Sosyete Sekou
Responsablite


Imaj
gwoup moun k ap souri

Apèl mwen kòm Prezidant Sosyete Sekou

Responsablite

Senyè a rekonesan pou volonte ou genyen pou sèvi nan Legliz Li a. W ap jwenn anba la a rezime responsabilite ou genyen pou apèl ou a.

Objektif Sosyete Sekou

Sosyete Sekou se yon òganizasyon ki enstitiye divinman pou fi ki adilt nan Legliz la. Sosyete Sekou ede pitit Bondye yo prepare yo pou yo retounen nan prezans Li. Pwofèt Jozèf Smith te anseye ke objektif Sosyete Sekou se pou “sove nanm epi soulaje moun ki nan soufrans”—pandan y ap ofri sekou sovè a (gade nan Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 9.1).

Prezidant Sosyete Sekou

Prezidant Sosyete Sekou a dirije travay pou patisipe nan travay sali ak egzaltasyon Bondye a. Li sèvi kòm yon manm gran konsèy pawas la epi, sou direksyon evèk la, li fè konsèy avèk manm adilt yo nan pawas la. Epitou, li sipèvize rejis, rapò ak finans yo (gade nan 9.3.2.2).

Prezidans

Prezidant lan ak konseyè l yo sipèvize sè sèvis pastoral yo, enstriksyon jou Dimanch, ak aktivite yo. Yo anseye sè yo responsabilite yo alyans yo, yo prepare jènfi yo yo pou patisipe nan Sosyete Sekou, epi yo kowòdone efò k ap fèt pou ranfòse sè ki se jèn adilt yo (gade nan 9.4). Prezidans Sosyete Sekou a ak sekretè a rankontre regilyèman (gade nan 9.3.2.3).

Lidèchip ak Konsèy

Dirijant Sosyete Sekou yo planifye reyinyon Dimanch yo, aktivite, sèvis pastoral, sèvis ak lòt entèraksyon pou bay fi yo eksperyans nan travay sali ak ekzaltasyon Bondye a. Manm Sosyete Sekou ak kowòm ansyen yo travay nan inite (gade nan 9.2).

Sosyete Sekou ak Kowòm Ansyen yo

Prezidans Sosyete Sekou ak kowòm ansyen yo kowòdone tach sèvis pastoral yo epi yo ede dirije travay tanp ak istwa familyal la, ak efò pou envite tout moun pou yo resevwa benediksyon levanjil yo. Epitou, li jwe yon wòl enpòtan nan anseye manm pawas yo prensip pou sèvi moun ki nan bezwen yo, pou viv lwa jèn nan, bati otonomi, ak ogmante preparasyon pèsonèl ak familyal (gade nan 22.6.2).

Reyinyon Dimanch yo

Sosyete Sekou reyini nan dezyèm ak katriyèm Dimanch avèk objektif pou ogmante lafwa nan Jezikri, bati inite, ak fòtifye fanmi yo ak fwaye yo. Reyinyon yo kòmanse avèk yon priyè epi yo enkli tan pou yo pale ansanm ak enstriksyon ak diskisyon levanjil ki baze sou diskou dènye konferans yo (gade 9.2.1.2)

Sèvis ak Aktivite

Prezidans Sosyete Sekou yo ka planifye aktivite pou ranfòse lafwa sè yo nan Jezikri, pou ogmante dezi yo pou yo fè ak kenbe alyans, ak pou ba yo opòtinite pou yo sèvi ansanm. Prezidant lan sipèvize aktivite sa yo epi li ka mande yon konseyè oubyen yon lòt sè pou dirije nan planifikasyon ak reyalizasyon yo. (gade 9.2.1.3).

Lòt Apèl

Evèk la ak Prezidans Sosyete Sekou a diskite sou bezwen pou apèl adisyonèl. Apèl sa yo enkli enstriktè, kowòdonatè sèvis, kowòdonatè aktivite, asistan ak manm komite, asistan sekretè, ak sekretè sèvis pastoral. Si sa nesesè, prezidans lan ka asiyen kèk sè pou ede avèk efò Sosyete Sekou yo nan lòt fason (gade 9.3.4)

Direksyon ak Règleman

N ap jwenn direksyon ak règleman adisyonèl nan seksyon 9.6 nan Manyèl Jeneral la.

Enprime