Konbinezon sekrè Gade tou nan Kayen; Vòlè Gadyanton yo Yon òganizasyon moun ki lye ansanm avèk sèman pou yo akonpli move objektif gwoup la. Papa manti yo atize pitit lèzòm nan konbinezon sekrè, 2 Ne. 9:9. M dwe detwi zèv tenèb sekrè yo, 2 Ne. 10:15. Jijman Bondye yo te tonbe sou pratikan konbinezon sekrè sa yo, Alma 37:30. Gadyanton te reyalize destriksyon prèske tout pèp Nefi a, Ela. 2:4–13. Satan te pale nan kè pèp la pou yo fòme sèman ak alyans sekrè, Ela. 6:21–31. Senyè a pa travay nan konbinezon sekrè, Etè 8:19. Nasyon ki pratike konbinezon sekrè, y ap detwi, Etè 8:22–23. Yo te rejte tout pawòl pwofèt yo, poutèt sosyete sekrè yo, Etè 11:22. Depi nan epòk Kayen an te gen yon konbinezon sekrè, Moyiz 5:51.