Chapit 8
Lamanit yo rapousuiv e yo detwi Nefit yo—Liv Mòmon an pral parèt avèk pouvwa Bondye—Malediksyon ap tonbe sou moun ki pale mal e ki fè tripotaj sou pawòl Senyè a—Rejis Nefit yo pral parèt nan jou mechanste, dejeneresans, ak apostazi. Anviwon 400–421 apre Jezikri.
1 Gade, mwen Mowoni, m fini rejis papa m nan, Mòmon. Gade, m gen sèlman kèk bagay pou m ekri, kèk bagay papa m te kòmande m pou m ekri.
2 Epi kounyeya, se te konsa, apre gwo batay terib nan Kimora a, gade, Lamanit yo te chase Nefit yo ki te chape al nan peyi Sid la jistan yo tout te detwi.
3 Epi yo te touye papa m tou, e m te menm rete pou kont mwen pou m ekri istwa tris destriksyon pèp mwen an. Men gade, yo te pati, e m akonpli kòmandman papa m nan. Epi m pa konnen si yo p ap touye m.
4 Konsa, m ap ekri, epi m ap kache rejis yo anba tè a; e nenpòt kote m ale, sa pa fè anyen.
5 Gade, papa m te fè rejis sa a e li te ekri rezon an. Epi gade, m ta ekri l tou si m te gen plas sou plak yo, men, m pa genyen; e m pa gen onkenn metal, paske m pou kont mwen. Papa m te mouri nan batay, ak tout fanmi m tou, e m pa gen zanmi ni kote pou m ale; e m pa konnen konbyen tan Senyè a ap kite m viv.
6 Gade, kat san ane te pase depi Senyè a, Sovè nou an te vini.
7 Epi gade, Lamanit yo te chase pèp mwen an, Nefit yo, depi nan yon vil jouk nan yon lòt, depi nan yon kote jouk nan yon lòt, jistan yo pa t la ankò; e yo te tonbe fò; wi, destriksyon pèp mwen an, Nefit yo, te yon gwo mèvèy.
8 Epi gade, se men Senyè a ki te fè l. Epi gade, Lamanit yo nan lagè youn avèk lòt; e tout tè sa a se yon chenn asasina ak masak; e pèsonn pa konnen finisman lagè a.
9 Epi kounyeya, gade m p ap di plis konsènan yo, paske pa gen pèsonn, eksepte Lamanit yo ak vòlè yo ki egziste sou sifas tè a.
10 Epi pa gen pèsonn ki konnen vrè Bondye a, eksepte disip Jezi yo, ki te rete nan peyi a jistan mechanste pèp la te tèlman gwo, Senyè a pa t ap kite yo rete avèk pèp la; e pèsonn pa konnen si yo sou sifas tè a.
11 Men gade, papa m ak mwen, nou te wè yo, e yo te preche nou.
12 Epi nenpòt moun ki resevwa rejis sa a, e ki pa kondane l poutèt enpèfeksyon ki ladan l, moun sa a ap konnen pi gwo bagay pase bagay sa yo. Gade, m se Mowoni; e si sa te posib m ta p fè w konnen tout bagay.
13 Gade, m sispann pale konsènan pèp sa a. M se pitit gason Mòmon an, e papa m te yon desandan Nefi.
14 Epi se mwen menm ki te kache rejis sa a nan Senyè a; plak yo pa gen okenn pri, poutèt kòmandman Senyè a. Paske, li te reyèlman di pèsonn pa kapab pran yo pou enterè pèsonèl; men ekriti ki sou yo a gen anpil valè; e nenpòt moun ki pibliye l Senyè a ap beni l.
15 Paske pèsonn pa kapab gen pouvwa pou pibliye l si Bondye pa ba li l; paske Bondye vle pou sa fèt sèlman pou laglwa l, oubyen pou byen pèp alyans Senyè a ki te gaye pandan lontan an.
16 Epi yon moun k ap pibliye bagay sa a, l ap beni; paske l ap soti nan fènwa pou l vin nan limyè, daprè pawòl Bondye; wi, l ap sòti anba tè a, e l ap klere nan fènwa a, e pèp l ap vin konnen l; e se pouvwa Bondye k ap fè sa.
17 Epi si gen fòt se va fòt yon nonm. Paske gade, nou pa konn afè fot; men, Bondye konn tout bagay; se poutèt sa moun ki kritike, pito li pran prekosyon l pou l pa anba danje dife lanfè.
18 Epi yon moun ki di konsa: montre m sinon n ap mouri—se pou l pran prekosyon pou l pa kòmande yon bagay Senyè a defann.
19 Paske gade, yon moun ki fè move jijman ap tonbe anba move jijman tou; paske se daprè zèv li yo l ap rekonpanse; se poutèt sa, moun ki frape, Senyè a ap frape l tou.
20 Gade sa, ekriti yo di lòm pa dwe frape, ni jije; paske Senyè a di, jijman se pou mwen, e vanjans se pou mwen tou e m ap bay pinisyon.
