Kris (yon mo Grèk) ak Mesi (yon mo Ebre) vledi “wen an.” Jezikri se Premyene lespri Papa a (Ebre 1:6 ; D&A 93:21 ). Li se Sèl Pitit Literal Papa a nan lachè (Jan 1:14 ; 3:16 ). Li se Jewova (D&A 110:3–4 ) epi Li te preòdone nan gran apèl Li a anvan kreyasyon mond lan. Sou direksyon Papa a, Jezi te kreye tè a avèk tout sa ki sou li (Jan 1:3, 14 ; Moyiz 1:31–33 ). Mari te fè L nan Bètleyèm, Li te viv yon lavi san peche, epi Li te fè yon ekspyasyon pafè pou peche tout limanite lè san L te koule ak lè L te bay lavi L sou kwa a (Mat. 2:1 ; 1 Ne. 11:13–33 ; 3 Ne. 27:13–16 ; D&A 76:40–42 ). Li te leve pami mò yo, konsa Li te asire rezirèksyon final pou tout limanite. Gras a Ekspyasyon ak Rezirèksyon Jezi a, moun ki repanti nan peche yo epi ki obeyi kòmandman Bondye yo kapab viv etènèlman avèk Jezi ak Papa a (2 Ne. 9:10–12 ; 21–22 ; D&A 76:50–53, 62 ).
Jezikri se pi gran Èt vivan ki te fèt sou tè sa a. Lavi Li se yon egzanp pafè ki montre kòman tout limanite ta dwe viv. Tout priyè, tout benediksyon ak tout òdonans prètriz ta dwe fèt nan non L. Li se Senyè tout Senyè yo, Wa tout wa yo, Kreyatè, Sovè, ak Bondye tout tè a.
Jezikri pral retounen sou tè a ankò nan pouvwa ak laglwa pou L reye sou tè a pandan Milenyòm nan. Nan dènye jou a, L ap jije tout limanite (Alma 11:40–41 ; M—JS 1 ).
Rezime lavi l (nan lòd siksesif)
Prediksyon nesans ak misyon Jezi te fèt, Lik 1:26–38 (Eza. 7:14 ; 9:6–7 ; 1 Ne. 11 ).
Te fèt, Lik 2:1–7 (Mat. 1:18–25 ).
Te sikonsi, Lik 2:21 .
Te prezante nan tanp, Lik 2:22–38 .
Wa maj yo te vizite l, Mat. 2:1–12 .
Jozèf ak Mari te sove ale nan Ejip avèk li, Mat. 2:13–18 .
Yo te mennen li Nazarèt, Mat. 2:19–23 .
Te vizite tanp lan lè l te gen douz ane, Lik 2:41–50 .
Te gen frè ak sè, Mat. 13:55–56 (Mak 6:3 ).
Te batize, Mat. 3:13–17 (Mak 1:9–11 ; Lik 3:21–22 ).
Dyab la te tante l, Mat. 4:1–11 (Mak 1:12–13 ; Lik 4:1–13 ).
Te chwazi disip li yo, Mat. 4:18–22 (Mat. 9:9 ; Mak 1:16–20 ; 2:13–14 ; Lik 5:1–11, 27–28 ; 6:12–16 ; Jan 1:35–51 ).
Te otorize Douz yo, Mat. 10:1–4 (Mak 3:13–19 ; Lik 6:12–16 ).
Te fè Diskou sou mòn nan, Mat. 5–7 .
Te predi lanmò pa l ak rezirèksyon l, Mat. 16:21 (Mat. 17:22–23 ; 20:17–19 ; Mak 8:31 ; 9:30–32 ; 10:32–34 ; Lik 9:22 ; 18:31–34 ).
Te transfigire, Mat. 17:1–9 (Mak 9:2–8 ; Lik 9:28–36 ).
Te voye Swasanndis yo, Lik 10:1–20 .
Te antre nan Jerizalèm avèk triyonf, Mat. 21:1–11 (Mak 11:1–11 ; Lik 19:29–40 ; Jan 12:12–15 ).
Te tabli sentsèn nan, Mat. 26:26–29 (Mak 14:22–25 ; Lik 22:19–20 ).
Te soufri epi te priye nan Jetsemane, Mat. 26:36–46 (Mak 14:32–42 ; Lik 22:39–46 ).
Yo te trayi l, yo te arete l, epi yo te abandone l, Mat. 26:47–56 (Mak 14:43–53 ; Lik 22:47–54 ; Jan 18:2–13 ).
Yo te krisifye l, Mat. 27:31–54 (Mak 15:20–41 ; Lik 23:26–28, 32–49 ; Jan 19:16–30 ).
Te resisite, Mat. 28:1–8 (Mak 16:1–8 ; Lik 24:1–12 ; Jan 20:1–10 ).
Te parèt apre rezirèksyon l, Mat. 28:9–20 (Mak 16:9–18 ; Lik 24:13–48 ; Jan 20:11–31 ; Tra. 1:3–8 ; 1 Kor. 15:5–8 ).
