou manm lan. Sepandan, yon enpresyon espirityèl poukont li pa sifi pou reyini yon konsèy (gade Doktrin ak Alyans 10:37). Dirijan an ka rasanble enfòmasyon adisyonèl si sa nesesè. Li dwe suiv machasuiv ki nan seksyon 32.4.3 ak 32.10.2yo tou.

32.4.3

Rasanble Enfòmasyon

Avan l reyini yon konsèy pou manm, evèk la oswa prezidan pieu a dwe rasanble tout kantite enfòmasyon li bezwen. Enfòmasyon apati konfesyon yon manm souvan pa sifi. Enfòmasyon yo ka soti nan men yon manm fanmi, yon lòt dirijan nan legliz la, yon viktim, oswa yon patisipan nan peche a tou.

Lè l ap rasanble enfòmasyon yo, evèk la oswa prezidan pieu a ta dwe itilize sèlman metòd ki apwopriye pou yon dirijan nan prètriz la. Li pa ta dwe ap siveye kay yon moun oubyen anrejistre moun nan san konsantman li. Ni li pa ta dwe itilize okenn pratik ki kont lalwa.

Fo akizasyon se bagay ki ra men ki ka rive. Dirijan prètriz yo ta dwe pran prekosyon lè yo gen enfòmasyon ki limite, selon pawòl yon grenn moun. Pa egzanp, yon manm yo akize de adiltè gen dwa renye peche a. Ekriti yo eksplike ke “chak pawòl dwe tabli kont li devan de temwen nan legliz la ” (Doktrin ak Alyans 42:80). “De temwen” yo vledi de sous enfòmasyon separe. Sa ta ka enkli sa yon patisipan konnen ak kèk lòt sous fyab. Pafwa, yon dirijan prètriz gen dwa oblije tann pou l aji jiskaske plis enfòmasyon vin disponib.

Lè yon dirijan Legliz la ap rasanble enfòmasyon pou fè yon konsèy pou yon manm, li ta dwe imedyatman sispann si l aprann ke ofisye lalwa yo ap aktivman fè ankèt sou manm lan. Sa fèt pou evite ke yo akize pou di di ke dirijan an te fè obstriksyon ak lajistis. Pou konsèy legal konsènan sitiyasyon sa yo nan Etazini ak Kanada, prezidan pieu a ka kontakte Biwo Konsiltasyon Jeneral Legliz la:

1-800-453-3860, ekstansyon 2-6301

1-801-240-6301

Andeyò Etazini ak Kanada, prezidan pieu a ka kontakte konseye jiridik entèrejyon an nan biwo entèrejyon an.

Nòmalman, yo pa dwe fè yon konsèy pou manm si gen yon tribinal sivil oubyen kriminèl k ap mennen ankèt sou konpòtman moun sa a jiskaske tribinal la pwononse yon jijman final. Nan kèk ka, li ka apwopriye tou pou nou ranvwaye yon konsèy pou yon manm pou jiskaske peryòd legal pou apèl la ekspire oswa apèl la rejte.

32.4.4

Konfidansyalite

Evèk, prezidan pieu yo, ak konseye yo gen yon devwa sakre pou yo pwoteje tout enfòmasyon konfidansyèl moun yo pataje avèk yo. Enfòmasyon sa a ka soti nan entèvyou, nan konsèy, ak nan konfesyon. Menm devwa sa a sou konfidansyalite a aplike pou tout moun ki ap patisipe nan konsèy pou manm yo. Konfidansyalite esansyèl paske manm yo gen dwa pa konfese peche yo oswa chèche gidans si sa y ap pataje a pa pral rete konfidansyèl. Si nou vyole yon konfidans, sa ap trayi konfyans manm yo epi sa ka lakoz yo pèdi konfyans nan dirijan yo.

Konsistan avèk devwa konfidansyalite yo a, yon evèk, yon prezidan pieu, oswa konseye yo ka pataje kalite enfòmasyon sa yo sèlman jan sa dekri la a:

  • Si yo bezwen pale avèk prezidan pieu, prezidan misyon, oswa evèk manm lan pou pran dispozisyon pou fè yon konsèy pou manm lan oswa bagay ki gen rapò avèk manm lan. Prezidan pieu a ka pale avèk Swasanndis Entèrejyon ki asiyen nan zòn ni an tou. Si nesesè, Swasanndis Entèrejyon an ka refere prezidan pieu a bay Prezidans Entèrejyon an. Se sèl prezidan pieu a ki deside si pou fè yon konsèy oswa rezilta li.

  • Si moun nan deplase ale nan yon nouvo pawas (oubyen diriajn prètriz la relve) pandan aksyon ap fèt pou manm lan oubyen pou lòt pwoblèm grav ki alatant. Nan ka sa yo, dirijan an notifye nouvo evèk oswa prezidan pieu a osijè pwoblèm nan oswa aksyon ki alatant la (gade 32.14.7). Li dwe enfòme dirijan an tou si manm lan ka reprezante yon menas pou lòt moun.

  • Si yon evèk oswa yon prezidan pieu aprann ke yon manm nan Legliz la ka p viv andeyò pawas oswa pieu a ka te enplike nan yon peche grav. Nan ka sa a, li kontakte evèk manm lan konfidansyèlman.

  • Si sa nesesè pou devwale enfòmasyon an pandan yon konsèy pou manm. Tout enfòmasyon ki rasanble ak pataje kòm yon pati nan konsèy la dwe rete konfidansyèl.

  • Yon manm chwazi pou bay pèmisyon pou dirijan an pataje enfòmasyon an avèk kèk moun espesifik. Moun sa yo enkli paran, dirijan Legliz yo, ak lòt moun ki gendwa ka pote sipò. Dirijan an pa dwe pataje enfòmasyon ki odela de pèmisyon manm lan bay la.

  • Li gendwa nesesè pou pataje enfòmasyon limite konsènan desizyon pou yon konsèy pou manm (gade 32.12.2).

Nan tout lòt sitiyasyon, dirijan an ta dwe konsilte seksyon 32.4.5la. Ka sa yo enkli ka kote lalwa gendwa oblije pou rapòte yon krim, tankou abi kont timoun, bay otorite gouvènman yo.

Pou asiste dirijan yo nan pwoteje lòt moun epi konfòme yo avèk lalwa, Legliz la founi èd nan men pwofesyonèl ki kalifye pou sa. Pou resevwa gidans sa a, dirijan yo dwe rapidman rele liy telefòn pou asistans nan ka abi Legliz la genyen an kote li disponib (gade 32.4.5 ak 38.6.2.1). Kote l pa disponib, prezidan pieu a ka kontakte konseye jiridik entèrejyon an nan biwo entèrejyon an.

Se nan yon sèl sitiyasyon evèk la oswa prezidan pieu a dwe revele enfòmasyon konfidansyèl san chèche gidans sa a toudabò. Se lè enfòmasyon an nesesè pou anpeche domaj ki menase lavi yon moun oswa blesi grav epi pa gen tan pou chèche gidans. Nan ka sa yo, devwa pou pwoteje lòt moun nan pi enpòtan pase devwa pou prezève konfidansyalite a. Dirijan yo ta dwe kontakte otorite sivil yo imedyatman.

Si dirijan yo konsève nòt oswa kominike youn avèk lòt elektwonikman, yo dwe pwoteje aksè nan enfòmasyon sa a. Yo dwe efase oswa detwi enfòmasyon an tou lè yo pa bezwen l ankò. Yo pa dwe pataje enfòmasyon pèsonèl si sa pa nesesè.

Otorite sivil yo gendwa konteste konfidansyalite yo egzije yon dirijan nan prètriz la. Si sa rive nan Etazini ak Kanada, prezidan pieu a dwe chèche konsèy jiridik nan men Biwo Konsèy Jeneral Legliz la:

1-800-453-3860, ekstansyon 2-6301

1-801-240-6301

Andeyò Etazini ak Kanada, prezidan pieu a ka kontakte konseye jiridik entèrejyon an nan biwo entèrejyon an.

32.4.5

Rapòte Bay Otorite Gouvènman yo

Repantans pou kèk peche mande pou moun nan rapòte sa bay Otorite gouvènman yo si l kraze yon lwa sivil. Evèk yo ak prezidan pieu yo dwe ankouraje manm yo pou yo obeyi lalwa epi rapòte pwoblèm konsa. Yo dwe konseye manm yo tou pou yo chèche jwenn konsèy jiridik konpetan lè y ap fè rapò sa yo. Politik Legliz la se pou nou obeyi lalwa.

Nan anpil kote, dirijan prètriz yo gen obligasyon devan lalwa pou yo rapòte kèk konduit ilegal depi yo pran konesans de yo. Pa egzanp, kèk eta ak peyi mande pou yo rapòte abi kont timoun bay otorite ki fè respekte lalwa yo.

Nan kèk peyi, Legliz la etabli yon liy asistans telefonik konfidansyèl sou abi pou asiste evèk yo ak prezidan pieu yo. Dirijan sa yo ta dwe rapidman rele liy asistans telefonik la pou chak sitiyasyon kote yon moun gendwa te sibi abi—oswa riske sibi yon abi (gade 38.6.2.1). Liy nan disponib 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn.

Nan peyi ki pa gen yon liy asistans telefonik yo, yon evèk ki aprann yon abi ta dwe kontakte prezidan pieu a, ki limenm ta dwe heche gidans nan men konseye jiridik entèrejyon an nan biwo entèrejyon an.

Pou plis enfòmasyon konsènan rapòte abi, gade 38.6.2.1 ak 38.6.2.7.


DETÈMINE APWÒCH POU EDE YON MOUN REPANTI


32.5

Apwòch pou Ede yon Moun Repanti

Apre l fin okouran ke yon manm komèt yon peche grav, evèk la oswa prezidan pieu a dwe pran aksyon pou pwoteje lòt moun yo. Li dwe chèche gidans Sentespri a poul ka detèmine ki apwòch pou l pran pou ede moun nan repanti ak rapwoche l pi pre Sovè a.

32.5.1

Apèsi sou Apwòch yo

Lis ki anba la a gen twa apwòch pou ede yon moun repanti. Li rezime kèk nan bagay pou dirijan yo konsidere lè y ap deside ki apwòch pou yo itilize tou.

Apwòch pou Ede yon Moun Repanti

Apwòch

Kèk Konsiderasyon (gade tou 32.7)

Apwòch

Konsèy pou Manm Pieu

Kèk Konsiderasyon (gade tou 32.7)

  • Pou manm ki deja resevwa dotasyon nan tanp.

  • Obligatwa si yon gason oswa yon fi ki dote prèske gen non l retire kòm manm nan Legliz la poutèt nenpòt nan peche grav oswa aksyon grav yo adrese nan seksyon 32.6.1, 32.6.2, ou 32.6.3yo.

Apwòch

Konsèy Pawas pou Manm

Kèk Konsiderasyon (gade tou 32.7)

  • Pou nenpòt manm.

  • Obligatwa pou peche grav yo pale nan seksyon 32.6.1yo.

  • Gen dwa nesesè pou peche ak aksyon grav yo adrese nan seksyon 32.6.2 ak 32.6.3yo.

  • Pa sifi si yon gason oswa yon fi ki dote prèske gen non l retire kòm manm nan Legliz la pou nenpòt nan peche oswa aksyon grav yo adrese nan seksyon 32.6.1, 32.6.2, oswa 32.6.3yo.

Apwòch

Konsèy Pèsonèl (gade 32.8)

Kèk Konsiderasyon (gade tou 32.7)

  • Pou nenpòt manm.

  • Ka enkli restriksyon non ofisyèl pou yon manm nan Legliz la.

  • Gen dwa pa sifi pou peche oswa aksyon grav kote yon konsèy pou manm lan ta ka ede nan pwosesis repantans lan (gade 32.6.2 ak 32.6.3).

  • Pa sifizan pou peche grav ki mande pou fè yon konsèy pou manm lan (gade 32.6.1).

  • Pa sifi si yon gason oswa yon fi ki dote prèske gen non l retire kòm manm nan Legliz la pou nenpòt nan peche oswa aksyon grav yo adrese nan seksyon 32.6.1, 32.6.2, oswa 32.6.3yo.

Konsèy pèsonèl ak restriksyon non ofisyèl pa evèk la oswa prezidan pieu a pafwa pa sifi pou ede yon moun repanti pou peche ki grav. Senyè a bay konsèy pou manm yo pou ede yon jij an Izrayèl nan sitiyasyon sa yo. (Gade Egzòd 18:12–27; Mozya 26:29–36; Doktrin ak Alyans 42:80–83102.) Pou kèk peche grav, yon konsèy se yon obligasyon daprè politik Legliz la (gade 32.6.1). Vyolasyon alyans tanp yo ogmante chans pou yon konsèy manm nesesè (gade 32.7.4).

Nan yon pawas, konseye evèk yo dwe asiste nan konsèy pou manm yo. Nan yon pieu, konseye prezidan pieu yo dwe asiste. Nan kèk konsèy pou manm, gran konsèy la dwe patisipe tou (gade 32.9.2). Nan yon konsèy pou manm, episkopa a oswa prezidans pieu a dwe rankontre avèk moun nan nan yon espri lanmou.

32.5.2

Detèmine Apwòch la ak Moman an

Lè y ap deside kiyès nan apwòch sa yo ki t ap pi byen ede yon moun repanti, dirijan yo dwe chèche gidans Sentespri a. Yo dwe konsidere faktè ki pi ba la yo tou:

  • Gravite peche a ak règleman Legliz la konsènan obligasyon pou fè yon konsèy (gade 32.6)

  • Sikonstans moun nan (gade 32.7)

Yon evèk dwe pale avèk prezidan pieu a sou sitiyasyon espesifik yo. Li dwe resevwa apwobasyon prezidan pieu a avan li fè yon konsèy pou yon manm.

