Manman Gade tou nan Èv; Fanmi; Paran yo Yon tit sakre ki bay kòm referans yon fi ki fè oubyen ki adopte timoun. Manman yo bay asistans nan plan Bondye a lè yo bay pitit espirityèl Bondye yo kò mòtèl. Adan te rele madanm li Èv, paske li se manman tout vivan yo, Jen. 3:20 (Moyiz 4:26). Onore papa w ak manman w, Egz. 20:12 (Efe. 6:1–3; Mozya 13:20). Pa bliye lwa manman, Pwov. 1:8. Yon moun ki sòt, li meprize manman l, Pwov. 15:20 (Pwov. 10:1). Pa meprize manman w lè l granmoun, Pwov. 23:22. Pitit li yo ak mari li leve epi yo di l li beni epi mari l louwe l, Pwov. 31:28. Manman Jezi te kanpe bò kwa a, Jan 19:25–27. De mil sòlda Lamanit te aprann nan men manman yo, Alma 56:47 (Alma 57:21). Èv, Manman gloriye nou an te nan pami gran lespri fò yo Senyè a te enstwi nan mond dèzespri a, D&A 138:38–39.