Primè
Responsablite


Imaj
fi k ap anseye timoun

Apèl mwen kòm yon Enstriktè Primè

Responsablite

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou tout responsablite yo pou apèl ou a.

Objektif Primè

Primè ede timoun yo santi lanmou Papa nou ki nan Syèl la; aprann sou plan bonè L la; viv levanjil Jezikri a; epi santi, rekonèt, ak suiv enfliyans Sentespri a. Primè se yon peryòd pou prepare pou, fè ak kenbe alyans sakre pandan timoun yo ap patisipe nan plan sali ak egzaltasyon Bondye a. (Gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 12.1.)

Enstriktè Primè

Anseye pitit Bondye yo se yon privilèj sakre. Enstriktè Primè yo resevwa apèl pou yo anseye ak sèvi timoun laj-gwoup espesifik (gade 12.3.5). Yo etidye levanjil la epi yo pataje sa yo aprann avèk timoun yo. Enstriktè yo ankouraje timoun ak fanmi yo pou yo aprann levanjil la lakay yo. Yo envite timoun yo pou yo pataje nan legliz la sa y ap aprann lakay yo (gade 12.2.2).

Klas Dimanch yo

Enstriktè Primè yo anseye sa ki nan Vini, suiv mwenan. Yo suiv prensip ki nan Ansèyman nan Fason Sovè a ak chapit 17 nan Manyèl Jeneralla. Lè adilt yo anseye timoun yo nan anviwònman Legliz yo, omwen de adilt ki responsab dwe prezan (gade 12.3.5).

Direksyon ak Règleman

Tout adilt k ap travay avèk timoun oubyen avèk jèn yo dwe konplete fòmasyon sou Pwoteksyon Timoun ak Jèn nan nan lespas yon mwa apre yo fin soutni yo a (ProtectingChildren.ChurchofJesusChrist.org W ap jwenn direksyon ak règleman konsènan timoun ki gen bezwen espesyal yo, kondisyon sekirite yo, pwogram Timoun ak Jèn nan, ak lòt nan seksyon 12.5 nan Manyèl Jeneralla.

Enprime