Sou sijè difisil yo, prezidan pieu a ka chèche konsèy nan men Swasanndis Entèrejyon ki asiyen pou zòn nan. Prezidan pieu a dwe pale avèk Prezidans Entèrejyon an sou bagay yo souliyen nan seksyon 32.6. 3yo. Sepandan, se sèl prezidan pieu a ki ka deside si yon konsèy dwe fèt pou adrese konpòtman an. Si yon konsèy ap fèt, prezidan pieu a oswa evèk la ap deside rezilta a.

Si yon evèk oswa prezidan pieu detèmine ke yon konsèy pèsonèl sifi, li dwe suiv machasuiv ki nan seksyon 32.8yo. Si l detèmine ke yon konsèy pou manm nesesè, oubyen si règleman Legliz la mande pou yon konsèy fèt, moun k ap dirije konsèy la dwe suiv pwosedi ki nan seksyon 32.9–32.14yo.

Avan l fè konsèy la, evèk la oswa prezidan pieu a ka detèmine ke restriksyon non ofisyèl pou manm lan t ap pi bon pou yon tan. Li dwe fè konsèy la lè sa t ap pi byen ankouraje manm lan pou l repanti sensèman. Sepandan, li pa dwe ranvwaye yon konsèy si l nesesè pou pwoteje lòt moun.

32.6

Gravite peche a ak Politik Legliz la

Gravite yon peche se yon konsiderasyon enpòtan nan detèmine ki apwòch ki pral (1) ede pwoteje lòt moun epi (2) ede yon moun repanti. Senyè a di ke li “pa kapab gade peche ak okenn degre tolerans” (Doktrin ak Alyans 1:31; gade tou Mozya 26:29). Sèvitè L yo pa dwe inyore prèv yon peche grav.

Peche grav yo se yon gwo ofans delibere kont lwa Bondye yo. Kategori peche grav yo klase nan lis ki pi ba la a.

  • Aksyon vyokans ak abi (gade 32.6.1.1 ak 32.6.2.1)

  • Imoralite seksyèl (gade 32.6.1.2 ak 32.6.2.2)

  • Zak malonèt (gade 32.6.1.3 ak 32.6.2.3)

  • Vyolasyon konfyans (gade 32.6.1.4 ak 32.6.2.4)

  • Kèk lòt aksyon (gade 32.6.1.5 ak 32.6.2.5)

Seksyon ki pi ba yo dekri kilè yon konsèy pou manm obligatwa, kilè li ka nesesè, ak kilè li pa nesesè.

32.6.1

Lè yon konsèy pou Manm Nesesè

Evèk la oswa prezidan pieu a dwe fè yon konsèy pou yon manm lè enfòmasyon yo endike ke manm lan te komèt nenpòt nan peche yo dekri nan seksyon sa a. Pou peche sa yo, yon konsèy obligatwa kèlkeswa nivo matirite espirityèl yon manm ak konpreyansyon l sou levanjil la.

Gade 32.11 pou rezilta potansyèl pou konsèy yo fè pou peche yo ki nan lis ki nan seksyon sa a. Restriksyon non ofisyèl pou manm lan pa yon opsyon pou konsèy sa yo.

32.6.1.1

Aksyon ak Abi vyolan

Asasina. Yon konsèy pou manm obligatwa si yon manm asasinen yon moun. Jan l itilize la a, asasina se retire lavi yon moun delibereman, san jistifikasyon. Sa mande pou retire moun nan kòm manm nan Legliz la.

Asasina pa enkli aksyon lapolis oswa aksyon militè nan kontèks travay yo. Yo pa defini avòtman kòm yon asasina nan kontèks sa a. Si lanmò a sete pa aksidan oswa nan defann tèt ou oswa defann lòt moun, retire lavi yon moun gendwa pa defini kòm asasina. Sa ka vrè tou nan lòt sitiyasyon, tankou lè yon moun gen kapasite mantal ki limite.

Vyòl. Yon konsèy pou manm obligatwa pou vyòl. Jan l itilize la a, vyòl se relasyon seksyèl fòse oswa relasyon avèk yon moun ki legalman pa ka bay konsantman l akoz kapasite mantal oswa fizik ki redui. Jan l itilize la a, vyòl pa enkli relasyon seksyèl ki fèt sou konsantman ant de minè ki gen apeprè menm laj.

Kondanasyon pou agresyon seksyèl. Yon konsèy pou manm obligatwa si yon manm kondane pou agresyon seksyèl.

Abi sou timoun oswa jèn. Yon konsèy pou manm obligatwa si yon manm fè abi sou yon timoun oswa yon jèn jan sa eksplike nan seksyon 38.6.2.3la.

Abi sou yon konjwen oswa yon lòt adilt. Gen diferan nivo gravite nan konpòtman abizif. Gade 38.6.2.4 pou lè yon konsèy pou manm obligatwa pou abi sou yon konjwen oswa yon lòt adilt.

Konpòtman Predatè Vyolan. Yon konsèy pou manm obligatwa si yon adilt blese moun fizikman san rete atravè konpòtman vyolan epi l se yon menas pou lòt moun.

32.6.1.2

Imoralite Seksyèl

Ensès Yon konsèy pou manm obligatwa pou ensès jan l defini nan seksyon 38.6.10la. Nan ka sa a, li prèske toujou obligatwa pou retire moun nan kòm manm nan Legliz la.

Pònografi Sou Timoun Yon konsèy pou manm obligatwa si yon moun enplike nan pònografi sou timoun jan l dekri nan seksyon 38.6. 6 la.

Maryaj poligami. Yon konsèy pou manm obligatwa si yon manm volontèman antre nan yon maryaj poligami. Kèk maryaj poligami ka fèt an sekrè, avèk yon konjwen ki pa konnen ke lòt la gen youn oswa plis lòt konjwen. Retire moun nan kòm manm nan Legliz la obligatwa si yon moun volontèman antre nan maryaj poligami.

Konpòtman Predatè Seksyèl. Yon konsèy pou manm obligatwa si yon adilt blese blese moun seksyèlman san rete epi l se yon menas pou lòt moun.

32.6.1.3

Zak Malonèt

Konpòtman Predatè Finansye. Yon konsèy pou manm obligatwa si yon adilt gen yon istwa kote l delibereman e plizyè fwa nui yon moun finansyèman epi l se yon menas pou lòt moun (gade 38.6.2.4). Sa enkli fwod nan envestisman ak aktivite ki similè. Pèt finansye ki enprevi ki rive akoz kondisyon ekonomik yo pa konsidere kòm fwod. Si gen negosyasyon legal k ap fèt, dirijan prètriz yo ka deside tann jiskaske rezilta final la soti.

32.6.1.4

Vyolasyon konfyans

Peche Grav Pandan Yon Moun Gen yon Pozisyon Enpòtan nan Legliz la. Yon konsèy pou manm obligatwa si yon manm komèt yon peche grav pandan l nan yon pozisyon enpòtan. Sa enkli yon Otorite Jeneral, Ofisye Jeneral nan Legliz la, Swasanndis Entèrejyon, prezidan tanp oswa matwòn, prezidan misyon oswa konpayon li, prezidan pieu, patriyach, oswa evèk. Sa pa aplike pou prezidan branch yo. Sepandan, privilèj nan Legliz la pou yon prezidan branch ka anba restriksyon oswa retire menm jan ak pou lòt manm.

32.6.1.5

Kèk lòt aksyon

Kondanasyon pou Krim. Yon konsèy pou manm obligatwa nan pifò ka kote yon moun kondane pou yon krim.

32.6.2

Lè yon Konsèy Ka Nesesè pou yon Manm

Yon konsèy pou manm gendwa nesesè nan sitiyasyon ki pi ba la yo.

32.6.2.1

Aksyon ak Abi vyolan

Senyè a te kòmande, “Nou pa dwe … touye, ni fè okenn bagay ki tankou sa” (Doktrin ak Alyans 59:6; italik ajoute). Aksyon vyolan ak abi kote yon konsèy pou manm ka nesesè yo enkli (men pa limite ak) sa i nan lis ki pi ba la a.

Tantativ Asasina. Delibereman eseye touye yon moun.

Abi Seksyèl, enkli Agresyon ak Pèsekisyon. Abi seksyèl kouvri yon gwo varyete aksyon (gade 38.6. 18). Yon konsèy pou manm ka nesesè pou yon moun ki te agrese yon moun seksyèlman oubyen ki abize yon moun. Gade 38.6.18.3 pou konn kilè yon konsèy obligatwa.

Abi sou yon Konjwen oswa yon Lòt Adilt. Gen diferan nivo gravite nan konpòtman abizif (gade 38.6.2.4). Yon konsèy pou manm ka nesesè pou yon moun ki abize yon konjwen oswa yon lòt adilt. Gade 38.6.2.4 pou konn kilè yon konsèy obligatwa.

32.6.2.2

Imoralite Seksyèl

Lwa chastete Senyè a se abstinans nan relasyon seksyèl andeyò yon maryaj ant yon gason ak yon fi dapre lwa Bondye a (gade Egzòd 20:14; Doktrin ak Alyans 63:16). Yon konsèy pou manm obligatwa pou imoralite seksyèl jan l dekri nan seksyon 38.6.5 la. Gade 32.6.1.2 pou konn kilè yon konsèy obligatwa.

32.6.2.3

Zak Malonèt

Dis Kòmandman yo anseye, “Nou pa dwe vòlè” ni “rann fo temwayaj” (Egzòd 20:15–16). Yon konsèy pou manm ka nesesè pou aksyon tankou fè piyaj, kanbriyolaj, vòl, detounman fon, fo temwayaj, ak fwod. Gade 38.8.2 pou detèmine pou fwod. Gade 32.6.1.3 pou konn kilè yon konsèy obligatwa pou zak malonèt.

32.6.2.4

Vyolasyon konfyans

Yon konsèy pou manm gendwa nesesè si yon manm:

  • Komèt yon peche grav pandan l nan yon pozisyon otorite oswa pozisyon konfyans nan Legliz la oswa nan kominote a.

  • Komèt yon peche grav ke anpil moun konnen.

Gade 32.6.1.4 pou konn kilè yon konsèy obligatwa.

32.6.2.5

Kèk Lòt Aksyon

Wa Benjamen te anseye, “M pa kapab di nou tout fason nou kapab fè peche; paske gen anpil fason ak mwayen, tèlman gen anpil m pa kapab konte yo.” (Mozya 4:29). Yon konsèy gendwa nesesè si yon moun:

  • Montre yon abitid nan komèt peche grav (gade Doktrin ak Alyans 82:7).

  • Delibereman abandone responsablite familyal li, enkli pa peye pansyon alimantè ak obligasyon anvè yon pitit.

  • Vann dwòg ilegal.

  • Komèt lòt aksyon kriminèl grav.

Yon konsèy pou manm ka nesesè si yon manm enplike nan, akonpli, fè aranjman pou, peye pou, oswa ankouraje yon avòtman. Gade 38.6.1 pou machasuiv yo.

Lè yon konsèy pou Manm Obligatwa oswa Gendwa Nesesè

Tip Peche

Konsèy pou Manm Obligatwa (gade 32.6.1)

Konsèy pou manm Gendwa Nesesè (gade 32.6.2)

Tip Peche

Aksyon ak Abi vyolan

Konsèy pou Manm Obligatwa (gade 32.6.1)

  • Asasina

  • Vyòl

  • Kondanasyon pou agresyon seksyèl

  • Abi sou timoun oswa jèn

  • Konpòtman predatè vyolan

Konsèy pou manm Gendwa Nesesè (gade 32.6.2)

  • Tantativ Asasina

  • Abi Seksyèl, enkli Agresyon ak Pèsekisyon (gade 38.6.18 pou konn kilè yon konsèy obligatwa)

  • Abi sou yon konjwen oswa yon lòt adilt (gade 38.6.2.4 pou konn kilè yon konsèy obligatwa)

Tip Peche

Imoralite Seksyèl

Konsèy pou Manm Obligatwa (gade 32.6.1)

  • Ensès

  • Pònografi sou timoun

  • Maryaj poligami

  • Konpòtman predatè seksyèl

Konsèy pou manm Gendwa Nesesè (gade 32.6.2)

  • Adiltè, fònikasyon, ak relasyon menm sèks

  • Konkibinaj, inyon sivil ak patnèchip, ak maryaj menm sèks

  • Itilizasyon pònografi entansif ak sanrete ki lakoz gwo domaj pou maryaj oswa fanmi yon manm.

Tip Peche

Zak Malonèt

Konsèy pou Manm Obligatwa (gade 32.6.1)

  • Konpòtman Finansye predatè, tankou fwod ak aktivite similè

Konsèy pou manm Gendwa Nesesè (gade 32.6.2)

  • Piyaj, kanbriyolaj, vòl oswa detounman fon

  • Fo temwayaj

Tip Peche

Vyolasyon konfyans

Konsèy pou Manm Obligatwa (gade 32.6.1)

  • Peche grav pandan moun nan gen yon pozisyon enpòtan nan Legliz la

Konsèy pou manm Gendwa Nesesè (gade 32.6.2)

  • Peche grav pandan moun nan okipe yon pozisyon otorite oswa yon pozisyon konfyans nan Legliz la oubyen nan kominote a.

  • Peche grav ke anpil moun konnen

Tip Peche

Kèk lòt aksyon

Konsèy pou Manm Obligatwa (gade 32.6.1)

  • Pifò kondanasyon pou krim yo

Konsèy pou manm Gendwa Nesesè (gade 32.6.2)

  • Avòtman

  • Chema pou peche grav

  • Delibereman abandone responsablige familyal, enkli pa peye pansyon alimantè ak obligasyon finansye pou yon pitit.

  • Vann dwòg ilegalman

  • Lòt aksyon kriminèl grav

32.6.3

Lè Prezidan Pieu a Fè Konsèy avèk Prezidans Entèrejyon an pou konnen si Wi ou Nou yon Konsèy oubyen Lòt Aksyon Nesesè pou yon Manm

Kèk sitiyasyon mande ekstra sansiblite ak gidans. Pou konn kijan pou l pi byen ede, Prezidan pieu a dwe pale avèk Prezidans Entèrejyon an sou sitiyasyon yo ki nan seksyon sa a. Sepandan, se sèl prezidan pieu a ki ka deside si yon konsèy dwe fèt pou adrese konpòtman an. Si yon konsèy ap fèt, prezidan pieu a oswa evèk la ap deside rezilta a.