Te monte nan syèl, Mak 16:19–20 (Lik 24:51–53 ; Tra. 1:9–12 ).
Aparisyon Kris la apre lanmò l
Lè Jezi te resisite, li te parèt devan Mari, Mak 16:9 (Jan 20:11–18 ).
Jezi te mache epi li te pale avèk de nan disip li yo sou wout Emayis la, Lik 24:13–34 .
Jezi te parèt devan Apot yo, yo te manyen men l yo ak pye l yo, Lik 24:36–43 (Jan 20:19–20 ).
Jezi te parèt devan Toma, Jan 20:24–29 .
Jezi te parèt devan disip yo bò lanmè Tiberyas la, Jan 21:1–14 .
Jezi te administre pou karant jou apre rezirèksyon l, Tra. 1:2–3 .
Etyèn te wè Jezi kanpe bò kote dwat Bondye, Tra. 7:55–56 .
Jezi te parèt devan Sayil, Tra. 9:1–8 (TJS, Tra. 9:7 ; Tra. 26:9–17 ).
Plis pase 500 moun te wè Kris la, 1 Kor. 15:3–8 .
Joseph Smith ak Sidney Rigdon te wè Jezi bò kote dwat Bondye, D&A 76:22–23 .
Joseph Smith ak Oliver Cowdery te wè Senyè a nan Tanp Kirtland nan, D&A 110:1–4 .
M te ba w yon egzanp, Jan 13:15 .
M se chemen an, verite a ak lavi a, Jan 14:6 .
Kris la te soufri tou pou nou, li te kite yon egzanp, pou w suiv tras la, 1 Pyè 2:21 .
Si yon moun pa suiv egzanp Pitit Gason Bondye vivan an, li pa kapab sove, 2 Ne. 31:16 .
M ta vle w vin pafè menm jan avèk mwen, 3 Ne. 12:48 .
Se sa pou w fè, menm jan m te fè a, 3 Ne. 18:6 .
M te trase yon egzanp pou ou, 3 Ne. 18:16 .
Zèv ou te wè m fè a, se li w dwe fè tou, 3 Ne. 27:21, 27 .
Vrè disip Jezikri y ap menm jan avèk li, Mowo. 7:48 .
Egzistans Premòtèl Kris la
Nan kòmansman, Pawòl la te avèk Bondye. Epi Pawòl la te gen yon kò, epi li te rete nan pami nou, Jan 1:1, 14 (1 Jn. 1:1–3 ).
Anvan Abraram te fèt m te egziste, Jan 8:58 .
Glorifye m avèk glwa m te genyen avè w anvan mond lan te egziste, Jan 17:5 .
Ezayi te wè Redanmtè mwen an tout bon menm jan mwenmenm ak frè m nan, Jakòb te wè l la, 2 Ne. 11:2–3 .
Demen m ap vin nan mond lan, 3 Ne. 1:12–14 .
Kris te egziste anvan mond lan kòmanse, 3 Ne. 26:5 (Jan 6:62 ).
Menm jan m parèt devan w nan se konsa m pral parèt devan pèp mwen an avèk kò m, Etè 3:14–17 .
Pitit Gason Byenneme m nan, ki te Byenneme m nan epi ki te Chwazi depi nan kòmansman, Moyiz 4:2 .
Senyè a te di: Kiyès m ap voye? Epi youn te reponn tankou Pitit Gason Lòm nan: Men mwen, voye m, Abr. 3:27 .
Pitit Gason Lòm nan pral vini nan glwa Papa l, Mat. 16:27 .
Glorifye m avèk glwa m te genyen avè w anvan mond lan te kreye a, Jan 17:5 .
Sen Izrayèl la dwe gouvène avèk gran glwa, 1 Ne. 22:24 .
Nou te gen espwa nan glwa li, Jakòb 4:4 .
Pitit Gason Bondye a ap vini nan glwa li, Alma 5:50 .
Li te esplike tout bagay, depi nan kòmansman jis nan tan pou l te vini nan glwa li a, 3 Ne. 26:3 .
Gouvènman Milenyòm Kris la
Jezi te preche tankou yon moun ki gen otorite, Mat. 7:28–29 (Mak 1:22 ).
Pitit Gason Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche, Mat. 9:6 .
Jezi te kòmande lespri sal yo avèk otorite epi yo te obeyi l, Mak 1:27 (Lik 4:33–36 ).
Jezi te òdone douz pou yo gen pouvwa, Mak 3:14–15 .
Pawòl Jezi te avèk pouvwa l, Lik 4:32 .
Papa te remèt tout jijman nan men Pitit Gason an, Jan 5:22, 27 .
Bondye te wen Jezi avèk Sentespri a epi avèk pouvwa, Tra. 10:38 .
Kris la te preòdone anvan fondasyon mond lan, 1 Pyè 1:20 (Etè 3:14 ).
