Matirize, mati Yon moun ki pito bay lavi l tan pou l ta abandone Kris la, levanjil la, oubyen kwayans jis li ak prensip li yo. Tout san jis yo depi nan Abèl jis nan Zakari pral temwaye kont mechan yo, Mat. 23:35 (Lik 11:50). Nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt Kris la ak levanjil la, l ap sove l, Mak 8:35 (D&A 98:13). Epi yo te lapide Etyèn avèk kout wòch, Tra. 7:59 (Tra. 22:20). Kote ki gen yon temwayaj, dwe gen lanmò moun ki temwaye a, Ebre 9:16–17. Abinadi te tonbe, li te mouri nan dife, Mozya 17:20. Yo te voye Amoniyayit konvèti yo nan dife, Alma 14:8–11. Anpil te mouri poutèt yo te temwaye konsènan bagay sa yo, 3 Ne. 10:15. Nenpòt moun ki bay lavi l nan koz mwen, l ap gen lavi etènèl, D&A 98:13–14. Joseph ak Hyrum Smith te pase anba mati pou Retablisman levanjil la, D&A 135. Joseph Smith te sele temwayaj la avèk san li, D&A 136:39.