SI yon konsèy pou manm ap fèt pou youn nan rezon yo dekri nan seksyon sa a, desizyon konsèy la dwe se “rete an bon tèm,” “restriksyon ofisyèl pou manm,” oswa “retrè kòm manm.” Apwobasyon Premye Prezidans lan obligatwa pou retire restriksyon ofisyèl yo oubyen pou reyadmèt yon moun nan Legliz la (gade 32.16.1, nimewo 9).

32.6.3.1

Lòt Aksyon

Si yon konsèy pou manm pa p fèt, lòt aksyon ka enkli:

  • Restriksyon non ofisyèl pou yon manm (gade 32.8.3).

  • Anotasyon nan rejis yon manm (gade 32.14.5).

  • Restriksyon òdonans yo, ki mete restriksyon pou yon moun pa resevwa prètriz la ni egzèse prètriz la oubyen resevwa oswa itilize yon rekòmandasyon tanp.

Yon prezidan pieu dwe pale avèk Prezidans Entèrejyon an avan l pran youn nan aksyon sa yo.

32.6.3.2

Apostazi

Pwoblèm apostazi souvan gen yon enpak ki depase limit yon pawas oswa pieu. Yo dwe adrese yo rapidman pou pwoteje lòt moun.

Evèk la dwe pale avèk prezidan pieu a si l santi ke aksyon yon manm ka konsidere kòm apostazi. Evèk la oswa prezidan pieu a ka mete restriksyon non ofisyèl sou yon manm (gade 32.8. 3). Prezidan pieu a dwe rapidman pale avèk Prezidans Entèrejyon an. Sepandan, se sèl prezidan pieu a ki ka deside si pou reyini yon konsèy oubyen si lòt aksyon nesesè.

Jan l itilize la a, apostazi fè referans a yon manm ki angaje nan youn nan bagay ki pi ba la yo:

  • Aplizyè repriz aji an opozisyon klè ak delibere kont Legliz la, kont doktrin li, politik li, ak dirijan l yo

  • Pèsiste nan anseye kòm doktrin Legliz la sa ki pa doktrin Legliz la apre evèk la oswa prezidan pieu a fin korije moun nan

  • Montre yon tandans pou entansyonèlman travay pou febli lafwa ak aktivite manm Legliz yo

  • Kontinye suiv ansèyman gwoup aposta apre evèk la oswa prezidan pieu a fin korije moun nan

  • Ofisyèlman rantre nan yon lòt Legliz epi fè pwomosyon ansèyman l yo (Inaktivite total nan Legliz la oubyen asiste nan yon lòt Legliz anyomenm pa konsidere kòm apostazi.) Sepandan, si yon manm ofisyèlman rantre nan yon lòt Legliz epi l ap defann ansèyman l yo, sa gen dwa nesesè pou retire l kòm manm nan Legliz la.)

Sovè a te anseye Nefit yo ke yo dwe kontinye sèvi yon moun ki peche. “Men si l pa repanti, li p ap konte nan pami pèp mwen an, pou l kapab pa detwi pèp mwen an” (3 Nefi 18:31).

32.6.3.3

Detounman Fon Legliz la

Si yon moun detounen fon Legliz la oubyen vòlè byen enpòtan Legliz la posede, prezidan pieu a dwe pale avèk Prezidans Entèrejyon an konsènan si yon konsèy pou manm oswa lòt aksyon gendwa nesesè. Dirijan yo dwe konsidere:

  • Montan yo detounen oswa vòlè a.

  • Si moun nan repeye sa l pran an.

  • Nivo remò moun nan.

Jeneralman, si yon manm Legliz detounen fon Legliz la oubyen vòlè byen enpòtan Legliz la, y ap mete yon anotasyon nan rejis manm li. Lè repantans lan konplete, yon prezidan pieu gendwa mande pou retire anotasyon an (gade 32.14. 5).

32.6.3.4

Moun Transjandè

Evèk ak prezidan pieu k ap travay avèk moun ki idantifye tèt yo kòm transjandè yo ta dwe suiv machasuiv ki nan seksyon 38.6.23yo.

32.6.4

Lè yon Konsèy pou Manm pa Nòmalman Nesesè

Yon konsèy pou manm pa nòmalman nesesè nan sikonstans ki pi ba la yo.

32.6.4.1

Pa Konfòme avèk Kèk Prensip nan Legliz la

Yon konsèy pou manm pa nòmalman nesesè pou aksyon nou dekri nan lis pi ba la a. Sepandan, note eksepsyon nan dènye aksyon an.

  • Inaktivite nan Legliz la

  • Pa ranpli devwa yo nan Legliz la

  • Pa peye dim

  • Peche pa omisyon

  • Mastibasyon

  • Pa konfòme avèk Pawòl Sajès la

  • Itilizasyon pònografi, eksepte pònografi sou timoun (jan yo dekri l nan seksyon 38.6.6la) oswa itilizasyon entansif san rete nan pònografi ki lakoz domaj siyifikatif sou maryaj oswa fanmi yon manm (jan l dekri nan seksyon 38.6.13la).

32.6.4.2

Echèk Nan Biznis (Fayit) oswa Nonpeman Dèt

Dirijan yo pa dwe itilize konsèy pou manm yo nan Legliz la pou regle konfli nan biznis. Echèk nan biznis oswa nonpeman dèt se pa yon rezon pou fè yon konsèy pou yon manm. Sepandan, yon konsèy pou manm dwe fèt pou aktivite malonèt ki grav oubyen pou lòt pratik finansye ki mètdam (gade 32.6.1.3).

32.6.4.3

Konfli sivil

Konsèy pou manm pa dwe fèt pou rezoud konfli sivil (gade Doktrin ak Alyans 134:11).

32.7

Sikonstans Moun nan

Senyè a te di, “Bra mizèrikòd mwen lonje ba nou, nenpòt moun ki vini m ap resevwa l, epi moun ki vin jwenn mwen, y ap beni.” (3 Nefi 9:14). Sitiyasyon yon moun se yon eleman enpòtan pou n konsidere lè n ap detèmine:

  • Apwòch apwopriye a pou ede l repanti pou peche grav (gade 32.5 ak 32.6).

  • Desizyon ki pran nan konsèy pèsonèl oswa konsèy pou manm (gade 32.8 ak 32.11).

Evèk yo ak prezidan pieu yo dwe chèche konn entansyon ak volonte Senyè a pou chak sitiyasyon. Yo dwe konsidere faktè ki pi ba la yo lè y ap detèmine ki apwòch pou yo itilize ak kisa desizyon an pral ye. Faktè sa yo pa dikte yon desizyon patikilye. Men, yo se èd pou yon desizyon ke dirijan yo dwe pran nan lapriyè ak selon gidans Lespri a.

32.7.1

Gravite Peche a

Gravite yon peche mezire pa anplè li. Sa ka enkli kantite ak frekans peche yo komèt, gravite dega ki soti nan yo, ak kantite moun ki blese pa yo.

32.7.2

Enterè viktim nan

Dirijan yo dwe konsidere enterè viktim yo ak lòt moun. Sa gendwa enkli konjwen yon moun ak lòt manm fanmi. Dirijan yo dwe konsidere gravite dega yo tou.

32.7.3

Prèv repantans

Gidans espirityèl nesesè pou disène si yon moun repanti sensèman. Kalite repantans sa a parèt pi fyab pa aksyon ki jis moun nan amezi tan ap pase olyede gwo chagren pandan yon grenn antrevi. Faktè pou konsidere yo enkli:

  • Fòs lafwa nan Jezikri.

  • Nati konfesyon an.

  • Pwofondè tristès pou peche a.

  • Restitisyon pou moun ki blese yo.

  • Konfòmite avèk obligasyon legal yo.

  • Siksè nan abandone peche a.

  • Fidelite nan obeyi kòmandman yo apre peche a.

  • Onètete anvè dirijan Legliz yo ak lòt moun.

  • Volonte pou suiv konsèy dirijan Legliz yo bay.

Imaj
Yon fi k ap priye

32.7.4

Vyolasyon Alyans Tanp yo

Senyè a deklare, “Paske yon moun ki resevwa anpil, y ap mande l anpil” (Doktrin ak Alyans 82:3). Yon moun ki te resevwa dotasyon nan tanp te fè alyans pou l viv selon prensip ki pi elve. Vyolasyon alyans sa yo agrave gravite yon peche. Li ogmante posiblite nesesite pou fè yon konsèy pou manm lan.

32.7.5

Pozisyon Konfyans oubyen Otorite

Gravite yon peche ogmante si yon moun komèt li pandan li nan yon pozisyon konfyans oubyen otorite, tankou yon paran, yon dirijan, oswa yon enstriktè.

32.7.6

Repetisyon

Yon tandans pou repete menm peche grav la gendwa endike yon konpòtman oswa yon adiksyon ki anrasinen pwofondeman ki antrave pwogresyon pou al nan yon repantans sensè. Anplis restriksyon sou yon moun kòm manm ki gendwa nesesè, pwogram tretman adisksyon ak konsèy pwofesyonèl gendwa ede (gade 32.8.2).

32.7.7

Laj, Matirite, ak Eksperyans

Dirijan yo dwe konsidere laj, matirite, ak eksperyans lè y ap fè konsèy pou yon manm oubyen lè y ap deside rezilta yon konsèy pou manm. Klemans souvan apwopriye pou moun ki pa gen matirite nan levanjil la. Pa egzanp, klemans gendwa apwopriye pou jèn manm ki angaje nan konduit imoral si yo abandone peche a epi yo montre yon repantans sensè. Sepandan, aksyon pi grav gendwa nesesè si yo pèsiste nan konpòtman an.

32.7.8

Kapasite Mantal

Maladi mantal, adiksyon, oswa kapasite mantal limite pa yon eskiz pou yon moun ki komèt yon peche grav. Sepandan, yo se faktè pou nou konsidere. Kòm yon pati nan ede yon moun repanti, dirijan yo dwe chèche gidans Senyè a pou yo ka wè konpreyansyon moun nan sou prensip levanjil yo ak nivo responsablite li.

32.7.9

Konfesyon volontè

Yon konfesyon volontè ak pwofon tristès yon moun pou aksyon li montre yon dezi pou l repanti.

32.7.10

Peryòd Tan ant Peche a ak Konfesyon an

Konfesyon se yon pati nan repantans epi li pa ta dwe ranvwaye. Pafwa yon peche suiv pa yon long peryòd restitisyon ak yon lavi fidèl. Si yon manm konfese yon peche epi li pa repete li, sa ka montre ke li abandone l. Nan ka sa a, konfesyon an gendwa konplete pwosesis repantans lan olye l demare li.


ADMINISTRE KONSÈY PÈSONÈL


32.8

Konsèy Pèsonèl avèk Restriksyon Manm Non Ofisyèl

Konsèy pèsonèl souvan sifi pou ede pwoteje lòt moun ak pou ede yon moun gen aksè nan pouvwa redanmsyon Ekspyasyon Jezikri a atravè repantans. Kalite konsèy sa a ka ede nan pwoteje manm lan kont peche ki pi grav tou. Nan yon konsèy pèsonèl, dirijan yo ka bay yon manm restriksyon non ofisyèl tou pou ede manm lan repanti pou kèk peche grav (gade 32.8.3).

Peche grav yo pa ta dwe trete alalejè (gade Doktrin ak Alyans 1:31). Vyolasyon alyans tanp yo ogmante chans pou yon konsèy manm nesesè (gade 32.7.4).

Nan lis ki pi ba la a, n ap jwenn machasuiv pou ede dirijan yo konnen kilè konsèy ak restriksyon non ofisyèl gendwa sifi (gade tou 32.7):

  • Yon moun pa komèt yon peche ki mande pou fè yon konsèy pou manm (gade 32.6.1).

  • Yon moun konfese volontèman epi li ap repanti sensèman.

  • Yon moun ap repanti pou yon peche grav ke l pa t janm komèt anvan sa.

  • Peche yon moun ki pa vyole alyans tanp yo.

  • Yon moun gen sikonstans agravan ki siyifikatif.

32.8.1

Konsèy Pèsonèl

Machasuiv ki pi ba la yo aplike lè yon evèk oswa yon prezidan pieu chita an konsèy avèk yon manm pou ede l repanti.

  • Mande sèlman enfòmasyon ki ap ase pou detèmine (1) atitid manm lan anvè konpòtman peche a ak (2) nati, frekans, ak dire konpòtman an. Pa mande detay ki depase sa ki nesesè pou w konprann sitiyasyon an. Pa poze kesyon ki baze sou kiryozite pèsonèl.

  • Mande kijan konpòtman sa a afekte lòt moun.

  • Fokis sou kondisyon pozitif ki apwofondi konvèsyon ak angajman manm lan devan Senyè a. Ankouraje manm lan pou l fè aksyon espesifik pou reyalize chanjman konpòtman ak chanjman kè pou repanti a. Envite li pou l apwoche pi pre Sovè a, pandan l ap chèche fòs Li epi pou l santi lanmou redanmtè Li.

  • Ankouraje aktivite edifyan tankou priye, etidye ekriti yo, ak asiste reyinyon Legliz yo. Anseye ke travay tanp ak istwa familyal ka redui enfliyans advèsè a. Ankouraje l sèvi lòt moun ak pataje levanjil la.

  • Ankouraje manm lan fè restitisyon pou moun ki blese pa peche l yo epi mande padon.

  • Ankouraje l pou l vire do bay move enfliyans yo. Ede manm yo pran aksyon prevansyon pou reziste anba tantasyon espesifik.

  • Rekonèt ke ou se yon dirijan eklezyastik, men pa yon konseye pwofesyonèl. Anplis konsèy ou founi yo, kèk manm ka benefisye de yon konsiltasyon pwofesyonèl tou. Gen kèk ki soufri anba maladi mantal. Selon bezwen yo, konseye manm yo pou yo chèche èd nan men pwofesyonèl medikal ak sante mantal ki kalifye.