21 Epi moun ki pale mal ak medizans kont pawòl Senyè a ak kont pèp alyans Senyè a ki se kay Izrayèl la, e ki di: N ap detwi zèv Senyè a, e Senyè a p ap sonje alyans li te fè avèk kay Izrayèl la—moun sa a ap nan danje pou l rache e jete l nan dife;
22 Paske bi etènèl Senyè a ap mache jistan pwomès li yo akonpli.
23 Fouye pwofesi Ezayi yo. Gade m pa kapab ekri yo. Wi, gade m di nou sen sa yo ki te mouri anvan m yo, ki te posede tè sa a, pral leve vwa yo sòti nan pousyè tè a menm, vwa yo pral leve jwenn Senyè a; e menm jan Senyè a vivan an, l ap sonje alyans li te fè avèk yo.
24 Epi, li konnen priyè yo ki te an favè frè yo. Epi li konnen lafwa yo, paske yo te kapab deplase montay nan non l; e yo te kapab fè tè a souke nan non l; e avèk pouvwa pawòl li, yo te fè prizon yo tonbe atè a, wi, menm founo dife pa t kapab fè yo anyen, ni bèt sovaj, ak sèpan pwazonnen, poutèt pouvwa pawòl li.
25 Epi gade, priyè yo te an favè moun Senyè a ta p aksepte pou pibliye bagay sa yo.
26 Epi pèsonn pa bezwen di yo p ap vini, yo pral vini kanmèm, paske Senyè a te di sa; paske yo pral vin soti anba tè a, avèk men Senyè a, e pèsonn pa kapab rete l; e li pral vini nan yon jou lè moun ap di pa gen mirak ankò; e li pral vini tankou se yon moun mouri k ap pale.
27 Epi li pral vini nan yon jou lè san sen yo ap monte jwenn Senyè a, poutèt konbinezon sekrè ak zèv tenèb yo.
28 Wi, li pral vini nan yon jou lè moun ap nye pouvwa Bondye, e legliz yo ap vin kowonpi e gonfle kè yo avèk lògèy; wi, nan yon jou, lè dirijan legliz yo ak profesè yo leve avèk lògèy nan kè yo, jistan y ap anvye moun ki nan legliz yo.
29 Wi, l ap vini nan yon jou lè moun pral tande nouvèl dife, ak tanpèt, ak vapè lafimen nan peyi etranje;
30 Epi tou moun pral tande konsènan lagè, bri lagè, ak tranbleman tè nan anpil kote.
31 Wi, li pral vini nan yon jou lè ap gen anpil salte sou sifas tè a; ap gen asasina ak vòl, ak manti, ak desepsyon, ak imoralite, ak tout kalite abominasyon; lè ap gen anpil moun k ap di, fè isit oubyen fè lòtbò, epi pa gen pwoblèm, paske Senyè a pral aksepte sa nan dènye jou a. Men, malè pou moun konsa, paske yo nan mitan yon fyèl anmè epi yo anba kòd inikite.
32 Wi, li pral vini nan yon jou lè ap gen legliz òganize, k ap di konsa: Vin jwenn mwen, e m ap padone peche ou yo pou lajan.
33 Ou menm, pèp mechan, pèvèti, ak kou rèd, poukisa ou òganize legliz pou tèt pa w pou enterè pèsonèl? Poukisa ou transfòme pawòl sen Bondye a, pou w kapab rale kondanasyon sou nanm ou? Gade, obsève revelasyon Bondye yo; paske reyèlman tan an pral rive pou bagay sa yo akonpli.
34 Gade, Senyè a te montre m gran bagay mèveye konsènan sa ki gen pou fèt pwochènman nan pami nou.
35 Gade, m ap pale w kòmsi nou te la kounyeya, men nou pa t la. Men gade, Jezikri te fè m wè nou epi m konnen zèv nou.
36 Epi m konnen n ap mache nan lògèy kè nou; e pa gen pèsonn, eksepte kèk moun sèlman ki pa gonfle avèk lògèy nan kè yo, ki pa abiye pou bèl aparans, ki pa gen anvi, ak vis, ak koken, ak pèsekisyon ak tout kalite inikite; e legliz nou yo, wi, yo tout, vin sal poutèt lògèy kè nou.
37 Paske gade, nou renmen lajan, ak byen nou yo, ak bèl aparans nou yo, ak dekorasyon legliz nou yo plis pase pòv yo ak moun yo ki nan bezwen yo, ak moun ki malad, epi ak moun ki aflije.
38 Nou menm salte yo, nou menm ipokrit yo, nou menm anseyan yo ki vann tèt nou pou bagay k ap pouri, poukisa nou sal legliz sen Bondye a? Poukisa nou wont pote non Kris la sou tèt nou? Poukisa nou pa panse valè bonè san fen an pi gran pase mizè ki p ap janm mouri a—poutèt louwanj mond lan?
39 Poukisa nou livre tèt nou nan bagay ki pa gen lavi, epi nou kite moun grangou ak moun ki nan bezwen, ak moun toutouni, ak moun malad, ak moun ki aflije yo pase bò kote nou san nou pa wè yo?
40 Wi, poukisa nou òganize abominasyon ansekrè pou enterè pèsonèl, epi nou fè vèv yo jemi devan Senyè a, epi òfelen yo jemi devan Senyè a, ak san papa yo, ak san mari yo kriye soti nan tè a, rive jwenn Senyè a pou vanjans tonbe sou tèt nou?
41 Gade, epe vanjans la pandye sou tèt nou; e tan an pral vini talèkonsa pou l vanje san sen yo sou tèt nou, paske li p ap kite yo kriye pou pi lontan.