Pònografi
Kijan pou m pale avèk pitit mwen sou seksyalite nan bon kondisyon?


“Kijan pou m pale avèk pitit mwen sou seksayalite nan bon kondisyon?” Èd pou Paran (2021)

“Kijan pou m pale avèk pitit mwen sou seksayalite nan bon kondisyon?” Èd pou Paran

Imaj
yon fanmi ki ap mache deyò

Kijan pou m pale avèk pitit mwen de seksyalite nan bon kondisyon?

Anpil paran santi yo ezite oubyen jennen pou yo pale avèk pitit yo sou seksyalite, oubyen yo pè pou pale avèk pitit yo sou seksyalite pa reveye konpòtman seksyèl yo. La verite sèke, si w pa pale avèk pitit ou yo sou seksyalite, y ap jwenn yon lòt sous pou yo aprann li. Si w fè konvèsasyon regilye avèk pitit ou yo sou sijè ki enpòtan tankou seksyalite nan bon kondisyon, w ap ede yo konprann ke ou se yon moun yo ka fè konfyans.

Pifòt timoun tou natirèlman plen kiryozite, epi yo vle konprann eksperyans yo fè avèk santiman natirèl Bondye bay yo yo. Ou ka prepare w pou w pale avèk pitit ou yo sou seksyalite lè w sonje kijan w te ye lè w te gen laj yo. Èske w ka site kèk nan santiman ou te genyen lè sa a? Ki panse, kesyon, oubyen enkyetid ou te genyen? Ki kote w te chèche enfòmasyon? Kisa w swete ou te tande oubyen aprann?

Se pa yon pwoblèm si w santi w gen dout sou jan pou jere konvèsasyon sa yo? Ou ka itilize vilnerabilite w pou bati yon relasyon avèk pitit ou yo. Timoun ka santi ou renmen yo lè w kominike avèk yo avèk senserite ak onètete, malgre tout malèz ou ta kapab santi.

Pou favorize yon kominikasyon ouvè, ou ka:

  • Kòmanse pa mansyone tout pati nan kò timoun yo avèk non korèk yo depi lè yo tou piti. Sa anseye timoun sa yo bezwen konnnen sou kò yo e li ba yo langaj yo bezwen pou yo ka an sante epi pou yo byen enfòme.

  • Kite timoun ou yo konnen yo ka poze w nenpòt kesyon, epi eseye pa reyaji avèk eksè oubyen mete lawont nan kesyon yo oubyen konfesyon yo. Fete poutèt y ap pale avèk ou, montre yo lanmou ak sipò, epi fè tout sa w kapab pou kenbe kominikasyon avèk yo.

  • Evite itilize metafò pou seksyalite. Timoun yo bezwen pou w prezante enfòmasyon yo ba yo nan yo fason klè ak onèt. Pa egzanp, gen de jèn ki pale de leson kote yo te konpare vyole lwa chastete avèk chiklèt moun fin moulen oubyen manje ki te pase de men an men nan sal la e ki vin pa dezirab ankò poutèt sa. Menm lè yo fèt avèk bon entansyon, souvan tip metafò sa yo konn koze laperèz pou seksyalite oubyen fè yo santi yo ba oswa san valè oubven ka yo a ireparab.

  • Fè leson sware familyal sou sijè ki gen rapò avèk seksyalite epi kite pitit ou yo fè leson an lè yo pare. Sijè yo ka kapab enkli peryòd lè timoun ap fòme, imaj kò yo, ak tout aspè pozitif seksyalite.

  • Diskite kijan fè eksperyans santiman seksyèl ak eksitasyon seksyèl se bagay ki nòmal. Timoun pa bezwen aji sou santiman ak sansasyon sa yo men yo ka pran konsyans ke santiman sa yo egziste. Sa vle di remake santiman seksyèl yo men san jijman negatif sou yo. Gen rechèch ki montre ke pratik pran konsyans la ka ede timoun yo fè pi bon chwa ki konfòm a valè yo ak bi yo.

  • Eseye pa reyaji avèk degou oubyen kolè lè timoun ap touche kò yo oubyen lè jèn yo admèt yo fè mastibasyon. Fason paran yo reyaji parapò a konpòtman sa yo ap afekte fason timoun yo ak jèn yo santi yo konsènan pwòp tèt yo ak seksyalite yo.

  • Anseye timoun ou yo rezon ki fè gen prensip ki konsène relasyon ak seksyalite. Pandan w ap anseye prensip sa yo ak rezon ki fè yo valab, sonje ke l enpòtan pou w fè l san w pa mete lawont ak laperèz ladan la.1

Nòt

  1. Pwen sou fòm boulèt yo te site ak adapte dapre Laura M. Padilla-Walker ak Meg O. Jankovich, “Kijan, Kilè, ak Poukisa: Pale de Seksyalite Avèk Pitit ou Yo,” Lyawona, Out 2020

Enprime