  • Rete nan lapriyè epi chèche gidans nan men Lespri a anvan w mete restriksyon non ofisyèl sou yon manm. Kèk manm gendwa benefisye nan egzèse privilèj yo kòm manm Legliz la pi aktivman olye ke w mete restriksyon sou yo.

  • Fè suivi pou bay ankourajman, ranfòse fòs espirityèl, ak siveye pwogrè.

Apre yon manm fin konfese bay yon evèk oswa yon prezidan pieu, konsèy pou fè suivi gendwa fèt nan plizyè fason. Dirijan an ka okipe desa limenm. Oubyen, avèk pèmisyon manm lan, li gen dwa asiyen youn nan konseye l yo pou fè suivi a.

Avèk konsantman manm lan, yon evèk oswa yon prezidan pieu gendwa asiyen manm nan kowòm oswa Sosyete Sekou pou ede nan fason espesifik Pou jèn yo, li gendwa asiyen prezidans Jènfi a oswa konsiltan nan kowòm Prètriz Arawon an pou ede. Moun yo asiyen pou ede yo gen dwa pou yo resevwa enspirasyon pou ranpli tach sa a (gade 4.2.6).

Lè l ap asiyen yon moun pou ede nan suivi yon konsèy, dirijan an dwe bay sèlman enfòmasyon ki nesesè pou ede manm lan. Moun ki asiyen an dwe kenbe konfidansyalite. Li dwe enfòme evèk la tou sou pwogresyon ak bezwen manm lan.

32.8.2

Ede Moun Ki gen Adiksyon

Konsèy pèsonèl.pafwa enplike ede manm yo repanti pou peche ki gen pou wè avèk adiksyon oubyen ki koze pa adiksyon. Adiksyon sa yo gendwa enkli sibstans oswa yon varyete konpòtman. Adiksyon blese moun, maryaj ak fanmi. Evèk yo gendwa konseye manm yo pou yo chèche èd nan pwogram Legliz la genyen pou tretman pou adiksyon yo ak nan men pwofesyonèl medikal ak sante mantal ki kalifye.

Yon adiksyon k ap vin pi kouran se itilizasyon pònografi. Kit se yon adiksyon oswa yon abitid okazyonèl, itilizasyon pònografi sou kèlkeswa fòm nan se yon danje. Itilizasyon li chase Lespri a. Li diminye kapasite pou atire pouvwa ki soti nan kenbe alyans yo. Li domaje relasyon presye yo tou.

Konsèy pèsonèl ak restriksyon non ofisyèl sou yon manm nan Legliz la dabitid sifi pou ede yon moun repanti pou itilizasyon pònografi. Dabitid yo pa bezwen reyini yon konsèy pou Manm pou bagay sa a. Pou eksepsyon, gade 38.6.6 ak 38.6.13. Konsèy pwofesyonèl yo gendwa itil.

Prezidan pieu yo ak evèk yo dwe bay manm fanmi an sipò si nesesè. Paran yo ka enkli lè y ap konsye jèn yo konsènan itilizasyon pònografi. Yon konjwen gendwa enkli lè y ap konseye yon moun ki marye.

Pou enfòmasyon konsènan chita an konsèy avèk manm ki enplike nan pònografi, gade 38.6.13.

32.8.3

Restriksyon Non Ofisyèl pou Manm

Anplis ankouraje aksyon pozitif lè y ap fè konsèy avèk yon manm, yon evèk oswa prezidan pieu gendwa mete kèk restriksyon ki non ofisyèl sou privilèj moun nan kòm manm nan Legliz la pou yon tan. Si yo administre avèk sajès, restriksyon sa yo ka ede avèk repantans ak pwogresyon espirityèl. Yo konsidere yo kòm non ofisyèl paske yo pa note yo nan rejis manm lan.

Restriksyon non ofisyèl yo gendwa dire kèk semèn, plizyè mwa, oswa pi lontan si nesesè pou moun lan repanti totalman. Nan kèk sikonstans inabityèl, tan an ka pi long pase yon ane.

Dirijan yo dwe chèche gidans Lespri a pou yo ka konnen ki restriksyon ki ap pi byen ede yon moun repanti. Sa ka enkli (men pa limite a) sispann privilèj yo pou sèvi nan yon apèl nan Legliz la, nan egzèse prètriz la, oswa antre nan yon tanp. Dirijan an ta ka mete restriksyon tou pou yon moun pa fè diskou, leson, oswa priye nan kad Legliz la. Si dirijan an sispann dwa moun nan pou antre nan yon tanp, li dwe anile rekòmandasyon tanp lan nan Resous pou Dirijan ak Grefye yo (LCR).

Pran senstsèn se yon pati enpòtan nan repantans. Li pa ta dwe premye restriksyon ou bay yon moun k ap repanti ki gen yon kè brize ak yon lespri kontri. Sepandan, si yon moun komèt peche grav, yon dirijan gendwa sispann privilèj sa a pou yon ti tan.

Dirijan yo nòmalman pa di pèsòn anyen sou restriksyon non ofisyèl yo amwenske gen yon nesesite pou konnen (gade 32.12.2).

Evèk la oswa prezidan pieu a gendwa retire restriksyion non ofisyèl yo jan Lespri a dirije li lè moun lan fè pwogrè espesifik nan repantans sensè. Si yon manm kontinye nan menm tandans peche a, li gendwa nesesè pou reyini yon konsèy pou manm lan.

Imaj
Yon fi k ap priye

JERE KONSÈY POU MANM YO NAN LEGLIZ LA


Konsèy pou manm yo nan Legliz la reyini lè evèk la oswa prezidan pieu a detèmine ke yo ka ede oubyen lè yo se yon obligasyon dapre politik Legliz la (gade 32.6). Yo reyini nan nivo pawas, pieu, branch, distri, oswa misyon. Seksyon sa a founi enfòmasyon konsènan fason pou jere yo.

32.9

Patisipasyon ak Responsablite

Tablo ki anba la a montre kimoun ki nòmalman dwe patisipe nan konsèy pou manm yo.

Patisipan nan Konsèy pou Manm nan Legliz la

Konsèy Pawas pou Manm

Patisipan nan Konsèy pou Manm nan Legliz la

  • Moun yo reyini konsèy la pou li a

  • Evèk ak konseye l yo

  • Grefye pawas la

  • Prezidan kowòm ansyen oswa Sosyete Sekou (opsyonèl; gade 32.10.1)

Konsèy Manm nan Nivo Pieu

Patisipan nan Konsèy pou Manm nan Legliz la

  • Moun yo reyini konsèy la pou li a

  • Prezidan pieu a ak konseye l yo

  • Grefye Pieu a

  • Manm Gran Konsèy yo (nan sitiyasyon limite jan sa eksplike nan 32.9.2a)

  • Evèk moun yo reyini konsèy la pou li a (opsyonèl; gade 32.9.3)

  • Prezidan kowòm ansyen oswa Sosyete Sekou (opsyonèl; gade 32.10.1)

32.9.1

Prezidan Pieu

Prezidan Pieu a:

  • Gen otorite sou konsèy pou manm ki fèt nan pieu a, sepandan, pifò nan konsèy sa yo se evèk yo ki reyini yo.

  • Dwe bay apwobasyon avan evèk la ka reyini yon konsèy pou yon manm.

  • Reyini yon konsèy pieu pou manm si yon fi oswa yon gason ki te resevwa dotasyon tanp pral gen non l retire kòm manm nan Legliz la.

  • Gendwa reyini yon konsèy si yon manm fè apèl pou yon desizyon konsèy pawas pou manm.

  • Dwe bay apwobasyon l anvan pou yo finalize rekòmandasyon yon konsèy manm bay pou retire yon moun ki pa dote kòm manm.

32.9.2

Gran konsèy

Manm gran konsèy yo nòmalman pa patisipe nan konsèy pieu pou manm yo. Sepandan, gran konsèy la gendwa patisipe nan sitiyasyon difisil yo (gade Doktrin ak Alyans 102:2). Pa egzanp, prezidans pieu a gendwa envite gran konsèy la patisipe lè:

  • Gen fè ki konteste.

  • Yo ka ajoute valè ak balans.

  • Manm lan mande patisipasyon yo.

  • Yon manm nan prezidans pieu a oswa fanmi li enplike (gade 32.9.7).

32.9.3

Evèk (oubyen Prezidan Branch nan yon Pieu)

Evèk la:

  • Gen otorite sou konsèy pawas pou manm yo.

  • Pale avèk prezidan pieu a epi jwenn apwobasyon avan li reyini yon konsèy.

  • Pa dwe reyini yon konsèy si yon fi oswa yon gason ki te resevwa dotasyon tanp pral gen non l retire kòm manm nan Legliz la. Yon konsèy pieu pou manm dwe reyini nan sitiyasyon sa yo:

  • Gendwa jwenn envitasyon pou patisipe nan yon konsèy pieu pou manm pou yon manm pawas ke y ap rekonsidere pozisyon l kòm manm. Prezans li dwe apwouve pa prezidan pieu a avèk moun nan.

Yon konsèy pou manm nan Legliz la ka rekòmande pou yo retire yon moun kòm manm si l pa t resevwa dotasyon. Sepandan, apwobasyon prezidan pieu a obligatwa anvan desizyon an finalize.

Pafwa yon konsèy pawas pou manm reyini pou yon manm ki dote epi pwosesis la revele ke gen anpil chans pou yo retire moun nan kòm manm nan Legliz la. Nan sitiyasyon sa yo, evèk la refere pwoblèm nan bay prezidan pieu a.

32.9.4

Prezidan Misyon

Prezidan misyon an:

  • Gen otorite sou konsèy pou manm yo nan branch yo ak distri yo nan misyon an.

  • Dwe bay apwobasyon anvan yon prezidan distri oswa branch ka reyini yon konsèy pou manm.

  • Fè yon konsèy pou manm si yon fi oswa yon gason ki te resevwa dotasyon tanp pral gen non l retire kòm manm nan Legliz la. Si tan oswa distans anpeche sa, li gendwa asiyen youn nan konseye l yo pou prezide sou konsèy la. Li deziyen de lòt detantè prètriz Melkisedèk pou patisipe.

  • Kote sa posib, li ka fè konsèy pou manm ki pa dote. Si tan oswa distans anpeche sa, li gendwa otorize twa detantè Prètriz Mèlkisedèk pou yo fè konsèy la. Nan ka sa a, prezidan distri oswa prezidan branch manm lan nòmalman dirije konsèy la.

  • Gendwa reyini yon konsèy si yon manm fè apèl pou yon desizyon konsèy pawas pou manm.

  • Avèk apwobasyon yon Otorite Jeneral nan Depatman Misyonè a, li ka reyini yon konsèy manm pou yon misyonè ki komèt yon peche grav nan chan misyon an (gade 32.9.8). Li dwe revize pwoblèm nan avèk yon manm nan Prezidans Entèrejyon an tou epi pale avèk prezidan pieu ki nan pieu kote misyonè a soti a.

  • Dwe bay apwobasyon anvan yo finalize rekòmandasyon yon konsèy distri pou manm te fè pou retire yon moun ki te dote kòm manm.

Si yon misyonè konfese yon peche grav ke l te komèt avan l te sèvi yon misyon, prezidan misyon an dwe kontakte reprezantan nan domèn sa a nan Depatman Misyonè a pou direksyon.

Lè yon prezidan misyon reyini yon konsèy pou manm, li dwe deziyen de detantè Prètriz Melkisedèk pou asiste li. Se sèlman nan sikonstans inabityèl li ta dwe mande jèn misyonè pou asiste l. Li dwe suiv menm pwosedi ki egziste pou yon konsèy pou manm nan yon pieu yo (gade 32.10). Sepandan, gran konsèy la oubyen konsèy distri a pa patisipe ladan l.

32.9.5

Prezidan Distri oubyen Prezidan Branch nan yon Misyon

Yon prezidan distri oswa branch nan yon misyon gendwa reyini yon konsèy pou manm lè l resevwa otorizasyon nan men prezidan misyon an. Sepandan, konsèy distri a pa patisipe ladan l.

Yon konsèy distri oswa konsèy branch pou yon manm nan Legliz la gen dwa rekòmande pou yo retire non moun nan kòm manm si li potko resevwa dotasyon nan tanp. Sepandan, apwobasyon prezidan misyon an obligatwa anvan pou desizyon an finalize.

32.9.6

Grefye Pieu oubyen Pawas

Grefye pieu oubyen pawas la:

  • Kenbe tout nòt li pran yo nan yon konsèy la pou sèlman osi lontan ke sa nesesè pou l soumèt fòm Rapò Konsèy pou Manm Legliz la.

  • Prepare fòm nan si dirijan k ap dirije konsèy la mande sa.

  • Pa patisipe nan diskisyon ni desizyon nan konsèy la.

32.9.7

Patisipasyon nan Sikonstans ki pa Abityèl

Si yon konseye nan prezidans pieu a nan enposiblite pou l patisipe nan yon konsèy pou yon manm nan Legliz la, prezidan pieu a ka mande yon manm gran konsèy oswa yon lòt gran prèt pou pran plas li. Si prezidan pieu a nan enposiblite pou l patisipe, Premye Prezidans la gendwa otorize youn nan konseye l yo pou prezide nan plas li.

Si yon konseye nan episkopa a nan enposiblite pou l patisipe nan yon konsèy pou yon manm nan Legliz la, evèk la gendwa mande yon gran prèt nan pawas la pou pran plas li. Si evèk la nan enposiblite pou l patisipe, li ka refere pwoblèm nan bay prezidan pieu a, ki ap reyini yon konsèy pieu pou manm Legliz la. Evèk la pa gendwa asiyen yon konseye l pou reyini yon konsèy pou manm Legliz.

Si yon konsèy pou manm legliz la ap reyini pou yon manm nan fanmi evèk la oswa youn nan konseye l yo, li dwe reyini nan nivo pieu a. Si l reyini pou yon manm fanmi youn nan konseye prezidan pieu a, prezidan pieu a dwe asiyen yon lòt gran prèt pou pran plas konseye a. Si yon konsèy pou manm legliz ap reyini pou yon manm fanmi prezidan pieu a, li dwe konsilte Ofis Premye Prezidans lan.

