Sosyete Sekou
Responsablite


Imaj
yon gwoup fi k ap pale

Apèl Mwen kòm yon Prezidant Sosyete Sekou Pieu

Responsablite

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a, w ap jwenn yon rezime sou responsabilite pou apèl ou a.

Objektif Sosyete Sekou

Sosyete Sekou se yon òganizasyon divinman enstitiye pou tout fi ki adilt nan Legliz la. Sosyete Sekou z ede pitit Bondye yo prepare yo pou yo retounen nan prezans Li. Pwofèt Joseph Smith te anseye ke objektif Sosyete Sekou se “sove nanm epi soulaje soufrans”—pou ofri sekou Sovè a (gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 9.1).

Prezidant Sosyete Sekou Pieu

Manm nan prezidans Sosyete Sekou pieu yo gen plizyè responsablite ki enkli oryante prezidans Sosyete Sekou ki fèk resevwa apèl yo ak founi sipò kontinyèl; anseye prezidant Sosyete Sekou pawas yo prensip sèvis pastoral, istwa familyal, ansanm ak travay misyonè (gade 9.5); ranfòse sè adilt ki selibatè yo; kowòdone jefò pou ijans yo; pran lapawòl nan reyinyon sentsèn ak nan lòt aktivite; epi vizite reyinyon Sosyete Sekou pawas yo (gade 6.7.1).

Reyinyon ak Konsèy yo

Prezidans Sosyete Sekou pieu a ta dwe reyini ansanm regilyèman. Yon manm prezidans lan sèvi nan komite jèn adilt selibatè ak adilt selibatè pieu a, si genyen ki òganize. Prezidans lan ale nan reyinyon lidèchip yo chak ane epi li enstwi prezidans Sosyete Sekou pawas yo nan reyinyon sa yo (gade 29.3.4), li sèvi nan konsèy lidèchip adilt pieu a (prezidant sèlman) ak nan komite a, epi li patisipe nan reyinyon konsèy kowòdinasyon an lè li resevwa envitasyon Swasanndis Entèrejyon an (gade 29.4).

Sèvis ak Aktivite yo

Prezidans Sosyete Sekou a ka planifye youn oswa de (2) reyinyon chak ane pou tout sè nan Sosyete Sekou nan pieu a. Reyinyon sa yo ka gen ladan yo sèvis, klas, pwojè, konferans, oswa atelye (gade 6.7.1.1). Prezidans Sosyete Sekou, Jènfi ak Primè pieu yo ka planifye aktivite konbine detanzantan pou òganizasyon respektif pa yo (gade 6.7.1).

Direksyon ak Règleman

N ap jwen direksyon ak règleman adisyonèl nan seksyon 9.6 nan Manyèl Jeneral la.

Enprime