Primè
Responsablite


Imaj
yon fi k ap anseye timoun

Apèl Mwen kom Sekretè Primè

Responsablite

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsabilite pou apèl ou a.

Objektif Primè

Primè ede timoun yo santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la; aprann sou plan bonè li; viv levanjil Jezikri a; epi santi, rekonèt, ak aji sou enfliyans Sentespri a. Primè a se yon moman tou pou prepare pou, fè, epi kenbe alyans sakre pandan timoun yo ap patisipe nan travay sali ak egzaltasyon Bondye a. Gade nan Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo12.2.1.2

Sekretè

Sekretè Primè a ede prezidans lan avèk bezwen administratif yo. Sekretè a fè prezidans la konnen nouvo timoun ak vizitè yo, timoun ki elijib pou batèm, ak avansman nan klas yo. Li ede avèk tach jou Dimanch yo nan Primè a epi li prepare kalandriye yo epi li ale nan reyinyon yo. Sekretè a travay kolesere tou avèk enstriktè Primè ak gadri yo ak dirijan yo sou zafè ki konsène timoun yo. (Gade nan 38.6.5

Klas primè ak peryòd chante.

Se yon privilèj sakre pou w anseye timoun yo. Dirijan Primè yo renmen ak anseye timoun yo nan fason Sovè a. Yo òganize klas Primè yo selon laj ak kantite pwofesè ki disponib Peryòd chante a ede timoun yo santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la epi aprann sou plan bonè Li a.

Aktivite primè

Dirijan aktivite Pimè yo planifye aktivite amizan ak angajan ki ede akonpli travay sali ak egzaltasyon Bondye a. Sèvis ak aktivite yo ta dwe bati temwayaj, fòtifye fanmi yo, epi bay opòtinite pou beni lòt moun. Aktivite primè yo fèt jeneralman de fwa pa mwa pou timoun ki gen laj 8-11. (Gade nan 38.6.5

Direksyon ak Règleman Adisyonèl

Tout adilt k ap travay avèk timoun oubyen avèk jèn yo dwe konplete fòmasyon sou pwoteksyon timoun ak jèn nan lespas yon mwa apre yo fin soutni yo a (ProtectingChildren.ChurchofJesusChrist.org Gid ak règleman konsènan timoun ki gen bezwen espesyal, kondisyon sekirite yo, pwogram Timoun ak Jèn yo, ak lòt moun nan seksyon 12.5 Manyèl Jeneral.

Enprime