Manyèl yo ak Apèl yo
34. Finans ak Odit


“34. Finans ak Odit,” Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, (2020).

“34. 34. Finans ak Odit,” Manyèl Jeneral

34.

Finans ak Odit

34.9

Odit

34.9.5

Pèt, Vòl, Detounman Fon, oubyen Retrè Lajan san Otorizasyon nan Fon Legliz la

Si yo pèdi fon nan Legliz la oubyen si yon moun ta vòlè nan fon Legliz la, oubyen si yon dirijan detounen fon nan Legliz la, prezidan pieu a oubyen prezidan oswa responsab komite odit pieu a dwe resevwa notifikasyon tousuit konsènan sa. Li dwe avèti Depatman Odit Legliz la (oubyen kontwolè entèrejyon an si inite an andeyò Etazini ak Kanada). Depatman Odit Legliz la (oubyon kontwolè entèrejyon an) voye yon rapò sou pèt la bay prezidan pieu a oubyen prezidan komite odit la. Sou direksyon Depatman Odit Legliz la (oubyen kontwolè entèrejyon an), prezidan pieu a oubyen prezidan komite odit la dwe asire l ke bagay sa a byen envestige epi fòm pou pèt la ranpli epi soumèt kòrèkteman.

Si yo dekouvri yon gwo detounman fon, prezidan pieu a oubyen prezidan komite odit la dwe avèti Prezidans Entèrejyon an tou.