Rayi, rayiman Gade tou nan Inimitye; Lanmou, renmen; Vanjans Hèn se yon gwo desagreman pou yon moun oubyen pou yon bagay. Mwenmenm, Bondye, m pini inikite papa yo sou piti ki rayi m, Egz. 20:5. Sis bagay sa yo Senyè a rayi, Pwov. 6:16. Yon nonm fou meprize manman l, Pwov. 15:20. Lèzòm rejte l epi meprize l, Eza. 53:3. Fè byen pou moun ki rayi w, Mat. 5:44. Oubyen l rayi youn, epi l renmen lòt; oubyen l kenbe youn, epi meprize lòt, Mat. 6:24. Tout moun ap rayi nou akoz non mwen, Mat. 10:22. Nenpòt moun ki fè sa ki mal rayi limyè, Jan 3:20. Pa kite okenn moun meprize jenès ou, 1 Tim. 4:12. Paske yo rich, yo meprize pòv la, 2 Ne. 9:30. Pa meprize revelasyon Bondye yo, Jakòb 4:8. Yo rayi nou tou tan, Jakòb 7:24. Lèzòm meprize konsèy ak pawòl Bondye yo, D&A 3:7. Yo te rayi m e yo te pèsekite m poutèt mwen te fè yon vizyon, I—JS 1:25.