Music
Responsablite


Imaj
yon fi ki ap dirije koral

Apèl mwen kòm yon Kowòdonatè Mizik Pawas

Responsablite

Senyè a rekonesan pou dispozisyon w pou w sèvi nan Legliz Li a. Anba la a, w ap jwenn yon apèsi sou responsablite pou apèl ou a.

Objektif Mizik nan Legliz la

Mizik sakre ogmante lafwa nan Jezikri. Li envite Lespri a epi li anseye doktrin. Li kreye yon santiman reverans, li ini manm yo, epi li bay yon fason pou adore Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri tou. Senyè a te deklare: “Nanm mwen pran plezi nan chan kè a” (Doktrin ak Alyans 25:12). (Gade Manyèl Jeneral: Sèvi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, 19.1.

Kowòdonatè Mizik Pawas

Kowòdonatè mizik pawas yo ede manm pawas yo ogmante lafwa ak adorasyon Papa nou ki nan Syèl la ak nan Jezikri atravè mizik sakre. Yo sèvi sou direksyon evèk la. Kowòdonatè mizik pawas yo se yon resous pou evèk la ak lòt dirijan pawas yo sou zafè mizik. Kowòdonatè mizik yo ka asiste reyinyon konsèy pawas yo lè evèk la mande sa. (Gade nan 19.4.2.)

Mizik pou Reyinyon Legliz yo

“Mizik enspiran se yon pati esansyèl nan reyinyon legliz nou yo” (Cantiques, Prefas Premye Prezidans lan). Seleksyon mizikal yo ta dwe anseye levanjil la avèk pouvwa ak klate (gade 19.3.1).

Mizik pou Reyinyon Sentsèn

Mizik nan reyinyon sentsèn yo gen ladan yo kantik pou kongregasyon an chante pou ouvri ak fèmen reyinyon an ak anvan administrasyon Sentsèn nan. Reyinyon Sentsèn kapab gen ladan tou youn oswa plis kantik oswa prezantasyon mizikal. Kantik oswa lòt seleksyon mizikal sakre yo ka itilize pou mizik prelid ak postlid, koral, ak solo oswa prezantasyon ti gwoup. (Gade nan 19.3.2.)

Fòmasyon ak Resous

Kowòdonatè mizik pawas yo rekòmande ak oryante manm yo pou sèvis nan apèl mizik pawas yo. Yo ofri sipò ak enstriksyon epi sipèvize fòmasyon mizik jan sa nesesè. (Gade19.6.) Si pa gen okenn moun ki disponib pou akonpaye mizik la pou reyinyon pawas yo, gade seksyon 19.4.3.2 nan Manyèl Jeneral la pou jwenn aksè nan akonpayman anrejistre yo.

Direksyon ak Règleman

Pou plis règleman ak direksyon, tankou jwenn mizik, itilize enstriman chapèl pou pratik, oswa koral kominotè, gade seksyon 19.7 nan Manyèl Jeneralla.

Enprime