Sèvis Pastoral
Rasanble Izrayèl atravè Sèvis Pastoral
Prensip


Imaj
ministering

Prensip Sèvis Pastoral, Janvye 2020

Rasanble Izrayèl atravè Sèvis Pastoral

Sèvis Pastoral se yon opòtinite pou nou suiv konsèy pwofèt la pou rasanble Izrayèl la.

Prensip Sèvis Pastoral, Janvye 2020

Prezidan Russell M. Nelson envite nou pou nou ede rasanble Izrayèl—“bagay ki pi enpòtan k ap fèt sou tè a jodia.”1

Pou moun ki vle fè pati travay rasanbleman Izrayèl sa a, sèvis pastoral ka yon bèl opòtinite. Se yon fason enspire pou chanje lavi moun. Keseswa n ap fè sèvis pastoral pou manm ki inaktif oubyen envite yo vin ede nou pandan n ap sèvi moun ki pa nan Legliz nou an, sèvis pastoral bay opòtinite pou rasanble Izrayèl.

Pote Manm ki Retounen yo Sekou

“Avèk amou kòm motivasyon, mirak ap fèt, epi n ap jwenn fason pou nou mennen sè ak frè ki ‘pèdi’ yo retounen vin nan levanjil Jezikri a ki anbrase tout moun nan.” —Jean B. Bingham2

“M te inaktif pandan omwen sizan lè mari m avèk mwen te demenaje al abite nan yon lòt vil. Nouvo prezidant Sosyete Sekou m nan te vin vizite m, epi l te mande m si l te ka voye yon sè vin vizite m. Avèk yon ti retisans, m te dakò. Sè sa a te vizite m chak mwa, malgre l te alèjik avèk chyen—e m gen yon chyen ki trè amikal! Sèvis pastoral li a te kontinye pandan dezan, epi l te fè yon gwo enpak sou mwen.

“Malgre vizit li yo te abityèlman sosyal sèlman, okazyonèlman li te konn poze m kesyon ki te mennen nou nan konvèsasyon spirityèl. Bagay sa yo te fè m santi m yon ti jan enkonfòtab, men yo te pouse m deside si m t ap avanse tounen nan levanjil la oubyen rete kote m te ye a. Desizyon sa a te difisil pou mwen, men m te chwazi pou m te rankontre sè misyonè yo.

“Jou m t ale nan reyinyon sentsèn pou lapremyè fwa depi sizan an , m te pè antre. Lè m te mache antre nan Legliz la, sè sèvis pastoral mwen an te la ap ret tann mwen, epi l te mache antre avèk mwen nan chapèl la. Apresa, li te mache avèk mwen mennen m tounen nan machin mwen, pandan l t ap mande m kisa l ta ka fè pou l te ede m pi byen apwoche m kot Sovè a.

“Tan avèk amou sè sèvis pastoral mwen an te ban mwen an te gide m retounen vin aktiv ankò, epi m konsidere efò l yo kòm yonn nan pi gwo gado m te resevwa. Mwen rekonesan dèske li te la bòkote m nan chemen pou m te retounen nan Legliz Sovè a.”

Non an pa devwale, British Columbia, Kanada

Prensip pou n konsidere

“Te vizite m chak mwa”

Kijan w ka montre ke w sousye pou moun w ap rann sèvis pastoral yo plis pase lòt bagay? (gade Doktrin ak Alyans 121:44).

“Kesyon”

Poze bon kesyon yo kapab ede pwovoke evalyasyon tèt nou. Sonje ke sèvis pastoral nou gen yon objektif ki ale odela de rete sosyal.3

“Rete tann mwen”

Tout moun ta dwe santi yo byenveni (gade 3 Nefi 18:32).

“La bòkote m nan vwayaj pou m retounen an”

Sipò nou ka fè yon gwo diferans pou moun k ap lite pou yo retounen vin jwenn Sovè a pou yo kapab geri yo a (gade Ebre 12:12–13).

Sèvis pastoral ak Rasanbleman

“Nan nenpòt fason ki sanble natirèl ak nòmal pou ou, fè moun yo konnen poukisa Jezikri ak Legliz li a enpòtan pou ou. …

“… Wòl pa nou se pataje sa k nan kè nou an epi viv an konfòmite avèk kwayans nou.” —Eldè Dieter F. Uchtdorf4

Sèvis pastoral ak pataje levanjil la mache men nan lamen. Men kèk fason nou ka rasanble zanmi ak vwazen nou yo padan n ap fè sèvis pastoral—oubyen fè sèvis pastoral pandan n ap rasanble zanmi ak vwazen nou:

  • Sèvi ansanm. Chèche opòtinite pou nou envite zanmi ak vwazen nou yo pou yo mete ansanm avèk nou nan sèvi yon moun ki nan bezwen. Mande yo pou yo ede w prepare yon manje pou yon nouvo manman, vizite yon vwazen ki fin granmoun, oubyen netwaye kay yon moun ki malad.

  • Anseye ansanm. Panse pou w envite yon zanmi oubyen yon vwazen ki pa al legliz la souvan pou aksepte fè yon leson misyonè lakay li pou yon moun ki gen randevou avèk misyonè yo. Oubyen zanmi ou nan ta ka ba w sipò nan aksepte fè yon leson lakay ou oubyen ale avèk ou pou l patisipe nan yon leson lakay yon lòt moun.

  • Lonje men bay lòt moun lè ou wè yon bezwen. Ofri pou ou fè aranjman transpòtasyon pou y al legliz. Envite timoun yo ak jèn yo al nan Aktivite Primè yo. Nan ki lòt fason ou ta ka fè sèvis pastoral ak rasanble Izrayèl?

  • Itilize resous Legliz la bay yo. Legliz la ofri anpil resous pou manm yo pou ede yo pataje levanjil la. Ou ka fè yon koudèy nan seksyon “Misyonè” a nan app Bibliyotèk Levanjil la epi ale nan ComeUntoChrist.org pou ide sou fason pou nou rasanble Izrayèl nan kominote nou yo.

Nòt

  1. Russell M. Nelson, ”Espwa Izrayèl” (devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018), HopeOfIsrael.ChurchofJesusChrist.org.

  2. Jean B. Bingham, “Fè Sèvis pastoral jan Sovè a sèvi a” Lyawona, Me 2018, 106.

  3. Gade “Prensip Sèvis Pastoral: Objektif ki pral chanje Sèvis pastoral nou an” Jan. 2019.

  4. Dieter F. Uchtdorf, “Travay misyonè: Pataje sa k nan kè nou,” Liahona, Me 2019, 17.

Enprime