Sosyete Sekou
Responsablite


Imaj
yon gwoup fi k ap pale

Apèl mwen antanke yon Sekretè Sosyete Sekou Pieu

Responsablite

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a, w ap jwenn yon rezime sou responsabilite pou apèl ou a.

Objektif Sosyete Sekou

Sosyete Sekou se yon òganizasyon divinman enstitiye pou tout fi ki adilt nan Legliz la. Sosyete Sekou ede pitit Bondye yo prepare yo pou yo retounen nan prezans Li. Pwofèt Joseph Smith te anseye ke objektif Sosyete Sekou se “sove nanm epi soulaje soufrans”—pandan l ap ofri sekou Sovè a (gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 9.1).

Sekretè Sosyete Sekou Pieu a

Sou direksyon prezidant Sosyete Sekou Pieu a, sekretè a gen responsablite pou l prepare ajanda pou reyinyon prezidans yo, pran nòt nan reyinyon prezidans yo epi kontwole tout tach yo, kenbe lòt rejis ak prepare rapò yo jan prezidans lan mande l sa, ede prezidans lan prepare bidjè anyèl pou òganizasyon an, kontabilize tout depans yo, ak fè fòmasyon pou sekretè òganizasyon pawas yo lè yo deziyen yo (gade 6.7.3).

Reyinyon ak Konsèy yo

Sekretè Sosyete Sekou pieu a patisipe nan reyinyon prezidans yo epi li sèvi avèk prezidans lan nan komite lidèchip adilt pieu a (gade 6.7.1.1).

Direksyon ak Règleman

N ap jwen direksyon ak règleman adisyonèl nan seksyon 9.6 nan Manyèl Jeneral la.

Enprime