Timoun yo ak Jèn yo
Kontinye avanse


“Kontinye avanse,” Gid Entwodiksyon pou Timoun yo ak Jèn yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo (2019)

“Kontinye avanse,” Gid Entwodiksyon pou Timoun yo ak Jèn yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo

Kontinye avanse

W ap jwenn sipò nan efò w pou w suiv Jezikri pandan w ap grandi nan kat domèn sa yo atravè aprantisaj levanjil, sèvis ak aktivite, ak devlopman pèsonèl.

Aprantisaj Levanjil

Aprantisaj levanjil lakay ak nan legliz la ap ba w yon fondasyon espirityèl pou tout bagay nan lavi w. Lè w aplike sa w etidye yo, ou ka dekouvri fason w ka suiv Jezikri endividyèlman, avèk fanmi ou, oswa avèk kowòm ou oubyen klas ou.

Imaj
yon moun k ap li ekriti yo

Sèvis ak Aktivite

Lè w patisipe nan sèvis ak aktivite, ou ka amize w avèk fanmi w, zanmi w, ak dirijan w yo pandan w ap aprann nouvo talan, fè nouvo eksperyans, ak sèvi lòt moun. Ou ka sèvi nan patisipe nan òdonans sakre yo tou. Sèvis ak aktivite yo baze sou Lik 2:52 epi yo enkli aktivite chak semèn yo osibyen ke aktivite pou plizyè jou pou jèn yo, tankou kan, vwayaj tanp, ak konferans Jeunes Soyez Forts ak konferans jèn yo.

Imaj
jèn k ap fè sèvis

Devlopman Pèsonèl

Ou ka suiv Jezikri nan devlopman pèsonèl ou si w chèche revelasyon pou w ka konnen kijan w ka grandi nan tout aspè nan lavi ou. Ou ka chwazi sou kisa w vle travay epi w ka jwenn èd nan men fanmi w, kamarad ou yo, ak dirijan w yo.

Imaj
fi ak gason k ap kouri ansanm

Enprime