Music
Responsablite


Imaj
yon fi k ap dirije koral

Apèl mwen kòm yon Akonpayatè Koral Pawas

Responsablite

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a, w ap jwenn yon rezime sou responsabilite konsènan apèl ou a.

Objektif Mizik nan Legliz la

Mizik sakre ogmante lafwa nan Jezikri. Li envite Lespri a epi li anseye doktrin. Li kreye yon santiman reverans, li ini manm yo, epi li bay yon fason pou adore Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri tou. Senyè a te deklare: “Nanm mwen pran plezi nan chan kè a” (Doktrin ak Alyans 25:12). (Gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 19.1.)

Akonpayatè Koral Pawas

Akonpayatè Koral Pawas la ede manm pawas yo ogmante lafwa yo nan Jezikri atravè mizik sakre. Li prepare mizik prelid ak postlid ak akonpayman pou kantik yo pandan reyinyon sentsèn ak nan lòt reyinyon pawas yo, si yo mande li. Lè sa nesesè, akonpayatè a kapab akonpaye koral la oswa sèvi kòm pyanis nan Primè tou. (Gade 38.8.27.9).

Mizik pou Reyinyon Legliz yo

“Mizik enspiran se yon pati esansyèl nan reyinyon legliz nou yo” (Cantiques, Prefas Premye Prezidans lan). Seleksyon mizikal yo ta dwe anseye levanjil la avèk pouvwa ak klate (gade 19.3.1).

Mizik pou Reyinyon Sentsèn

Mizik nan reyinyon sentsèn yo gen ladan yo kantik pou kongregasyon an chante pou ouvri ak fèmen reyinyon an ak anvan distribisyon Sentsèn nan. Reyinyon Sentsèn nan kapab gen ladan tou youn oswa plis kantik oswa prezantasyon mizikal. Nou ka itilize kantik oswa lòt seleksyon mizikal sakre pou mizik prelid ak postlid, mizik koral, ak prezantasyon solo oswa ti gwoup. (Gade nan 19.3.2.)

Fòmasyon ak Resous

Pou plis detay sou fòmasyon sou mizik, gade seksyon 19.6 nan Manyèl Jeneralla. Si pa gen okenn moun pou akonpaye mizik la ki disponib pou reyinyon pawas yo, gade seksyon 19.4.3.2 pou jwenn akonpayman anrejistre.

Direksyon ak Règleman

Pou plis règleman ak direksyon, tankou jwenn mizik, itilize enstriman chapèl yo pou pratik, oswa koral nan kominote a, gade seksyon 19.7 nan Manyèl Jeneral la.

Enprime