Si yon manm fè objeksyon pou patisipasyon evèk la oswa konseye l yo, konsèy pou manm lan dwe reyini nan nivo pieu a. Si yon manm fè objeksyon pou patisipasyon youn nan konseye prezidan pieu a, prezidan pieu a dwe asiyen yon lòt gran prèt pou pran plas konseye a. Si yon manm fè objeksyon pou patisipasyon prezidan pieu a, oubyen si prezidan pieu a santi l pa ka aji san patipri, li dwe konsilte Ofis Premye Prezidans la.

32.9.8

Detèmine Ki Dirijan k ap òganize yon Konsèy nan Sikonstans Espesyal

Konsèy pou manm yo nan legliz la preske toujou reyini nan inite jewografik Legliz la ki gen rejis manm moun nan.

Pafwa yon konsèy pou manm ka nesesè pou yon manm ki demenaje. Si l demenaje men li rete nan menm pieu a, prezidan pieu a dwe pale avèk evèk toulède pawas yo epi deside ki kote li ta dwe fèt.

Si manm lan demenaje al abite andeyò pieu a, prezidan toulède pieu yo dwe pale ansanm pou yo deside ki kote konsèy la ta dwe fèt. Si yo deside ke l ta dwe reyini nan ansyen pawas oswa pieu a, rejis manm lan ap rete nan pawas la jiskaske konsèy la fini. Otreman, rejis la ap transfere al nan nouvo pawas la. Evèk la oswa prezidan pieu a dwe konfidansyèlman enfòme evèk oswa prezidan pieu aktyèl manm lan konsènan rezon yon konsèy nesesè.

Pafwa yon konsèy pou manm konn nesesè pou yon manm ki ap viv lwen lakay li tanporèman. Pa egzanp, yon konsèy gendwa nesesè pou yon etidyan oswa yon manm ki nan militè. Evèk kote manm lan abite tanporèman an ka founi konsèy ak sipò. Sepandan, li pa ta dwe reyini yon konsèy pou manm Legliz sof si rejis manm lan nan inite l la epi li te konsilte evèk nan pawas moun nan soti a.

Pafwa yon misyonè gen dwa komèt yon peche grav nan chan misyon an ki vin revele jis apre l fin relve. Evèk la ak prezidan pieu a pale ansanm pou konnen kiyès nan yo ki ta dwe reyini konsèy pou manm la. Youn nan yo dwe pale avèk ansyen prezidan misyon an avan yo fè konsèy la.

32.10

Pwosedi pou Konsèy pou Manm

32.10.1

Voye Notifikasyon epi Prepare pou Konsèy la

Evèk la oswa prezidan pieu a dwe ekri manm lan pou fè l konnen gen konsèy pou manm ki pral fèt pou li. Li dwe siyen lèt la. Lèt la dwe gen enfòmasyon sa yo:

“[Episkopa a oswa prezidans pieu a] ap reyini yon konsèy manm konsènan ou. Konsèy la ap reyini nan [dat ak lè] nan [andwa].

“Konsèy sa a pral konsidere [fè rezime move konpòtman an an tèm jeneral, men pa bay detay ni prèv].

“Nou envite w pou w vini nan konsèy la pou bay repons ou. Ou gendwa bay deklarasyon ekri kèk moun ki ka founi enfòmasyon apwopriye. Ou gendwa envite moun sa yo pou yo vin pale devan konsèy la pou ou si prezidan pieu a oswa evèk la apwouve sa alavans. Ou gendwa envite [prezidant Sosyete Sekou oswa prezidan kowòm ansyen pawas la] pou yo prezan pou yo ka pote sipò.

“Tout moun ki ap asiste dwe dispoze pou yo konfòme yo a nati respektab konsèy la, enkli pwosedi l yo ak konfidansylalite. Konseye jiridik ak sipòtè ki pa fè pati moun ki site pi wo yo pa gen pèmisyon pou yo prezan.”

Yon dènye paragraf ta ka enkli yon ekspresyon lanmou, lespwa ak sousi.

Machasuiv konsènan kiyès moun lan gendwa envite pou vin pale devan konsèy yo disponib nan 32.10.3, nimewo 4.

Si lèt la pa ka delivre an pèsòn, ou ka voye l pa koli lapòs sètifye oswa anrejistre, avèk resi ki di si moun nan resevwa l.

Evèk la oswa prezidan pieu a ap fikse dat konsèy pou manm lan nan yon lè ki konvenab pou moun nan. Li dwe asire l ke gen ase tan pou jwenn deklarasyon nan men moun ki viktim move konpòtman an si yo vle bay deklarasyon (gade 32.10.2).

Evèk la oswa prezidan pieu a dse prepare manm nan pou konsèy la kote y ap eksplike l objektif li ak pwosedi l yo. Li dwe eksplike l desizyon yo konsèy la ka pran ak rezilta yo tou. Si yon manm te konfese, dirijan an dwe eksplike l ke y ap bezwen itilize konfesyon an nan konsèy pou manm lan.

32.10.2

Resevwa Deklarasyon Viktim yo

Lè yon manm legliz la se yon viktim (bagay tankou ensès, abi sou timoun, abi sou konjwen, oswa fwod), evèk la oswa prezidan pieu a dwe kontakte evèk oswa prezisdan pieu moun sa a. Dirijan sa yo ap detèmine si l t ap pi bon pou bay viktim nan opòtinite pou l founi yon deklarasyon ekri konsènan move konduit la ak konsekans li. Yo gendwa li deklarasyon sa yo nan yon reyinyon konsèy pou manm (gade 32.10.3, nimewo 3). Dirijan yo nan Legliz la pa gen otorite pou yo pran kontak avèk viktim ki pa manm Legliz la.

Tout reyinyon avèk yon viktim nan objektif sa a se evèk oswa prezidan pieu aktyèl la ki dwe fè l. Si yon viktim bay yon deklarasyon, dirijan sa a dwe remèt li bay evèk oswa prezidan pieu k ap reyini konsèy pou manm lan. Dirijan yo dwe pran anpil prekosyon pou yo evite twomatize moun nan.

Tout envestigasyon konsènan yon viktim ki pi piti pase 18 an dwe fèt palentèmedyè paran oswa gadyen legal timoun nan, sof si sa ap mete viktim nan an danje.

Pou enfòmasyon sou konsèy yo bay pou evèk ak prezidan pieu yo konsènan ka abi yo, gade seksyon 32.4.5 ak 38.6.2.1.

32.10.3

Dirije Konsèy la

Imedyatman avan konsèy la kòmanse, evèk la oswa prezidan pieu a dwe di patisipan yo pou kiyès konsèy la ap fèt ak kisa move konduit yo rapòte a ye. Si nesesè, li eksplike yo pwosedi konsèy la.

Apresa, si moun nan prezan, yo envite l antre nan sal la. Si yo te envite evèk la pou l aasiste yon konsèy pou manm nan nivo pieu, y ap envite pou l antre nan sal la nan moman sa a. Si moun nan te envite prezidant Sosyete Sekou oswa prezidan kowòm ansyen pawas la pou l prezan pou pote sipò, y ap envite l antre nan sal la tou.

Evèk la oswa prezidan pieu a dwe dirije konsèy la nan yon espri lanmou, jan sa dekri pi ba a.

  1. Li envite yon moun pou ofri priyè ouvèti a.

  2. Li deklare kisa move konduit la ye. Li bay moun nan (si l prezan) yon opòtinite pou l konfime, renye, oswa klarifye deklarasyon sa a.

  3. Si manm lan konfime move konduit la, evèk la oswa prezidan pieu a pase nan nimewo 5 ki pi ba la a. Si manm lan renye fot la, evèk la oswa prezidan pieu a prezante enfòmasyon l genyen sou sijè a. Sa ka enkli prezantasyon dokiman fyab avèk lekti awotvwa sou tout deklarasyon ekri l te resevwa nan men viktim yo (gade 32.10.2). Si l ap li yon deklarasyon konsa, li dwe pwoteje idantite viktim nan.

  4. Si manm lan renye move konduit la, li ka prezante enfòmasyon bay konsèy la. Enfòmasyon sa a ka alekri. Oubyen manm lan gendwa mande moun ki ka bay enfòmasyon apwopriye yo pou yo vin pale devan konsèy la, youn apre lòt. Moun sa yo dwe se manm Legliz la sof si evèk la oswa prezidan pieu a te detèmine alavans ke yon moun ki pa manm gendwa asiste. Yo dwe rete tann nan yon sal separe jistan yo mande yo pou yo vin pale. Chak moun dwe kite sal konsèy la lè li fini. Yo dwe dispoze pou konfòme yo a nati respektab konsèy la, enkli pwosedi l yo ak konfidansyalite li. Manm yo pa dwe gen konseye jiridik ki prezan. Ni yo pa dwe gen sipòtè ki akonpaye yo apa moun sa yo ki mansyone nan dezyèm paragraf seksyon sa a.

  5. Evèk la oswa prezidan pieu a gendwa poze manm lan kesyon nan yon fason poli ak respektab. Li gendwa poze lòt moun manm lan te mande pou founi enfòmasyon yo kesyon tou. Konseye yo nan episkopa a oswa prezidans pieu a gendwa poze kesyon tou. Tout kesyon yo ta dwe brèf epi limite a fè ki esansyèl yo.

  6. Lè yo fin prezante tout enfòmasyon apwopriye yo, evèk la oswa prezidan pieu a dwe mande manm lan pou l soti nan sal la. Li dwe envite grefye a pou l soti tou, amwenske gran konsèy la te patisipe nan yon konsèy pou manm nan nivo pieu. Si evèk manm lan prezan pou yon konsèy pou yon manm nan nivo pieu, yo dwe envite pou l soti tou. Si prezidant Sosyete Sekou a oubyen prezidan kowòm ansyen an ap asiste pou pote sipò, envite l pou l soti tou.

  7. Evèk la oswa prezidan pieu a dwe mande konseye l yo pou yo fè kòmantè oubyen bay ide yo. Si gran konsèy la ap patisipe nan yon konsèy pou manm nan nivo pieu, li mande yo pou yo bay kòmantè ak ide.

  8. Avèk konseye l yo, evèk la oswa prezidan pieu a, nan lapriyè, chèche konn volonte Senyè a konsènan pwoblèm nan. Se sèl prezidan pieu a ak konseye l yo oswa evèk la ak konseye l yo ki ta dwe rete nan sal la pandan tan sa a. Si yon konsèy ki fèt pou yon manm nan nivo pieu enkli gran konsèy la, prezidans pieu a dabitid ale nan biwo prezidan pieu a.

  9. Evèk la oswa prezidan pieu a anonse konseye yo desizyon li epi l mande yo pou yo soutni li. Si yon konsèy pou yon manm nan nivo pieu enkli gran konsèy la, prezidans pieu a ap retounen nan sal la epi l ap mande gran konsèy la pou yo soutni li. Si yon konseye oubyenyon manm gran konsèy gen yon opinyon diferan, evèk la oswa prezidan pieu a dwe tande l epi chèche rezoud diferans yo. Responsablite pou desizyon an rete sou do ofisye k ap prezide a.

  10. L ap envite moun nan retounen nan sal la. Si grefye a te kite sal la, li envite pou l retounen nan sal la tou. Si evèk manm lan prezan pou yon konsèy pou yon manm nan nivo pieu, yo dwe envite l pou l retounen nan sal la tou. Si prezidan Sosyete Sekou oswa prezidan kowòm ansyen an ap asiste pou founi sipò, yo envite l pou l retounen tou.

  11. Evèk la oswa prezidan pieu a prezante desizyon konsèy la nan yon espri lanmou. Si desizyon an se pou ofisyèlman mete restriksyon sou privilèj moun nan kòm manm Legliz la oswa retire l kòm manm, li dwe eksplike kondisyon yo (gade 32.11.3 ak 32.11.4). Li dwe eksplike fason pou moun nan simonte restriksyon yo tou epi bay lòt enstriksyon ak konsèy. Yon evèk oswa yon prezidan pieu gendwa ajoune yon konsèy pou yon tan pou chèche plis gidans oswa enfòmasyon avan l pran yon desizyon. Nan ka sa a, li eksplike sa.

  12. Li eksplike dwa moun nan genyen pou l fè apèl (gade 32.13).

  13. Li envite yon moun pou ofri priyè kloti a.

Kit moun nan prezan ou pa, evèk la oswa prezidan pieu a dwe notifye l de desizyon an jan yo eksplike sa nan seksyon 32.12 1a.

Okenn patisipan nan yon konsèy pou manm nan Legliz la pa otorize yo pou fè yon odyo, videyo, oswa anrejistreman ekri. Yon grefye gendwa pran nòt nan objektif pou l prepare Rapò Konsèy Manm Legliz la. Sepandan, kalite nòt sa yo pa dwe yon transkripsyon oubyen yon rapò mo pou mo. Apre rapò a fin prepare, li dwe rapidman detwi tout nòt yo.

32.11

Desizyon Konsèy Pou Manm yo

Desizyon konsèy pou manm yo dwe dirije pa Lespri a. Yo dwe reflete lanmou ak lespwa ke Sovè a ofri moun ki repanti yo. Yo dekri desizyon posib yo pi ba la a. Lè y ap pran desizyon sa yo, dirijan yo dwe konsidere sikonstans ki souliyen nan seksyon 32.7yo.

Apre nenpòt konsèy pou manm, evèk la oswa prezidan pieu a dwe rapidman soumèt yon fòm Rapò Konsèy Manm Legliz la atravè LCR (lojisyèl pou dokimantasyon pou dirijan ak grefye yo) (gade 32.14.1).

Desizyon ki posib pou konsèy pou manm yo pran yo souliyen nan seksyon ki pi ba yo.

