Lekòldidimanch
Kòmanse


Imaj
kongregasyon legliz la ki leve men yo

Kijan pou Kòmanse

“Tout Sa li mande se pou w fè tout sa w kapab ak tout kè w. Fè li avèk lajwa ak priyè lafwa.” —Prezidan Henry B. Eyring1

Nou envite w pou w kòmanse nouvo apèl ou a avèk tout sipò ak enfliyans Senyè a mete disponib pou ou. Sa kapab fèt nan aksepte de envitasyon pou aji sa yo.

Premyèman, priye. Priye pou moun w ap dirije yo. Priye pou moun w sèvi yo. Priye pou opòtinite, konpreyansyon, ak benediksyon souvan. Apiye w sou Senyè a ak tout fòs ou, epi L ap beni w nan apèl ou a.

Dezyèman, fè yo soutni w epi mete w apa pou nouvo apèl ou a. Etap enpòtan sa a ap ba ou otorite prètriz pou w aji nan apèl ou a. Atravè otorite sa a, ou ka resevwa benediksyon ak enspirasyon ki gide pa Lespri a pou moun w ap dirije ak sèvi yo.

Kontinye al nan seksyon Responsabilite a pou w ka wè yon apèsi sou apèl ou a.

  1. Mete w nan Nivo Apèl Ou a,” Ensign, Nov. 2002, 78.

Enprime