Primè
Responsablite


Imaj
fi k ap anseye timoun

Apèl mwen kòm yon Konseyè nan Prezidans Primè Pieu a

Responsablite

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsablite yo pou apèl ou a.

Objektif Primè

Primè ede timoun yo santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la; aprann sou plan bonè L la; viv levanjil Jezikri a; epi santi, rekonèt, ak suiv enfliyans Sentespri a. Primè se yon peryòd pou prepare pou, fè ak kenbe alyans sakre pandan timoun yo ap patisipe nan plan sali ak egzaltasyon Bondye a. (Gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 12.1.)

Konseyè Primè nan Pieu

Konseyè Primè nan pieu yo sèvi nan prezidans Primè pieu a. Manm prezidans la gen anpil responsablite ki enkli ede prezidans pieu a, sèvi nan konsèy pieu a (prezidant la sèlman), oryante prezidans Primè nan branch yo ki fèk resevwa apèl yo, ofri sipò ak enstriksyon kontinyèl, epi vizite klas pawas yo ki nan pieu a. Sou envitasyon, yo gendwa patisipe nan reyinyon konsèy kowòdinasyon yo ak pale nan reyinyon sentsèn ak lòt anvironman (gade 6.7.1).

Reyinyon ak Konsèy yo

Prezidans Primè nan pieu a ta dwe pran konsèy ansanm regilyèman. Yo gendwa resevwa envitasyon pou yo sèvi nan konsèy adisyonèl. (Gade 6.7.1.1.)

Aktivite Primè

Prezidans Primè Pieu a gendwa okazyonèlman planifye aktivite nan pieu a pou timoun ki gen 8-11 ane. Aktivite sa yo gendwa pou fi yo, gason yo, oswa toulède (gade 6.7.1.3).

Direksyon ak Règleman

Tout adilt k ap travay avèk timoun oubyen avèk jèn yo dwe konplete fòmasyon sou Pwoteksyon Timoun ak Jèn nan, nan lespas yon mwa apre yo fin soutni yo a (ProtectingChildren.ChurchofJesusChrist.org W ap jwenn direksyon ak règleman konsènan timoun ki gen bezwen espesyal yo, kondisyon sekirite yo, pwogram Timoun ak Jèn nan, ak lòt nan seksyon 12.5 nan Manyèl Jeneralla.

Enprime