Responsab, responsablite Gade tou nan Lib abit Senyè a te di konsa tout moun responsab pou motif pa yo, atitid yo, dezi yo ak aksyon yo. Laj responsablite a se laj lè timoun responsab pou aksyon pa yo, yo kapab fè peche epi yo kapab repanti. M ap jije chak moun daprè aksyon li, Ezek. 18:30. Y ap rann kont pou chak move pawòl, Mat. 12:36. Rann kont sou responsablite ou, Lik 16:2. Nou chak gen pou nou rann kont sou tèt pa nou bay Bondye, Wom. 14:12. Mò yo ap jije daprè zèv yo, Apok. 20:12. Pawòl nou, zèv nou ak panse nou ap kondane nou, Alma 12:14. Nou se jij tèt pa nou ni pou nou fè byen ni pou nou fè mal, Alma 41:7. Ou gen pèmisyon pou w aji pou tèt pa w, Ela. 14:29–31. Men sa w dwe anseye—repantans ak batèm pou tout moun ki responsab, Mowo. 8:10. Tout moun ki gen laj rezon dwe repanti epi batize, D&A 18:42. Satan pa kapab tante timoun piti jistan yo vin gen laj rezon devan m, D&A 29:46–47. Timoun dwe batize lè yo gen ywit an, D&A 68:27. Chak moun ap responsab pou peche pa l nan jou jijman an, D&A 101:78. Lèzòm gen privilèj pou yo konnen byen ak mal; se poutèt sa yo responsab pou tèt pa yo, Moyiz 6:56. Lèzòm ap pini pou pwòp peche pa yo, AL 1:2.