32.11.1

Rete Kòm Manm nan Legliz la

Nan kèk sikonstans, yon moun gendwa inosan epi l rete nan pozisyon l kòm manm. Nan kèk sikonstans, yon moun gendwa te komèt peche a, li repanti sensèman epi li rete nan pozisyon l kòm manm. Evèk la oswa prezidan pieu a gendwa bay konsèy ak avètisman sou aksyon l ap fè nan lefiti. Apre konsèy la, li kontinye bay sipò l selon bezwen.

Imaj
yon koup ki chita ansanm

32.11.2

Konsèy Pèsonèl avèk Evèk la oubyen Prezidan Pieu a

Nan kèk konsèy pou manm nan Legliz la, dirijan yo gendwa detèmine ke manm lan pa yon manm ankò—men ofisyèlman retire non l kòm manm legliz la pa jistifye. Nan sikonstans sa yo, konsèy la ka deside ke moun nan ta dwe resevwa konsèy pèsonèl ak koreksyon nan men evèk la oswa prezidan pieu a. Kalite konsèy sa a ka enkli restriksyon non ofisyèl pou manm yo jan yo dekri nan seksyon 32.8. 3a.

Konsèy pèsonèl ak restriksyon non ofisyèl yon manm nan Legliz la se pa yon opsyon lè yon konsèy te reyini pou peche ki nan lis ki nan seksyon 32.6.1a.

32.11.3

Restriksyon Manm Ofisyèl

Nan kèk konsèy pou manm nan Legliz la, dirijan yo gendwa detèmine ke l pi bon pou yo ofisyèlman mete restriksyon sou privilèj yon moun kòm manm nan Legliz la pou yon tan. Restriksyon ofisyèl yo gendwa apwopriye pou tout peche oswa tout sitiyasyon, eksepte sa ki pi grav yo, ki mande pou retire moun nan kòm manm (gade 32.11.4).

Moun yo ki gen restriksyon ofisyèl yo toujou rete manm Legliz la. Sepandan, privilèj yo kòm manm nan Legliz la gen restriksyon jan sa dekri pi ba a:

  • Yo pa ka antre nan yon tanp. Sepandan, yo ka kontinye mete gaman tanp yo si yo dote. Si manm lan gen yon rekòmandasyon tanp, dirijan an ap anile l nan LCR la.

  • Yo pa ka egzèse prètriz la.

  • Yo pa ka pran sentsèn ni patisipe nan soutni ofisye yo nan Legliz la.

  • Yo pa ka fè diskou, leson, oswa priye nan kad Legliz la. Ni yo pa ka sèvi nan yon apèl nan Legliz la.

Yo ankouraje yo pou yo kontinye asiste reyinyon ak aktivite yo nan Legliz la si konduit yo kòrèk. Yo ankouraje yo pou yo peye dim ak ofrann tou.

Evèk la oswa prezidan pieu a gendwa ajoute lòt kondisyon, tankou rete lwen pònografi ak lòt enfliyans mal. Dabitid li ajoute kondisyon pozitif. Kondisyon sa yo gendwa enkli asistans regilye nan Legliz la, priyè regilyè, ak lekti nan ekriti yo ak lòt materyèl legliz yo.

Si gen restriksyon ofisyèl sou privilèj yon manm nan Legliz la, sa note nan rejis manm li.

Dire restriksyon ofisyèl la se dabitid omwen yon ane e li gen dwa pi long. Lè manm lan fè pwogrè yo endike pou repantans sensè yo, evèk la oswa prezidan pieu a ap reyini yon lòt konsèy pou konsidere retire restriksyon yo (gade 32.16.1). Si yon manm pèsiste nan menm konduit peche a, dirijan an ka reyini yon lòt konsèy pou konsidere lòt mezi.

32.11.4

Retire yon Moun Kòm Manm

Nan kèk konsèy pou manm nan Legliz la, dirijan yo gendwa deside ke l ap pi bon pou yo ofisyèlman retire yon moun kòm manm Legliz la pou yon tan (gade Mozya 26:36; Alma 6:3; Mowoni 6:7; Doktrin ak Alyans 20:83).

Retire yon moun kòm manm nan Legliz obligatwa pou asasina (jan l defini nan 32.6.1.1a) ak maryaj poligam (jan sa eksplike nan 32.6.1.2a). Li toujou preske obligatwa pou ensès jan sa eksplike nan 32.6.1.2 ak 38.6.10.

Selon enspirasyon Lespri a, retire yon moun kòm manm gendwa nesesè tou nan ka sa yo:

  • Pou moun ke konduit yo fè yo tounen yon menas pou lòt moun.

  • Pou moun ki komèt peche ki espesyalman grav.

  • Pou moun ki pa montre repantans pou peche grav yo (gade konsiderasyon yo nan 32.5).

  • Pou moun ki komèt peche grav ki afekte Legliz la.

Yon konsèy ki fèt pou yon manm nan nivo pawas, branch, oswa distri ka rekòmande pou yo retire yon moun kòm manm si li pa t resevwa dotasyon nan tanp. Sepandan, apwobasyon prezidan pieu a oswa prezidan misyon an nesesè avan desizyon an finalize.

Moun ke yo retire kòm manm nan Legliz la pa gendwa pou yo jwi okenn nan privilèj ki egziste lè yon moun manm Legliz la.

  • Yo pa ka antre nan tanp ni mete gaman tanp yo. Si manm lan gen yon rekòmandasyon tanp, dirijan an dwe anile l nan LCR la.

  • Yo pa ka egzèse prètriz la.

  • Yo pa ka pran sentsèn ni patisipe nan soutni ofisye yo nan Legliz la.

  • Yo pa ka fè diskou, leson, oswa priyè nan kad Legliz la, ni dirije yon aktivite nan Legliz la. Ni yo pa ka sèvi nan yon apèl nan Legliz la.

  • Yo pa ka peye dim ak ofrann.

Yo ankouraje yo pou yo kontinye asiste reyinyon ak aktivite yo nan Legliz la si konduit yo kòrèk.

Yo gen dwa konsidere moun ke yo retire kòm manm nan Legliz la pou reyadmisyon atravè batèm ak konfimasyon. Dabitid, yo dwe toudabò montre repantans sensè pandan omwen yon ane. Evèk la oswa prezidan pieu a dwe reyini yon lòt konsèy pou manm pou konsidere reyadmisyon an (gade 32.16. 1).

Desizyon ak Rezilta Konsèy pou Manm yo

Desizyon

Rezilta

Desizyon

Rete Kòm Manm nan Legliz la (gade 32.11.1)

Rezilta

  • Okenn

Desizyon

Konsèy Pèsonèl avèk Evèk la oubyen Prezidan Pieu a (gade 32.11.2)

Rezilta

  • Gendwa gen restriksyon non ofisyèl sou kèk privilèj yo kòm manm legliz la.

  • Restriksyon yo abityèlman dire mwens pase yon ane; nan kèk sikonstans inabityèl, yo gen dwa pi long.

  • Restriksyon non ofisyèl yo leve apre yon repantans sensè.

  • Aksyon an pa anrejistre nan rejis manm lan.

Desizyon

Restriksyon Manm Ofisyèl (gade 32.11.3).

Rezilta

  • Yo ofisyèlman retire tout privilèj moun nan kòm manm.

  • Restriksyon sa yo abityèlman dire omwen yon ane epi yo gen dwa pi long.

  • Yo note aksyon an nan rejis manm lan.

  • Yo retire restriksyon ofisyèl yo apre yon repantans ense, apre yon konsèy pou manm, epi, si nesesè, apre apwobasyon Premye Prezidans lan.

  • Yo retire anotasyon an ki nan rejis manm lan si restriksyon yo siprime apre yon konsèy pou manm lan (eksepte anotasyon obligatwa yo; gade 32.14.5).

Desizyon

Retire Moun Kòm Manm (gade 32.11.4).

Rezilta

  • Tout òdonans yo anile.

  • Tout privilèj manm yo siprime, dabitid pou omwen yon ane.

  • Yon moun elijib pou reyadmisyon atravè batèm ak konfimasyon sèlman apre yon repantans sensè, avèk yon konsèy pou manm, epi, si nesesè, apwobasyon Premye Prezidans lan.

  • Yon moun ki te dote avan sa elijib pou l resevwa retablisman benediksyon l yo sèlman avèk apwobasyon Premye Prezidans lan epi apre omwen yon ane konplè apre reyadimisyon li (gade 32.17.2).

  • Pou yon moun ki te dote avan sa, endikasyon “Retablisman Benediksyon Obligatwa” a siprime nan rejis manm li sèlman apre òdonans lan fin akonpli (anotasyon obligatwa yo rete; gade 32.14.5).

32.11.5

Kesyon Sou Desizyon pou Bagay Difisil

Evèk yo dwe poze prezidan pieu a kesyon yo genyen konsènan machasuiv nan manyèl la pou konsèy pou manm nan Legliz la.

Sou sijè difisil yo, prezidan pieu a ka pale chèche konsèy nan men Swasanndis Entèrejyon ki asiyen pou zòn nan Prezidan pieu a dwe pale avèk Prezidans Entèrejyon an sou bagay yo souliyen nan seksyon 32.6. 3yo. Sepandan, prezidan pieu a pa gen dwa mande yon Swasanndis Entèrejyon oubyen yon Otorite Jeneral ki desizyon pou l pran pou ka difisil. Prezidan pieu a dwe deside si pou l reyini yon konsèy pou trete sijè a. Si yon konsèy ap fèt, prezidan pieu a oswa evèk la ap deside rezilta a.

32.11.6

Otorite Premye Prezidans lan

Premye Prezidans lan gen otorite final sou tout restriksyon ak tout anilasyon yon manm nan Legliz la.

32.12

Notifikasyon ak Anons

Desizyon pou fè yon konsèy pou yon manm dwe kominike bay moun nan—ak lòt moun si sa nesesè— jan sa eksplike pi ba la a.

32.12.1

Notifye yon Moun sou Desizyon an

Evèk la oswa prezidan pieu a nòmalman di moun nan desizyon konsèy la lè yo fini l. Sepandan, li gendwa ajoune yon konsèy pou yon tan pou chèche plis gidans oswa enfòmasyon avan yo pran yon desizyon.

Yon konsèy ki fèt pou yon manm nan nivo pawas, branch, oswa distri ka rekòmande pou yo retire yon moun kòm manm si li pa t resevwa dotasyon nan tanp. Sepandan, apwobasyon prezidan pieu a oswa prezidan misyon an nesesè avan desizyon an finalize.

Evèk la oswa prezidan pieu a dwe eksplike repèkisyon desizyon an jan sa dekri nan seksyon 32.11la. Nòmalman li bay konsèy sou kondisyon pou repantans tou pou restriksyon yo ka siprime oubyen pou moun nan ka reyadmèt nan Legliz la.

Evèk la oswa prezidan pieu a rapidman bay moun nan nòt alekri sou desizyon an ak konsekans li. Nòt sa dwe gen yon deklarasyon jeneral ki di ke desizyon an te pran kòm repons pou yon konduit ki kontrè avèk lwa ak lòd Legliz la. Li ka enkli konsèy sou fason pou siprime restriksyon oswa pou reyadmèt yon moun nan Legliz la. Li ta dwe notifye moun nan ke li gendwa pou l fè apèl kont desizyon an (gade 32.13).

Si moun nan pa t asiste konsèy la, nòt alekri a ka sifi pou enfòme l sou desizyon an. Evèk la oswa prezidan pieu a gendwa rankontre avèk moun nan tou.

Evèk la oswa prezidan pieu a pa ba moun nan yon kopi fòm Rapò sou Konsèy Manm lan.

32.12.2

Enfòme Lòt Moun de yon Desizyon

Si yon evèk oswa prezidan pieu mete restriksyon non ofisyèl sou privilèj yon manm nan yon konsèy pèsonèl, li nòmalman pa bezwen enfòme okenn lòt moun (gade 32.8). Sepandan, dirijan sa yo dwe kominike youn ak lòt konsènan resrtiksyon non ofisyèl yo lè y ap ede manm yo.

Si yo mete restriksyon oswa retire privilèj yon moun ofisyèlman kòm manm nan yon konsèy pou manm, evèk la oswa prezidan pieu a dwe kominike desizyon an sèlman a moun ki bezwen konnen yo. Machasuiv ki pi ba la yo aplikab.

  • Li dwe konsidere bezwen viktim yo ak viktim potansyèl yo ak kijan fanmi moun nan santi yo.

  • Li pa dwe kominike desizyon an si moun nan ap fè apèl kont li. Sepandan, li gendwa kominike ke pral gen apèl si l santi l nesesè pou pwoteje viktim potansyèl yo. Li gendwa kominike l pou pote sipò nan gerizon viktim yo tou (malgre li pa bay non viktim yo) oswa pou pwoteje entegrite Legliz la.

  • Selon bezwen yo, evèk la kominike desizyon an konfidansyèlman a manm konsèy pawas yo. Sa se pou enfòme dirijan ki gendwa panse ke moun disponib pou aksepte apèl, anseye leson, oswa fè priyè oswa diskou. Sa se pou ankouraje dirijan yo pou yo ofri atansyon ak sipò bay manm lan ak fanmi li.

  • Avèk apwobasyon prezidan pieu a, evèk la gendwa kominike desizyon an nan reyinyon kowòm ansyen oswa Sosyete Sekou pawas li si sitiyasyon an enplike:

    • Konpòtman predatè ki gendwa yon menas pou lòt moun.

    • Anseye fo doktrin oswa lòt fòm apostazi.

    • Peche flagran tankou maryaj poligami oswa itilize ansèyman gwoup sekrè pou atire patizan.

    • Piblikman kontredi aksyon oswa ansèyman dirijan jeneral oswa lokal yo nan Legliz la.

  • Nan ka sa yo, prezidan pieu a gendwa bezwen otorize yon kominikasyon bay manm nan lòt pawas yo nan pieu a tou.

  • Nan kèk ka, evèk la oswa prezidan pieu a gendwa santi sa t ap itil pou yo notifye kèk oswa tout viktim yo ak fanmi yo ke yon konsèy pou manm te reyini pou yon moun. Li fè sa atravè evèk yo ak prezidan pieu yo.

