Primè
Responsablite


Imaj
fi k ap anseye timoun

Apèl mwen kòm yon Prezidant Primè Pieu

Responsablite yo

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a gen yon apèsi sou responsablite yo pou apèl ou a.

Objektif Primè a

Primè ede timoun yo santi lanmoun Papa nou ki nan Syèl la; aprann sou plan bonè L la; viv levanjil Jezikri a; epi santi, rekonèt, ak suiv enfliyans Sentespri a. Primè se yon peryòd pou prepare tou pou, fè ak kenbe alyans sakre pandan timoun yo ap patisipe nan plan sali ak egzaltasyon Bondye a. (Gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 12.1.)

Prezidant Primè Pieu

Prezidant Primè pieu a sèvi sou direksyon prezidans pieu a. Li sèvi kòm yon manm nan konsèy pieu a. Prezidant lan dirije prezidans Primè nan pieu a. Antanke yon prezidans, responsablite yo enkli oryante prezidans Primè pawas ki fèk aple yo, ofri yo sipò ak enstriksyon konstan, epi vizite klas pawas yo nan pieu a. Sou envitasyon, yo gendwa patisipe nan reyinyon konsèy kowòdinasyon yo ak pale nan reyinyon sentsèn ak lòt okazyon (gade 6.7.1).

Reyinyon ak Konsèy yo

Prezidans Primè nan pieu a ta dwe chita an konsèy ansanm regilyèman. Prezidant la patisipe nan reyinyon anyèl lidèship nan pieu a (gade 29.3.4), sèvi nan konsèy pieu a, ak patisipe nan reyinyon konsèy kowòdinansyon yo sou envitasyon yon Swasanndis Entèrejyon (gade 29.4).

Aktivite Primè yo

Prezidans Primè pieu a gendwa okazyonèlman planifye aktivite nan pieu a pou timoun ki gen 8-11 ane yo. Aktivite sa yo gendwa pou tifi yo, tigason yo, oswa toulède (gade 6.7.1.3).

Direksyon ak Règleman yo

Tout adilt k ap travay avèk timoun ak jèn yo dwe konplete fòmasyon sou Pwoteksyon Timoun ak Jèn nan nan lespas yon mwa apre yo fin soutni yo a (ProtectingChildren.ChurchofJesusChrist.org W ap jwenn direksyon ak règleman konsènan timoun ki gen bezwen espesyal yo, kondisyon sekirite yo, pwogram Timoun ak Jèn nan, ak lòt nan seksyon 12.5 nan Manyèl Jeneralla.

Enprime