Kris la gen kle lanfè ak lanmò, Apok. 1:18 .
Tout moun vin depann sou Kris, 2 Ne. 9:5 .
Jezikri, Pitit Gason Bondye a, se Papa syèl la ak tè a, Kreyatè tout bagay depi nan kòmansman, Ela. 14:12 .
Pran non Jezikri avèk nou
Pa gen okenn lòt non ki kapab sove nou, Tra. 4:12 (2 Ne. 31:21 ).
Apot yo te rejwi poutèt yo te konsidere kòm diy pou soufri wont poutèt non li, Tra. 5:38–42 .
Se kòmandman li, Pou nou kwè nan non Pitit Gason li a, Jezikri, 1 Jn. 3:23 .
Temwaye pou w fè konnen ou vle pran non Kris la sou ou nan batèm, 2 Ne. 31:13 .
m ta vle w pran non Kris la sou ou, Mozya 5:6–12 (Mozya 1:11 ).
Nenpòt moun ki te vle pran non Kris la sou yo, yo te vin fè pati nan legliz Bondye a, Mozya 25:23 .
Tout moun ki te vrè kwayan Kris yo te pran non Kris la sou yo, Alma 46:15 .
Pòt syèl la louvri pou moun yo ki kwè nan non Jezikri, Ela. 3:28 .
Yon moun ki fidèl nan non m nan dènye jou a, l ap beni, Etè 4:19 .
Yo vle pran non Pitit Gason an sou yo, Mowo. 4:3 (D&A 20:77 ).
Pwofesi konsènan nesans ak lanmò Jezikri
Samyèl, Lamanit la te pwofetize yon jou, yon nuit, epi yon jou limyè; yon nouvo etwal; epi kèk lòt siy, Ela. 14:2–6 .
Samyèl, Lamanit la te pwofetize tenèb, loray ak zeklè, ak tranbleman tè, Ela. 14:20–27 .
Siy nesans Jezi yo te akonpli, 3 Ne. 1:15–21 .
Siy lanmò Jezi yo te akonpli, 3 Ne. 8:5–23 .
Temwayaj konsènan Jezikri
Pòl te temwaye pou fè konnen Jezi se Kris la, Tra. 18:5 .
Menm lespri malen yo te temwaye pou fè konnen yo te konnen Jezi, Tra. 19:15 .
Pèsonn pa kapab di Jezi se Senyè a san Sentespri a, 1 Kor. 12:3 .
Chak jenou pral pliye epi chak lang pral konfese Jezikri se Senyè a, Filip. 2:10–11 .
Nou pale konsènan Kris, nou rejwi nan Kris, nou preche konsènan Kris, nou pwofetize konsènan Kris, 2 Ne. 25:26 .
Liv Mòmon an la pou l konvenk Juif yo ak Janti yo Jezi se Kris la, 2 Ne. 26:12 (paj tit Liv Mòmon an ).
Pwofèt yo ak ekriti yo temwaye konsènan Kris la, Jakòb 7:11, 19 .
Chèche Jezi sa konsènan limenm pwofèt yo ak apot yo te pale epi yo te la, Etè 12:41 .
Nou te wè l epi nou te tande vwa a rann temwayaj li se Sèl Pitit Literal la, D&A 76:20–24 .
Sa se lavi etènèl—pou moun konnen Bondye ak Jezikri, D&A 132:24 .
Nou kwè nan Bondye Papa Etènèl la, ak Pitit Gason Li a, Jezikri, AL 1:1 .
Nou kwè Kris la pral gouvène pèsonèlman sou tè a, AL 1:10 .
Abèl te ofri premye nan betay li yo, Jen. 4:4 (Moyiz 5:20 ).
Pran sèl pitit gason w nan, Izarak, epi ofri l kòm sakrifis, Jen. 22:1–13 (Jakòb 4:5 ).
Senyè a te kòmande pitit Izrayèl yo pou yo sakrifye ti mouton ki san tach, Egz. 12:5, 21, 46 (Nonb 9:12 ; Jan 1:29 ; 19:33 ; 1 Pyè 1:19 ; Apok. 5:6 ).
Se pen Senyè a te ba w pou w manje, Egz. 16:2–15 (Jan 6:51 ).
Frape wòch, epi dlo ap soti ladann, pou pèp la kapab bwè, Egz. 17:6 (Jan 4:6–14 ; 1 Kor. 10:1–4 ).
Kabrit la pral pote inikite yo sou tèt li, Lev. 16:20–22 (Eza. 53:11 ; Mozya 14:11 ; 15:6–9 ).
Moyiz te leve yon sèpan eren pou sove moun ki gade l yo, Nonb 21:8–9 (Jan 3:14–15 ; Alma 33:19 ; Ela. 8:14–15 ).
Jonas te nan vant pwason an pandan twa jou, Jonas 1:17 (Mat. 12:40 ).