  • Si tandans predatè yon moun mete lòt moun an danje, evèk la oswa prezidan pieu a gendwa bay avètisman pou ede pwoteje lòt moun. Li pa dwe revele enfòmasyon konfidansyèl epi li pa fè sipozisyon.

  • Nan tout lòt ka, evèk la oubyen prezidan pieu a limite tout kominikasyon a yon deklarasyon jeneral. Li senpleman deklare ke yo mete restriksyon oswa retire privilèj moun nan kòm manm nan Legliz la pou konduit ki kontrè avèk lwa yo ak lòd nan Legliz la. Li mande moun ki prezan yo pou yo pa diskite l. Li pa mande yon vòt soutyen.

  • Si yon manm rete an bon tèm apre yon konsèy pou manm (gade 32.11.1), evèk la oswa prezidan pieu a gendwa kominike sa pou sispann rimè.

32.12.3

Kominike Renonsyasyon kòm Manm

Nan kèk ka, yon evèk gendwa bezwen anonse ke yon moun mande pou retire non l kòm manm nan Legliz la (gade 32.14.9). Evèk la pa dwe founi okenn lòt detay.

32.13

Fè Apèl pou yon Desizyon

Yon manm gendwa fè apèl kont desizyon yon konsèy pawas pou manm nan nivo pieu a nan entèval 30 jou. Prezidan pieu dwe reyini yon konsèy pieu pou manm pou konsidere apèl la. Li gendwa mande yon evèk pou rekonvoke yon konsèy ak i rekonsidere yon desizyon tou, espesyalman si gen nouvo enfòmasyon ki parèt.

Yon manm gendwa fè apèl kont desizyon yon konsèy pieu nan ekri yon lèt voye bay Premye Prezidans la nan entèval 30 jou. Manm lan remèt prezidan pieu a lèt la pou soumèt li bay Premye Prezidans lan.

Nan yon misyon, yon manm gendwa fè apèl kont desizyon yon konsèy branch oswa distri pou manm devan prezidan misyon an nan entèval 30 jou. Prezidan misyon an dwe reyini yon konsèy pou manm pou konsidere apèl la. Si tan oswa distans anpeche l fè sa a, li dwe suiv enstriksyon ki nan seksyon 32.9. 4yo.

Si se yon prezidan misyon an ki te dirije konsèy la, manm lan gendwa fè apèl kont desizyon an nan ekri yon lèt voye bay Premye Prezidans la nan entèval 30 jou. Manm lan remèt prezidan misyon an lèt la pou soumèt li bay Premye Prezidans lan.

Yon moun ki fè apèl kont yon desizyon dwe klèman spesifye alekri erè ak enjistis yo pretann ki genyen nan pwosedi a oswa desizyon an.

Si yon konsèy pou manm reyini pou konsidere yon apèl, youn nan de desizyon posib:

  • Kite desizyon inisyal la entak.

  • Modifye desizyon inisyal la.

Desizyon Premye Prezidans yo definitif epi yo pa ka gen apèl pou yo.

32.14

Rapò ak Rejis Manm yo nan Legliz la

32.14.1

Rapò sou Konsèy pou Manm nan Legliz la

Apre nenpòt konsèy pou manm, evèk la oswa prezidan pieu a rapidman soumèt yon fòm Rapò Konsèy Manm atravè LCR la. Li gendwa mande grefye a pou prepare rapò a. Li asire l ke okenn kopi papye oubyen kopi elektwonik fòm nan pa konsève. Li asire l ke tout nòt ki te sèvi pou prepare rapò a detwi imedyatman.

32.14.2

Restriksyon Manm Ofisyèl nan Legliz la

Restriksyon manm ofisyèl nan Legliz la note nan rejis manm yon moun nan Legliz la. Katye jeneral legliz la ajoute anotasyon sa a apre l resevwa Rapò sou Konsèy pou Manm nan Legliz la. Lè manm lan fin repanti, dirijan an dwe reyini yon lòt konsèy pou konsidere retire restriksyon sa yo (gade 32.16.1).

32.14.3

Rejis apre Yo Retire Yon Moun kòm Manm nan Legliz la

Si yo retire nan yon moun kòm manm nan Legliz la, katye jeneral la retire non manm nan nan rejis manm lan apre yo resevwa Rapò sou Konsèy pou Manm nan Legliz la. Si yon moun vle, dirijan yo ede l prepare pou reyadmisyon li nan Legliz la atravè batèm ak konfimasyon (gade 32.16.1).

32.14.4

Rejis apre Reyadmisyon nan Legliz la

Apre yon moun fin reyadmèt nan Legliz la, evèk la soumèt yon fòm Rapò sou Konsèy pou Manm Legliz la. Yo pa kreye yon Sètifika Batèm ak Konfimasyon. Okontrè, batèm ak konfimasyon an anrejistre nan fòm Rapò Konsèy pou Manm nan Legliz la.

Si yon manm pa t dote, katye jeneral Legliz la prepare yon rejis pou manm lan ki montre dat orijinal batèm ak lòt òdonans yo. Rejis la pa fè okenn referans pou di moun nan te pèdi pozisyon l kòm manm nan Legliz la.

Si yon manm te dote, katye jeneral la fè mizajou nan rejis manm lan pou montre nouvo dat batèm ak konfimasyon an. Rejis sa a enkli yon mesaj “Retablisman Benedikasyon Obligatwa” tou. Apre benediksyon manm lan fin retabli (gade 32.17.2), mizajou fèt nan rejis manm lan pou montre dat orijinal batèm ak lòt òdonans yo. Li pa fè okenn referans pou di moun nan te pèdi pozisyon l kòm manm Legliz la.

32.14.5

Rejis Manm avèk Anotasyon

Sou otorizasyon Premye Prezidans lan, katye jeneral legliz la anote rejis manm yon moun nan nenpòt nan sitiyasyon ki nan lis pi ba a:

  1. Evèk la oswa prezidan pieu a soumèt yon fòm Rapò sou Konsèy pou Manm nan Legliz la ki endike ke yo mete restriksyon ofisyèl sou rejis manm nan oswa retire l pou konduit ki pi ba a:

    1. Ensès

    2. Abi seksyèl sou timoun oswa yon jèn, eksplwatasyon seksyèl yon timoun oswa yon jèn, oubyen abi fizik oswa emosyonèl grav sou yon timoun oswa yon jèn.

    3. Enplikasyon nan pònografi enfantil jan l dekri nan seksyon 38.6.6 la

    4. Maryaj poligami

    5. Konpòtman predatè seksyèl adilt

    6. Transjandè—aksyon pou chanje sèks byolojik yon moun alanesans pou fè l vin sèks opoze a (gade 38.6.23).

    7. Detounman fon Legliz la oswa vòlè byen Legliz la

    8. Abize Antrèd Legliz la

    9. Konpòtman menasan (tankou seksyèl, vyolan, oswa finansye) oswa konduit ki afekte Legliz la.

  2. Evèk la oubyen prezidan pieu a soumèt notifikasyon alekri ke moun nan:

    1. Te admèt oswa te kondane pou yon krim ki enplike aksyon ki nan lis ki pi wo a.

    2. Te jije kòm koupab pou yon aksyon sivil fwod oswa lòt zak ilegal ki enplike youn nan aksyon ki nan lis ki pi wo a.

Lè yon evèk resevwa yon rejis manm ki gen anotasyon, li dwe suiv enstriksyon yo ki nan anotasyon an.

Se sèl Premye Prezidans lan ki gendwa otorize pou yo retire yon anotasyon nan rejis yon manm. Pou rekòmande retrè yon anotasyon, prezidan pieu a itilize LCR. Biwo Premye Prezidans lan notifye li si rekòmandasyon an apwouve ou pa.

32.14.6

Rapòte Vòl Fon Legliz la

Si yo mete restriksyon oubyen retire privilèj yon manm pou detounman fon Legliz la, evèk la oswa prezidan pieu a dwe rapòte l jan sa dekri nan seksyon 34.9.5la.

32.14.7

Chanje Restriksyon nan Rejis Manm yo

Pafwa yon manm nan Legliz la demenaje pandan l ap tann yon aksyon sou pozisyon l oswa lòt pwoblèm grav. Pafwa yon evèk bezwen pataje enfòmasyon avèk yon nouvo evèk avan l transfere rejis yon manm ale nan yon nouvo inite. Nan ka sa yo, evèk la (oswa grefye a si l otorize) gendwa mete yon restriksyon sou deplasman nan rejis manm lan. Rejis la rete nan inite a jiskaske evèk la (oswa grefye a si l otorize) retire restriksyon an. Sa ofri yon opòtinite pou evèk la kominike enkyetid yo ak enfòmasyon.

32.14.8

Rejis pou Moun ki nan Prizon

Gen kèk manm ki kondane pou yon krim epi ki nan prizon. Evèk la oswa prezidan pieu nan inite kote moun nan t ap viv lè krim nan te komèt la pran tout aksyon ki nesesè pou yo ofisyèlman mete restriksyon oswa retire l kòm manm. Si gen restriksyon sou privilèj yon manm, dirijan (oswa grefye a si l otorize) transmèt rejis manm lan nan inite ki responsab kote moun nan nan prizon an. Si yo te retire moun nan kòm manm, evèk la oswa prezidan pieu a kontakte dirijan inite sa a. (Gade 32.15.)

32.14.9

Demand pou Retrè kòm Manm Legliz la

Si yon manm mande pou retire l kòm manm nan Legliz la, evèk la kontakte li pou wè si l dispoze pou diskite sou pwoblèm yo epi eseye rezoud yo. Evèk la ak manm lan gendwa pale avèk prezidan pieu a tou. Dirijan an asire l ke manm lan konprann konsekans ki vini apre yon moun demisyone kòm manm Legliz la.

  • Sa revoke tout òdonans yo.

  • Li retire tout privilèj yo kòm manm nan Legliz la.

  • Reyadmisyon atravè ak konfimasyon ka rive sèlman apre yon antrevi apwofondi epi, nan anpil ka, yon konsèy pou manm yo (gaade 32.16.2).

  • Yon moun ki te deja dote elijib pou l resevwa yon retablisman prètriz la ak benediksyon tanp yo sèlman avèk apwobasyon Premye Prezidans lan epi apre omwen yon ane konplè depi reyadmisyon an (gade 32.17.2).

Si manm lan toujou vle retire non l kòm manm nan Legliz la, li dwe bay evèk la yon demann alekri, ki siyen. Evèk la ap soumèt demann nan bay prezidan pieu a atravè LCR. Prezidan pieu a apresa revize epi soumèt demann nan atravè sistèm sa a. Dirijan yo ta dwe travay sou demann yo rapidman.

Yon moun ka renonse a pozisyon l kòm manm nan Legliz la nan voye yon rekèt siyen, notarye bay katye jeneral legliz la.

Yon minè ki vle pou yo retire l kòm manm nan Legliz la dwe suiv menm pwosedi ke yon adilt, avèk yon eksepsyon: rekèt la ta dwe siyen pa minè a (si l gen laj 8 tan epi pa paran(yo) oswa gadyen(yo) ki gen responsablite legal pou minè a.

Si yon manm ka p retire non l kòm manm nan Legliz la menase pou l pran aksyon legal kont Legliz la oswa dirijan l yo, prezidan pieu a dwe suiv enstriksyon ki nan seksyon 38.8. 24yo.

Yon rekèt pou retire non yon moun kòm manm nan Legliz la ta dwe antreprann menmsi dirijan prètriz yo gen enfòmasyon konsènan yon peche grav. Tout enfòmasyon konsènan peche ki pa rezoud dwe mansyone lè n ap soumèt rekèt la atravè Resous pou Dirijan ak Grefye a. Sa pèmèt dirijan prètriz yo rezoud kalite pwoblèm sa yo alavni si moun nan aplike pou reyadmisyon l nan Legliz la (gade 32.16.2).

Yon dirijan prètriz pa ta dwe rekòmande pou yon moun retire l kòm manm nan Legliz la nan objektif pou evite reyini yon konsèy pou manm.

Dirijan yo dwe kontinye sèvi moun ki renonse a pozisyon yo kòm manm nan Legliz la amwenske yo mande pou pa gen okenn kontak.


RETABLI PRIVILÈJ YON MANM NAN LEGLIZ LA


Si yo te mete restriksyon oswa retire privilèj yon moun kòm manm nan Legliz la, dirijan yo dwe fratènize avèk moun sa a, konseye li, ak pote soutyen yo bay moun nan si li pèmèt sa. Seksyon sa a eksplike kijan privilèj sa yo ka retounen.

32.15

Kontinye Sèvi

Wòl evèk la oswa prezidan pieu a kòm yon jij nan Izrayèl pa fini lè yon manm fin resevwa restriksyon kòm manm oswa yo te retire li kòm manm Legliz la. Li kontinye sèvi l, si moun nan pèmèt sa, pou l ka jwi benediksyon l kòm manm nan Legliz la ankò. Evèk la rankontre regilyèman avèk moun nan epi, lè sa itil ak aplikab, avèk konjwen li. Sovè a te anseye Nefit yo:

“Men, pa chase l deyò nan sinagòg nou yo … oubyen nan kay adorasyon nou yo, paske nou pa konnen si yo p ap retounen vin repanti, pou yo vin jwenn mwen sensèman, e m ap geri yo; e n ap vin yon mwayen pou yo jwen sali a” (3 Nefi 18:32).

Peryòd ki suiv apre yo fin mete restriksyon oswa retire yon moun kòm manm lan difisil ak enpòtan pou limenm ak fanmi li. Dirijan yo ta dwe sansib pou bezwen moun sa yo epi ankouraje ak asiste manm fanmi yo.

Evèk la dwe asire l ke l bay manm ki atansyone tach pou yo sèvi yon moun yo te mete restriksyon sou li oswa retire l kòm manm, jan moun nan pèmèt sa. Yo dwe sèvi lòt manm fanmi an tou. Moun ki anba restriksyon kòm manm yo gendwa benefisye nan patisipe nan endeksasyon (gade 25.4.3).

