Ofanse Lè yon moun vyole yon lwa diven, fè peche, oubyen lakoz malèz oubyen domaj; epi tou deplè oubyen annwiye. Li pi difisil pou kalme yon frè ki te ofanse pase yon vil fò, Pwov. 18:19. Si je dwat ou ofanse w, rache l jete, Mat. 5:29. Nenpòt moun ki ofanse youn nan timoun piti sa yo ki kwè nan mwen an, li t ap pi bon si li ta nwaye nan lanmè a, Mat. 18:6 (D&A 121:19–22). Si frè w oubyen sè w ofanse w epi li konfese, ou dwe rekonsilye, D&A 42:88. Lèzòm pa ofanse Bondye nan anyen, eksepte moun ki pa konfese prezans li epi ki pa obeyi kòmandman l yo, D&A 59:21.