Si yon moun deplase kite yon pawas, evèk la dwe enfòme nouvo evèk la epi eksplike kisa ki dwe toujou rive avan yo ka retire restriksyon pou yon manm nan Legliz la. Si yo te retire yon moun kòm manm nan Legliz la oubyen yon moun te mande pou retire l kòm manm, evèk la dwe fè menm kontak sa a si moun nan te konsanti pou dirijan Legliz yo asiste li.

32.16

Retire Restriksyon Ofisyèl oubyen Reyadmèt Yon Moun nan Legliz la

32.16.1

Konsèy pou Manm pou Retire Restriksyon Ofisyèl oubyen Reyadmèt yon Moun

Lè yo te mete restriksyon oswa retire yon moun kòm manm nan yon konsèy pou manm nan Legliz la, yon lòt konsèy dwe reyini pou konsidere retire restriksyon an oswa reyadmèt moun nan nan Legliz la. Konsèy sa a ta dwe gen menm nivo otorite (oswa pi wo) avèk konsèy inisyal la. Pa egzanp, si yon prezidan pieu oswa prezidan misyon te prezide sou konsèy inisyal la, yon prezidan pieu oswa yon prezidan misyon dwe prezide sou konsèy pou konsidere retire restriksyon an oubyen reyadmèt moun nan.

Evèk oswa prezidan pieu aktyèl la reyini konsèy la. Li toudabò asire l ke moun nan repanti epi li pare ak diy pou l jwi benediksyon l kòm manm nan Legliz la.

Moun yo ki te gen restriksyon ofisyèl sou yo kòm manm nan Legliz la dabitid bezwen montre repantans sensè pandan omwen yon ane avan yo konsidereretire restriksyon yo. Moun yo ke yo te retire kòm manm nan Legliz la prèske toujou bezwen montre repantans sensè pandan omwen yon ane avan yo konsidere yo pou reyadmisyon. Pou yon manm ki te gen yon pozisyon enpòtan nan Legliz la nan moman peche grav la, peryòd la jeneralman pi long (gade 32.6.1.4).

Yon konsèy pou konsidere retire restriksyon oswa reyadmèt yon moun nan Legliz la dwe suiv menm machasuiv avèk lòt konsèy pou manm yo. Yon evèk bezwen apwobasyon prezidan pieu a pou reyini konsèy la. Nan yon misyon, yon prezidan branch oswa distri bezwen apwobasyon prezidan misyon an.

Machasuiv ki pi ba yo aplikab lè na p reyini yon konsèy pou manm pou konsidere retire restriksyon sou yon moun kòm manm oswa reyadmèt yon moun nan Legliz la. Se pa tout machasuiv yo ki ka aplike nan chak ka.

  1. Revize premye konsèy pou Manm nan. Evèk la oswa prezidan pieu a revize fòm Rapò Konsèy pou Manm lan. Li mande yon kopi atravè LCR la. Apre revizyon fòm nan, li gendwa kontakte evèk oswa prezidan pieu kote premye konsèy la te reyini an pou chèche klarifikasyon.

  2. Fè entèvyou avèk moun nan Evèk la oswa prezidan pieu a dwe fè yon entèvyou apwofondi avèk moun nan pou detekte fòs li ak lafwa li nan Jezikri ak nivo repantans li. Li dwe detèmine si moun nan satisfè kondisyon yo te mete nan premye aksyon an tou.

  3. Detèmine eta aksyon nan tribinal kriminèl oswa sivil la. Pafwa yon moun admèt yon krim oubyen li kondane pou yon krim. Pafwa yo konn wè ke yon moun responsab nan yon zafè sivil fwod oswa lòt zak ilegal. Nan ka sa yo, dirijan an jeneralman pa reyini yon konsèy jiskaske moun nan fin ranpli tout kondisyon yo yo bay nan yon santans la, nan kondanasyon , oswa jijman ke otorite legal yo enpoze a. Kondisyon sa yo gendwa enkli anprizònman, libète siveye, libète sou kondisyon, ak peye amand oswa reparasyon. Eksepsyon yo egzije apwobasyon Premye Prezidan lan avan yo reyini yon konsèy pou manm nan Legliz la. Eksepsyon sa yo gendwa enkli yon moun ki konplete kondisyon legal yo epi ki montre repantans sensè men ki rete an pwobasyon pou tout lavi l oubyen ki gen yon amand konsiderab pou l peye.

  4. Kontakte dirijan prètriz viktim yo. Evèk la oswa prezidan pieu a dwe kontakte evèk oswa prezidan pieu aktyèl tout moun ki viktim (gade 32.10. 2).

  5. Voye Notifikasyon pou Konsèy la. Li notifye moun nan sou dat, lè, ak kote konsèy la pral fèt.

  6. Dirije Konsèy la. Li dirije konsèy la dapre machasuiv ki nan 32.10 3a. Li mande moun nan kisa l fè pou l repanti. LI kesyone l sou angajman li anvè Jezikri ak Legliz la. Lè tout kesyon enpòtan yo fin prezante, li envite manm lan pou l soti. Avèk konseye l yo, li priye pou l ka konn ki mezi n pou l pran. Twa desizyon ki posib yo se:

    1. Kontinye restriksyon oswa retrè kont manm lan.

    2. Retire restriksyon yo oswa otorize reyadmisyon.

    3. Rekòmande pou Premye Prezidans la retire restriksyon yo oswa otorize reyadmisyon an (si nesesè dapre “Aplike pou Apwobasyon Premye Prezidans lan” pi ba a).

  7. Pataje desizyon an. Apre konsèy la fin pran yon desizyon, ofisye k ap prezide a dwe pataje l avèk moun nan. Si apwobasyon Premye Prezidans lan nesesè, li dwe eksplike ke desizyon an se yon rekòmandasyon pou voye devan Premye Prezidans lan.

  8. Soumèt yon rapò. Evèk la oswa prezidan pieu a soumèt fòm Rapò onsèy pou Manm Legliz la atravè LCR. Li gendwa mande grefye a pou prepare rapò sa a. Li dwe asire l ke pa gen okenn kopi an papye oswa kopi elektwonik fòm nan ki konsève. Li asire l tou ke tout nòt ki te sèvi pou prepare rapò a detwi imedyatman.

  9. Mande Apwobasyon Premye Prezidans lan (si nesesè) Nan sikonstans ki pi ba la yo, aplwobasyon Premye Prezidans lan nesesè pou retire restriksyon ofisyèl sou yon manm oswa reyadmèt yon moun nan Legliz la. Apwobasyon sa a obligatwa menmsi fot la te komèt apre yo te fin ofisyèlman mete restriksyon an oswa retrè manm lan.

    1. Asasina

    2. Ensès

    3. Abi seksyèl sou yon timoun oswa yon jèn, eksplwatasyon seksyèl yon timoun oswa yon jèn, oubyen abi fizik oswa emosyonèl grav sou yon timoun oswa yon jèn pa yon adilt oswa yon jèn ki pi gran anpil pase li.

    4. Enplikasyon nan pònografi enfantil lè geny yon kondanasyon legal

    5. Apostazi

    6. Maryaj poligam

    7. Komèt yon peche grav pandan l gen yon pozisyon enpòtan nan Legliz la

    8. Transjan dè—aksyon pou chanje sèks byolojik yon moun alanesans pou opoze a (gade 38.6.23).

    9. Detounman fon oswa byen Legliz la

  10. Bay notifikasyon alekri sou desizyon an. Evèk la oswa prezidan pieu a dwe asire ke moun nan resevwa notifikasyon alekri imedyat sou desizyon an ak konsekans li.

  11. Batize ak Konfime. Si yo te retire yon moun kòm manm nan Legliz la nan yon premye konsèy, li dwe batize ak konfime ankò. Si apwobasyon Premye Prezidans lan nesesè, òdonans sa yo gendwa akonpli sèlman apre yo fin resevwa apwobasyon sa a. Yo pa kreye yon Sètifika Batèm ak Konfimasyon (gade 32.14.4).

32.16.2

Reyadmisyon apre Retrè kòm Manm nan Legliz la

Si yon moun te renonse ofisyèlman a pozisyon l kòm manm nan Legliz la, li dwe batize ak konfime pou li reyadmèt nan Legliz la. Pou adilt yo, yo pa abityèlman konsidere reyadmisyon an pazavan yon ane pase apre manm lan te retire non li.

Lè yon moun mande reyadmisyon li, evèk la oswa prezidan pieu a dwe jwenn yon kopi fòm Rapò Aksyon Administratif la ki te akonpaye demand pou retire non l lan. Li ka jwenn yon kopi nan LCR la.

Apresa, evèk la oubyen prezidan pieu a fè yon entèvyou apwofondi avèk moun nan. Li kesyone l sou rezon k te fè l mande premye rekèt la ak dezi l pou reyadmisyon an. Nan yon espri lanmou, li kesyone moun nan apwopo peche grav moun nan gendwa te komèt swa avan oswa apre li te mande retire l kòm manm lan. Dirijan an pa dwe kòmanse pwosesis reyadmisyon an jiskaske li konvenki ke moun nan repanti epi li prè ak diy pou l jwi benediskyon l kòm manm nan Legliz la.

Men machasuiv pou reyadmisyon yon moun apre retrè l pi ba la a:

  • Yon konsèy pou manm reyini si te gen restriksyon ofisyèl sou moun nan nan moman l mande retire non l lan.

  • Yon konsèy pou manm reyini si moun nan te komèt yon peche grav, enkli apostazi, avan moun nan te renonse a pozisyon l kòm manm.

Nan lòt sikonstans, yon konsèy pou manm pa reyini amwenske evèk la oswa prezidan pieu a detèmine ke sa ap nesesè.

Lè yon konsèy pou manm nesesè pou yon moun ki te resevwa dotasyon nan tanp, prezidan pieu a reyini li. Lè yon konsèy nesesè pou yon moun ki pa t dote, evèk la reyini l, avèk apwobasyon prezidan pieu a.

Si yon moun te komèt nenpòt nan fot yo mansyone nan seksyon 32.16.1, nimewo 9yo, swa avan oubyen apre l renonse a pozisyon l kòm manm, apwobasyon Premye Prezidans lan obligatwa pou reyadmisyon li. Si yon moun te komèt nenpòt nan fot yo mansyone nan seksyon 32.14.5, nimewo 1yo, swa avan oswa apre l renonse a pozisyon l kòm manm, y ap mete yon anotasyon nan rejis manm li pou sa.

Yon moun ki mande reyadmisyon li dwe satisfè menm kalifikasyon avèk lòt moun k ap batize yo. Lè evèk la oswa prezidan pieu a satisfè ke moun nan diy ak sensè nan volonte l pou yo reyadmèt li a, moun nan gendwa batize ak konfime. Yo pa kreye yon Sètifika Batèm ak Konfimasyon (gade 32.14.4).

32.17

Aktivite Legliz, Òdinasyon, ak Retablisman Benediksyon apre Reyadmisyon

32.17.1

Aktivite Legliz ak Òdinasyon

Tablo ki pi ba a endike nivo aktivite ki apwopriye nan Legliz la pou yon moun ki reyadmèt pa batèm ak konfimasyon.

Pa t ko dote

Te dote anvansa

Ansyen Detantè Prètriz

Pa t ko dote

  • Imedyatman apre batèm ak konfimasyon an, yo gendwa resevwa prètriz la epi òdone nan ofis prètriz yo te genyen lè yo te retire yo kòm manm oubyen yo te mande pou retire yo a. Yon vòt soutyen pa obligatwa.

  • Gendwa resevwa yon rekòmandasyon tanp a izaj limite.

Te dote anvansa

  • Gendwa pa òdone nan okenn ofis nan prètriz la. Lè prètriz la ak benediksyon tanp yo retabli, ofis yo te genyen nan prètriz la anvan sa a ap retabli jan yo souliyen sa nan seksyon 32.17.2a. Yo pa gendwa akonpli òdonans anvan moman sa a.

  • Gendwa patisipe nan tout aktivite nan Legliz la ki otorize pou yon manm ki pa dote ki pa detni prètriz la.

  • Pa gendwa mete gaman tanp ni resevwa okenn fòm rekòmandasyon tanp jiskaske benediksyon yo retabli.

Lòt Manm

Pa t ko dote

  • Gendwa patisipe nan aktivite Legliz yo jan yon nouvo konvèti t ap fè.

  • Gendwa resevwa yon rekòmandasyon tanp a izaj limite.

Te dote anvansa

  • Gendwa patisipe nan tout aktivite nan Legliz la ki otorize pou yon manm ki pa dote ki pa detni prètriz la.

  • Pa gendwa mete gaman tanp ni resevwa okenn fòm rekòmandasyon tanp jiskaske benediksyon yo retabli (Gade 32.17.2).

32.17.2

Retablisman Benediksyon yo

Moun yo ki te resevwa dotasyon tanp yo avansa epi ki te reyadmèt pa batèm ak konfimasyon yo ka resevwa benedisyon prètriz yo ak benediksyon tanp yo sèlman atravè òdonans pou retablisman benediksyon yo (gade Doktrin ak Alyans 109:21). Yo pa òdone nan ofis nan prètriz la ni dote ankò. Benediksyon sa yo retabli atravè òdonans lan. Frè yo retabli nan ofis prètriz yo te genyen anvansa a, eksepte ofis Swasanndis, evèk, oswa patriyach.

Se sèl Premye Prezidans la ki ka apwouve akonplisman òdonans pou retablisman benediksyon yo. Yo pa p konsidere yon aplikasyon pou òdonans sa a si l fèt pi bonè pase yon ane apre moun nan te reyadmèt atravè batèm ak konfimasyon. Evèk la oswa prezidan pieu a dwe fè demann retablisman benediksyon yo atravè LCR la.

Si Premye Prezidans lan apwouve retablisman benediksyon yo, yo asiyen yon otorite jeneral oswa prezidan pieu a pou fè entèvyou avèk moun nan. Si moun nan diy, dirijan an akonpli òdonans lan pou retabli benediksyon moun nan.

Pou enfòmasyon konsènan rejis pou yon manm ak retablisman benediksyon yo, gade 32.14.4.

Imaj
yon mesye k ap pran sentsèn